Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Levitik 13​:​1-59

SA K LADAN L

  • Lwa pou maladi lèp (1-46)

  • Lèp nan rad (47-59)

13  Jewova kontinye pale ak Moyiz ak Arawon, li di yo:  “Si yon gason gen yon kote nan po l* ki anfle, oswa si l gen yon kal sou po l oubyen yon tach sou po l ki ka tounen maladi lèp*+, yo dwe mennen l devan Arawon, prèt la, oswa devan youn nan pitit gason l yo ki prèt+.  Prèt la ap egzamine maladi li gen sou po l la. Si l wè plim ki nan kote ki malad la vin blan e l wè kote ki malad la pi fon pase rès po moun nan, se maladi lèp li ye. Prèt la ap egzamine maladi a e l ap fè konnen moun nan pa pwòp.   Sepandan, si tach ki sou po moun nan blan, men li pa pi fon pase rès po a e plim ki ladan l yo pa vin blan, prèt la ap fè moun ki malad la rete yon kote apa pou sèt jou+.  Nan setyèm jou a, prèt la ap egzamine moun nan ankò, si l wè kote ki malad la pa vin pi mal e maladi a pa gaye sou po moun nan, prèt la ap fè moun nan rete yon kote apa pou sèt jou ankò.  “Prèt la ap egzamine moun nan ankò sou setyèm jou a. Si kote ki malad la gen yon koulè ki pi nòmal e maladi a pa gaye sou po moun nan, prèt la ap fè konnen moun nan pwòp+. Se sèlman yon kal li te genyen sou po l. Apre sa, moun nan ap lave rad li e l ap pwòp.   Men, si apre prèt la fin di moun nan pwòp la, kal la* laji kò l sou po moun nan, moun nan dwe al devan prèt la yon lòt fwa ankò*.  Prèt la ap egzamine kal la. Si kal la laji kò l sou po moun nan, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se lèp li genyen+.  “Si yon gason vin gen maladi lèp, yo dwe mennen l devan prèt la. 10  Prèt la ap egzamine l+. Si gen yon kote nan po l ki anfle e ki tou blanch, si plim ki nan kote sa a vin blan e gen yon maleng+ nan kote ki anfle a, 11  se yon maladi lèp ki grav li gen sou po l. Prèt la ap fè konnen moun sa a pa pwòp. Li pap bezwen mete l yon kote apa+, paske, moun sa a pa pwòp.  12  Si lèp la gaye sou tout po moun nan nèt, si l kouvri moun nan depi nan tèt li rive nan pye l, dapre sa prèt la ka wè, 13  si prèt la egzamine moun nan e li wè lèp la kouvri tout po moun nan, l ap fè konnen moun nan pwòp*. Kòm tout po moun nan vin blan, li pwòp.  14  Men, depi moun nan gen maleng sou po l, moun nan pa pwòp.  15  Depi prèt la wè maleng nan, l ap fè konnen moun nan pa pwòp+. Maleng nan pa pwòp. Se lèp moun nan genyen+. 16  Men, si maleng nan vin blan ankò, l ap retounen kot prèt la. 17  Prèt la ap egzamine moun nan+. Si kote ki malad la vin blan, prèt la ap fè konnen moun ki malad la pwòp. Wi, li pwòp. 18  “Si yon moun gen yon klou sou po l e klou sa a geri, 19  men, kote klou a te ye a vin anfle e l vin blan oubyen vin gen yon tach blan ki yon ti jan wouj ki parèt kote klou a te ye a, li dwe al kot prèt la. 20  Prèt la ap egzamine l+. Si kote ki malad la parèt pi fon pase rès po l e si plim ki ladan l yo vin blan, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se maladi lèp ki parèt nan klou a. 21  Men, si prèt la egzamine l e l wè pa gen plim blan nan kote ki malad la, kote ki malad la pa pi fon pase rès po l e li wè li pèdi koulè, l ap fè moun nan rete yon kote ki apa pou sèt jou+. 22  Men, si li klè li gaye sou po l, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se maladi lèp li genyen. 23  Sepandan, si tach la rete yon sèl kote e li pa gaye sou po moun nan, se sèlman kote ki te gen klou a ki anfle. Lè sa a, prèt la ap fè konnen moun nan pwòp+. 24  “Si yon moun te boule nan dife e kote chè a parèt la vin gen yon tach blan ki yon ti jan wouj oubyen yon tach ki blan sèlman, 25  prèt la ap egzamine kote ki malad la. Si plim ki nan tach la vin blan e si tach la parèt pi fon pase rès po a, se lèp ki parèt nan kote moun nan te boule a. Prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se maladi lèp li genyen. 26  Men, si prèt la egzamine kote ki malad la e li wè plim ki nan tach la pa vin blan, tach la pa pi fon pase rès po a e li pèdi koulè, l ap fè moun nan rete yon kote apa pou sèt jou+. 27  Prèt la ap egzamine l sou setyèm jou a. Si li klè tach la gaye sou po moun nan, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se maladi lèp li genyen. 28  Sepandan, si tach la rete yon sèl kote, li pa gaye sou po moun nan e li pèdi koulè, se sèlman kote moun nan te boule a ki anfle. Lè sa a, prèt la ap fè konnen moun nan pwòp paske se kote moun nan te boule a ki anfle. 29  “Lè yon gason oswa yon fi gen yon pwoblèm nan po tèt li oubyen nan manton l, 30  prèt la ap egzamine kote ki malad la+. Si li pi fon pase rès po moun nan, e si cheve oswa bab ki ladan l yo vin jòn e yo vin fen, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se yon maladi li gen nan po tèt li oswa nan bab li. Se lèp li gen nan tèt oswa nan manton. 31  Men, si prèt la wè kote ki malad la pa parèt pi fon pase rès po a e li pa gen cheve nwa ladan l, prèt la ap fè moun ki malad la ret yon kote apa pou sèt jou+. 32  Prèt la ap egzamine kote ki malad la sou setyèm jou a, si kote ki malad la pa vin pi laj, si cheve ki ladan l yo pa vin jòn e si kote ki malad la pa vin pi fon pase rès po moun nan, 33  moun nan ap koupe tout cheve nan tèt li oswa tout bab li, men li pap koupe cheve oswa bab ki nan zòn ki malad la. Apre sa, prèt la ap fè moun ki malad la ret yon kote apa pou sèt jou. 34  “Prèt la ap retounen egzamine kote ki malad la sou setyèm jou a. Si maladi moun nan gen nan po tèt li a oswa nan bab li a pa gaye sou po l e si kote ki malad la pa vin pi fon pase rès po l, prèt la ap fè konnen moun nan pwòp. Moun nan ap lave rad li e l ap pwòp.  35  Men, si maladi a gaye aklè sou po l apre prèt la te fin di moun nan pwòp, 36  prèt la ap egzamine moun nan. Si maladi a gaye sou po l, prèt la pap menm bezwen gade si gen cheve jòn nan kote ki malad la. Moun nan pa pwòp.  37  Men, si lè prèt la egzamine moun nan, li wè maladi a pa gaye sou po l e cheve nwa pouse nan kote a, sa vle di maladi a geri. Moun nan pwòp, e prèt la ap fè konnen li pwòp+. 38  “Si yon gason oubyen yon fi gen tach ki parèt sou po l*, e si tach yo blan, 39  prèt la ap egzamine yo+. Si tach yo pa twò blan, se yon gratèl ki pa grav ki parèt sou po a. Moun sa a pwòp. 40  “Si yon gason pèdi cheve li gen nan tèt li e li vin chòv, sa pa vle di li pa pwòp.  41  Si li pèdi cheve ki devan tèt li e li vin chòv devan tèt la, sa pa vle di li pa pwòp.  42  Men, si l vin gen yon blese ki blan e ki yon ti jan wouj nan pati ki chòv la oswa nan fwon l, se lèp ki pete nan po tèt li oswa nan fwon l. 43  Prèt la ap egzamine moun nan. Si kote ki anfle e ki malad la blan e li yon ti jan wouj, kit li nan pati ki chòv ki nan mitan tèt moun nan, kit li nan fwon l, si li sanble ak lèp sou po l, 44  moun nan gen lèp. Li pa pwòp, e prèt la dwe fè konnen li pa pwòp poutèt maladi li gen nan po tèt li a. 45  Moun ki gen maladi lèp la dwe mete rad chire sou li, li dwe kite tèt li san penyen, li dwe kouvri moustach li e li dwe di byen fò: ‘Mwen pa pwòp! Mwen pa pwòp!’ 46  Pandan tout tan li fè ak maladi a, li pap pwòp. Kòm li pa pwòp, li dwe viv apa. L ap rete pa deyò kan an+. 47  “Si maladi lèp la ta kontamine yon rad, kit se yon rad ki fèt ak twal lenn oswa ki fèt ak twal len, 48  kit se fil ki fè lajè oswa fil ki fè longè twal len an oubyen twal lenn nan, kit se yon po bèt oswa kèlkeswa bagay ki fèt ak po a, 49  si maladi a fè yon tach ki jòn vèt oswa ki yon jan wouj parèt sou rad la, sou yon po bèt, sou fil ki fè lajè oswa longè yon twal oswa sou nenpòt bagay ki fèt ak po bèt, se lèp ki kontamine l. Se pou yo pote bagay la bay prèt la. 50  Prèt la ap egzamine maladi a e l ap mete bagay la yon kote apa pou sèt jou+. 51  Lè l egzamine maladi a nan setyèm jou a, si l wè l gaye nan rad la, nan fil ki fè lajè oswa ki fè longè twal la, si l wè l gaye nan po a (kèlkeswa sa yo fè ak po a), se yon lèp ki grav anpil e bagay sa a pa pwòp+. 52  L ap boule rad la oswa twal lenn nan oubyen twal len an, oswa nenpòt bagay ki fèt ak po bèt maladi a parèt ladan l lan, paske se yon lèp ki grav. Se pou l boule l nan dife. 53  “Men, si prèt la egzamine rad la, fil ki fè longè oswa lajè twal la oswa nenpòt bagay ki fèt ak po a, e li wè maladi a pa gaye ladan l, 54  lè sa a l ap bay lòd pou yo lave bagay ki kontamine a e l ap mete l yon kote apa pou sèt lòt jou. 55  Apre sa, prèt la ap egzamine bagay ki kontamine a apre yo fin lave l byen lave. Si kote ki kontamine a rete menm jan an, menmsi maladi a pa gaye nan bagay la, li pa pwòp. Ou dwe boule l, paske gen yon bagay ki manje l swa sou anndan, swa sou deyò. 56  “Men, si prèt la egzamine l apre yo fin lave l byen lave a e li wè pati ki kontamine a pèdi koulè, l ap retire pati sa a nan rad la oswa nan po a oswa nan twal la. 57  Men, si maladi a parèt nan yon lòt pati nan rad la oswa nan twal la oswa nan nenpòt bagay ki fèt ak po a, sa vle di se gaye l ap gaye ladan l. Ou dwe boule bagay ki kontamine a nan dife+. 58  Men, lè sa ki kontamine rad la oswa twal la oswa nenpòt bagay ki fèt ak po a disparèt apre w fin lave bagay la, se pou w lave bagay la yon dezyèm fwa e l ap vin pwòp. 59  “Lwa sa a se lwa ki konsène maladi lèp la, lè maladi sa a nan yon rad ki fèt ak lenn oswa ak len, oubyen nan yon twal oswa nan nenpòt bagay ki fèt ak po bèt, yon fason pou yo ka fè konnen si li pwòp oswa si li pa pwòp.”

Nòt anba paj

Lit.: “po chè li”.
Mo ebre lè yo tradui l yo mete “lèp” pou li a se yon mo ki gen plizyè sans e ki ka gen rapò ak plizyè maladi po ki trapan. Li kapab gen rapò tou ak kèk bagay ki kontamine rad ak kay.
Oswa: “maladi a”.
Oswa: “yon dezyèm fwa”.
Oswa: “moun nan pa ka bay maladi a”.
Lit.: “po chè li”.