Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Labib sou Entènèt | LABIB — TRADIKSYON MONN NOUVO A

Jan 4​:​1-54

SA K LADAN L

  • Jezi ap pale ak dam ki moun Samari a (1-38)

    • Adore Bondye “avèk lespri ak laverite” (23, 24)

  • Anpil Samariten met lafwa nan Jezi (39-42)

  • Jezi geri pitit gason yon ofisye (43-54)

4  Lè Seyè a vin konnen Farizyen yo te tande li gen plis disip pase Jan e li t ap batize+ plis moun pase l  (an reyalite, se pa Jezi li menm ki t ap batize moun yo, men se disip li yo ki t ap fè sa),  li kite Jide pou l tounen Galile.  Men, li te oblije pase pa Samari.  Se konsa, li vin rive nan yon vil nan Samari ki rele Sicha, ki toupre teren Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan+.  Anfèt, se la pi Jakòb la te ye+. Kòm vwayaj la te fè Jezi fatige, li chita arebò pi a*. Lè sa a, li te anviwon sizyèm èdtan* nan jounen an.  Gen yon dam, moun Samari, ki vin tire dlo. Jezi di l: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.”  (Disip li yo t al nan vil la pou y al achte bagay pou yo manje.)  Lè sa a, Samaritèn nan di l: “Kòman fè ou menm ki Juif, ou mande m dlo pou w bwè, alòske mwen se yon Samaritèn?” (Paske, Juif yo pa gen rapò ak Samariten yo+.) 10  Jezi reponn li, li di l: “Si w te konnen kado Bondye bay la+, e si w te konnen ki moun sa a ki di w: ‘Ban m yon ti dlo pou m bwè’ a, se ou menm ki ta mande l dlo, e li ta ba w dlo lavi a+.” 11  Dam nan di l: “Mesye, ou pa menm gen yon veso pou w tire dlo, e pi a fon. Ki kote w jwenn dlo lavi sa a? 12  Pi sa a se Jakòb, zansèt nou an, ki te ban nou l e ki te konn bwè ladan l ak tout pitit li yo ak tout bèt li yo. Èske w pi enpòtan pase Jakòb?” 13  Jezi reponn li, li di l: “Tout moun ki bwè dlo sa a ap swaf ankò. 14  Men, moun ki bwè dlo m ap ba li a pa gendwa janm swaf ankò+, okontrè, dlo m ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li, yon sous dlo k ap ponpe pou l bay lavi ki pap janm fini an+.” 15  Dam nan di l: “Mesye, ban m dlo sa a non, dekwa pou m pa swaf e pou m sispann vin tire dlo la a.” 16  Li di dam nan: “Al rele mari w, epi tounen vin la a.” 17  Dam nan reponn li, li di l: “Mwen pa gen mari.” Jezi di l: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18  Paske, ou pase senk mari, e moun w avè l kounye a, se pa mari w li ye. Sa w di a se laverite.” 19  Dam nan di l: “Mesye, mwen wè w se yon pwofèt+. 20  Zansèt nou yo te konn adore sou mòn sa a. Men nou menm, nou di se Jerizalèm moun dwe al adore+.” 21  Jezi di l: “Ou mèt kwè m madanm, lè a ap rive kote se pa ni sou mòn sa a, ni Jerizalèm nou pral adore Papa a. 22  N ap adore sa nou pa konnen+, men nou menm, n ap adore sa nou konnen, paske delivrans lan se nan Juif yo li soti+. 23  Men, lè a rive kounye a kote vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l+. 24  Bondye se yon Espri+, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite+.” 25  Dam nan di l: “Mwen konnen Mesi a ap vini, li menm yo rele Kris la. Kèlkeswa lè l vini an, l ap di nou tout bagay aklè.” 26  Jezi di l: “Se li menm k ap pale avè w la a+.” 27  Se nan moman sa a disip yo rive, e yo sezi poutèt li t ap pale avèk yon fi. Natirèlman, pa gen youn nan yo ki di: “Ki sa w bezwen?” oswa: “Poukisa w ap pale avèk fi sa a?” 28  Lè sa a, dam nan kite ja dlo l la, l al nan vil la e li di moun yo: 29  “Vin wè yon mesye ki di m tout sa m fè. Èske se pa ta li menm ki Kris la?” 30  Yo kite vil la e yo vin jwenn Jezi. 31  Pandan tan sa a, disip yo t ap plede di l: “Anseyan*+, manje non.” 32  Men, li di yo: “Mwen gen yon manje pou m manje, e manje sa a, nou pa konnen l.” 33  Lè sa a, disip yo di youn lòt: “Pèsonn pa t pot anyen ba l pou l manje, pa vre?” 34  Jezi di yo: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan+ e se fin fè travay li ban m fè a+. 35  Èske nou pa di rete kat mwa anvan rekòt la fèt? Gade! M ap di nou sa: Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la+. Depi kounye a, 36  y ap peye moun k ap rekòlte a sa yo dwe peye l, e l ap ranmase fwi pou lavi ki pap janm fini an, dekwa pou moun k ap simen an ka rejwi ansanm ak moun k ap rekòlte a+. 37  Nan sans sa a, sa pawòl la di a se verite: Yon moun ap simen e yon lòt ap rekòlte. 38  Mwen voye nou rekòlte sa nou pa t travay pou li. Lòt moun te travay di, e se nou menm ki benefisye travay yo a.” 39  Anpil Samariten nan vil sa a te met lafwa nan li poutèt temwayaj dam nan te bay lè l te di: “Li di m tout sa m fè+.” 40  Se sa k fè, lè Samariten yo vin jwenn li, yo mande l pou l rete avèk yo, e li rete la pandan de jou. 41  Kòm rezilta, plis moun toujou te vin kwè akoz sa l te di yo, 42  e yo te di dam nan: “Se pa sa w te di yo sèlman ki fè nou kwè kounye a, paske nou tande ak zòrèy nou, e nou konnen mesye sa a se sovè monn nan li ye toutbon+.” 43  Apre de jou sa yo, Jezi pati l al Galile. 44  Sepandan, se li menm ki te fè konnen yon pwofèt pa jwenn onè nan pwòp peyi l+. 45  Konsa, lè l rive Galile, kòm moun Galile yo tou t al nan fèt la+ e yo te wè tout bagay li te fè nan fèt la nan Jerizalèm+, yo te akeyi l. 46  Apre sa, l al Kana nan Galile, yon lòt fwa ankò, kote l te fè dlo tounen diven an+. Epi, te gen yon fonksyonè k ap travay pou wa a ki te gen pitit gason l Kapènawòm ki malad. 47  Lè mesye sa a tande Jezi soti Jide e li rive Galile, l al jwenn li e li mande l pou l desann vin geri pitit gason l lan, paske pitit la te prèske mouri. 48  Men, Jezi di l: “Toutotan nou pa wè mirak* ak mèvèy, nou pa gendwa kwè+.” 49  Fonksyonè k ap travay pou wa a di l: “Seyè, desann avè m anvan pitit mwen an mouri.” 50  Jezi di l: “Ou mèt ale, pitit gason w lan refè+.” Mesye a kwè pawòl Jezi di l la, epi l ale. 51  Men, pandan l sou wout pou l desann lakay li, esklav li yo vin rankontre l pou yo di l pitit gason l lan refè. 52  Lè sa a, li mande yo a ki lè pitit la te refè. Yo di l: “Lafyèv la tonbe yè, nan setyèm èdtan* nan jounen an.” 53  Papa a vin rann li kont se te lè sa a menm Jezi te di l: “Pitit gason w lan refè+.” Konsa, li menm ak tout moun lakay li vin kwè. 54  Se te dezyèm mirak+ Jezi te fè lè l te sot Jide e li t al Galile.

Nòt anba paj

Oswa: “arebò sous la”.
Vè midi.
Lit.: “Rabi”.
Lit.: “wè siy”.
Vè inè nan aprèmidi.