A B CH D E F G H I J K L M N O P R S T V W Z

A

  • Ab.

    Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Ab ki te non 5yèm mwa nan kalandriye Juif yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a, e se te 11yèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan jiyè pou l fini nan mitan out. Mo Ab la pa parèt nan Bib la, men lè y ap pale de “senkyèm mwa a”, se de li y ap pale (Nb 33:38; Esd 7:9). — Gade Apendis B15.

  • Abib.

    Se te premye mwa nan kalandriye Juif yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a, e se te non setyèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Abib vle di: “Zepi ki vèt”. Mwa sa a kòmanse nan mitan mas pou l rive nan mitan avril. Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, yo te vin rele mwa sa a Nizan (Dt 16:1). — Gade Apendis B15.

  • Absent.

    Kèk kalite plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò. Nan Bib la, yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik pou yo pale de move konsekans imoralite, esklavaj, bagay ki mal ak apostazi genyen. Nan Revelasyon 8:11, “absent” gen rapò ak yon bagay ki anmè e ki gen pwazon. — Pw 5:4, nòt; Am 5:7, nòt.

  • Achtorèt.

    Se yon deyès peyi Kanaran ki te madanm Baal. Se deyès lagè e se deyès ki swadizan pèmèt moun fè pitit. — 1Sa 7:3.

  • Ada.

    Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Ada ki te non 12yèm mwa nan kalandriye Juif yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a, e se 6yèm mwa nan kalandriye nòmal yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan fevriye pou l fini nan mitan mas (Est 3:7). — Gade Apendis B15.

  • Adès.

    Se yon mo grèk ki gen menm sans ak mo ebre “Cheyòl” la. Lè yo tradui l, yo mete “Tonm” ak “t” majiskil pou montre li se tonm ki la pou moun ki mouri ale a. — Gade TONM.

  • Adiltè.

    Yon gason marye oswa yon fi marye k al fè sèks ak yon moun li pa marye avè l. — Eg 20:14; Mt 5:27; 19:9.

  • Akanj.

    Li vle di: “Chèf zanj yo”. Lè nou konnen sa akanj vle di, e lè nou konnen mo sa a pa janm o pliryèl nan Bib la, sa montre se yon sèl akanj ki genyen. Bib la bay non akanj sa a, li fè konnen li rele Mikayèl. — Da 12:1; Jid 9; Re 12:7.

  • Akayi.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se te yon pwovens Women yo te genyen ki te nan sid peyi Lagrès, ki te gen vil Korent kòm kapital. Akayi te gen ladan l tou Peloponèz ak pati santral tèritwa peyi Lagrès (Tr 18:12). — Gade Apendis B13.

  • Alamòt.

    Se yon mo yo itilize nan domèn mizik ki vle di: “jèn fi”, petèt pou fè referans ak vwa soprano medam yo konn bay la. Sanble yo te itilize mo sa a pou fè referans  ak yon mizik oswa yon akonpayman mizik ki te dwe jwe sou nòt ki wo. — 1Kw 15:20, nòt; Sm 46:tèt.

  • Albat.

    Se non yon seri ti boutèy pafen ki te fèt ak yon kalite wòch yo te jwenn toupre Alabastron nan peyi Ejip. An jeneral, kou boutèy sa yo te fen e yo te konn met yon bouchon ladan yo pou yo pa pèdi menm yon ti gout nan pafen sa a ki gen anpil valè. Yo te vin rele wòch yo te konn fè boutèy sa yo albat tou. — Mk 14:3.

  • Alfa ak Omega.

    Se non premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la. Yo sèvi ak ekspresyon sa a twa fwa nan liv Revelasyon an kòm yon tit pou pale de Bondye. Nan kontèks sa yo, ekspresyon sa a vle di menm bagay ak “premye a ak dènye a” oswa “kòmansman an ak finisman an”. — Re 1:8; 21:6; 22:13.

  • Alyans.

    Se yon antant oswa yon kontra ant Bondye ak lèzòm, oswa ant de pati pou yo fè oswa pou yo pa fè yon bagay. Pafwa, se yon sèl pati ki te responsab pou l reyalize sa ki nan kontra a (se yon alyans kote yon sèl pati angaje l e an jeneral se yon pwomès). Gende lè tou, se toule de pati yo ki dwe reyalize sa ki nan kontra a (se yon alyans kote de pati yo angaje yo). Anplis de alyans Bondye fè ak lèzòm yo, Labib pale de alyans ki fèt ant moun, ant tribi, ant nasyon oswa ant gwoup moun. Pami alyans ki gen efè ki dire, nou jwenn alyans Bondye te fè ak Abraram nan, ak David la, ak nasyon Izrayèl la (alyans Lalwa a), e ak Izrayèl Bondye a (oswa nouvo alyans lan). — Jen 9:11; 15:18; 21:27; Eg 24:7; 2Kw 21:7.

  • Amagedon.

    Li soti nan mo ebre Amegidon ki vle di: “Mòn Megido”. Mo sa a gen rapò ak “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”, kote “wa ki sou tout tè a” pral rasanble pou yo fè lagè ak Jewova (Re 16:14, 16; 19:11-21). — Gade GWO TRIBILASYON.

  • Amèn.

    “Se konsa pou sa ye”, oswa “se sèten”. Mo sa a soti nan mo ebre amann, ki vle di: “Ki fidèl, ki merite pou yo fè l konfyans.” Yo konn di “amèn” pou montre yo dakò ak yon sèman, yon priyè oswa ak yon pawòl. Nan liv Revelasyon an, yo sèvi avè l kòm yon tit pou Jezi. — Dt 27:26; 1Kw 16:36; Re 3:14.

  • Ane Liberasyon.

    Li te konn fèt chak 50 an, soti nan ane Izrayelit yo te antre nan tè Bondye te pwomèt yo a. Nan ane Liberasyon an, tè a te dwe ret ap repoze epi yo te dwe libere esklav ki Ebre yo. Si yon moun te vann tè l te eritye a, yo te dwe remèt li tè l. Nan yon sans, ane Liberasyon an te yon ane fèt, yon ane libète ki te fè nasyon an retounen vin jan l te ye lè Bondye te fèk fè yo vin yon nasyon an. — Le 25:10.

  • Ansyen; Granmoun gason.

    Ekspresyon sa yo fè referans ak gason ki granmoun, men, nan Ekriti yo, yo sèvi avèk yo sitou pou yo pale de gason ki nan yon pozisyon ki fè yo gen otorite e ki gen responsablite nan yon kominote oswa nan yon nasyon. Nan liv Revelasyon an, yo itilize mo ansyen an pou yo pale de kreyati ki nan syèl la. Mo grèk presbitewòs la, lè yo tradui l ki bay ansyen an, fè referans ak moun ki pran latèt  nan kongregasyon an. — Eg 4:29; Pw 31:23; 1Ti 5:17; Re 4:4.

  • Antikris.

    Mo grèk sa a gen de sans. Li fè referans ak sa ki kont Kris. Li fè referans tou ak yon fo Kris, sa vle di yon moun ki nan plas Kris. Kèlkeswa moun, òganizasyon oswa gwoup ki pretann yo reprezante Kris oswa ki di yo se Mesi a, oswa ki opoze ak Kris ansanm ak disip li yo, yo ka rele yo antikris san pwoblèm. — 1J 2:22.

  • Apostazi.

    Nan lang grèk la, mo sa a (apostazya) soti nan yon vèb. Yon fason literal, li vle di: “rete lwen”. Non an gen sans: “kite, abandone oswa rebelyon”. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize mo “apostazi” a sitou pou yo pale de moun ki kite vrè adorasyon an. — Pw 11:9; 2Te 2:3.

  • Apot.

    Premye sans mo sa a nan lang orijinal la se “moun yo voye”. Yo sèvi avè l pou yo pale de Jezi ak kèk moun yo te voye pou sèvi lòt moun. Yo plis sèvi avè l pou yo pale de disip Jezi te chwazi pèsonèlman yo e ki te nan gwoup 12 reprezantan li te chwazi yo. — Mk 3:14; Tr 14:14.

  • Aram; Arameyen; Moun Aram.

    Se desandan Aram, pitit gason Sèm ki te sitou viv nan tèritwa ki te soti mòn Liban yo pou rive jis nan Mezopotami e ki te soti nan zòn nò mòn Toris yo pou rive jis Damas e jis nan zòn ki nan sid Damas. Zòn sa a, ki te gen non Aram ann ebre, te vin rele Siri pi devan, e yo te rele moun ki abite nan zòn sa a Siryen. — Jen 25:20; Dt 26:5; Oz 12:12.

  • Areyopaj.

    Se te yon ti mòn nan vil Atèn ki te nan nòdwès Akwopòl. Se konsa tou yo te rele pi gwo tribinal ki te konn reyini kote sa a. Gen kèk filozòf ki t ap suiv ansèyman Epiki yo ak ansèyman Zenon yo ki te mennen Pòl nan Areyopaj la pou l pale de kwayans li. — Tr 17:19.

  • Aseljeya.

    — Gade KONDUIT DERESPEKTAN.

  • Astwològ.

    Yon moun ki etidye mouvman solèy la, lalin nan ak zetwal yo nan objektif pou l anonse sa k pral rive demen. — Dn 2:27; Mt 2:1.

  • Atachman pou Bondye.

    Se respè moun genyen pou Jewova Dye, se adorasyon ak sèvis moun ba li paske yo fidèl ak li menm ki se Souvren linivè a. — 1Ti 4:8; 2Ti 3:12.

  • Atizan ki ban nou fòm nan; Atizan ki konn travay ak ajil la.

    Yon moun ki konn fè po, asyèt ak lòt kalite veso ki fèt ak ajil. Yon fason literal, mo ebre yo met atizan ki konn travay ak ajil pou li a vle di: “moun k ap bay fòm”. Byen souvan, yo konn sèvi ak pouvwa atizan an genyen sou ajil la kòm egzanp pou yo pale de dwa Jewova genyen pou l dirije moun yo ak nasyon yo. — Eza 64:8; Wm 9:21.

  • Azazèl.

    Yon mo ebre ki petèt vle di: “Kabrit ki disparèt la”. Nan jou Pirifikasyon an, yo te konn voye kabrit ki pou Azazèl la nan dezè a, sa ki te vle di li ale ak peche nasyon an te fè nan ane ki sot pase a. — Le 16:8, 10.

  • Azi.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se non yon pwovens nan Anpi women an ki gen ladan l pati lwès peyi yo rele Tiki jodi a, san wete kèk zile ki toupre a, tankou Samòs ak Patmòs. Se Efèz ki te kapital li (Tr 20:16; Re 1:4). — Gade Apendis B13.

 B

  • Baal.

    Yon dye peyi Kanaran, yo te panse se li ki gen kontwòl sou syèl la, ki fè lapli tonbe e ki fè semans pouse. Yo te konn sèvi ak mo “Baal” la tou pou yo pale de kèk lòt dye ki gen mwens enpòtans nan peyi a. Mo ebre lè yo tradui l yo mete Baal pou li a vle di: “Pwopriyetè; Mèt”. — 1Wa 18:21; Wm 11:4.

  • Bagay moun bay kòm garanti.

    Yon objè pèsonèl yon moun ki dwe yon kòb te konn bay moun ki prete l kòb la kòm garanti l ap remèt li lajan an pi devan. Nan Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, te gen kèk enfòmasyon ki gen rapò ak bagay yo bay kòm garanti, e enfòmasyon sa yo te pwoteje enterè moun ki te pòv e ki pa t gen moun pou defann yo nan nasyon an. — Eg 22:26; Eze 18:7.

  • Bag yo konn poze so.

    Yon kalite so yo te konn mete nan dwèt oswa nan yon kòd ki petèt te nan kou yon moun. Li te yon senbòl ki montre otorite yon dirijan oswa yon fonksyonè (Jen 41:42). — Gade SO.

  • Banza.

    Se yon zam yo itilize pou fè lachas oswa pou fè lagè. Yo te konn itilize l sitou pou yo tire flèch. An jeneral, se te yon moso bwa oswa yon moso metal ki ka koube byen fasil ki gen yon kòd nòmal oswa yon kòd an kui ki mare nan de pwent bwa a. Yo te konn pase flèch la nan kòd la, yo rale kòd la ansanm ak flèch la, sa ki fè banza a koube, e lè yo lage kòd la, flèch la al byen vit. — Jen 27:3; Re 6:2.

  • Bat.

    Yon mezi pou bagay ki likid yo kalkile ki egal anviwon 22 lit (5,81 gal) sou baz moso krich akeyològ jwenn ki gen non mezi sa a sou yo. Pou pifò nan lòt mezi pou bagay ki likid ak bagay ki pa likid nou jwenn nan Bib la, yo kalkile yo parapò ak mezi ki rele bat la (1Wa 7:38; Eze 45:14). — Gade Apendis B14.

  • Batèm; Batize.

    Vèb la vle di: “plonje” oswa desann anba dlo. Jezi te mande pou moun k ap suiv li yo batize. Pami lòt batèm Ekriti yo pale de yo, gen batèm Jan an, gen batèm nan lespri sen, e gen batèm nan dife. — Mt 3:11, 16; 28:19; Jan 3:23; 1P 3:21.

  • Bat manje angren; Glasi.

    Yo te konn bat manje pou yo retire pay ak po sou manje angren yo. Glasi yo se kote yo te konn fè travay sa a. Yo te konn sèvi ak yon baton pou yo bat manje angren yo, oubyen lè se yon gwo kantite, yo te konn itilize zouti espesyal tankou planch oswa woulo bèt te konn rale. Yo te konn pase zouti sa yo sou manje angren yo ki te atè kote yo te ouvè yo a. Glasi yo te plat e yo te won, yo te yon kote ki wo, yon kote van ap soufle. — Le 26:5; Eza 41:15; Mt 3:12.

  • Baton wa.

    Se yon baton wa yo te konn gen nan men yo kòm siy ki montre otorite yo antanke wa. — Jen 49:10.

  • Bato Tasis.

    Yo te konn sèvi ak ekspresyon sa a okòmansman pou yo pale de bato k ap vwayaje al nan ansyen vil Tasis la (Espay jodi a). Finalman, sanble yo te vin itilize ekspresyon sa a pou yo pale de gwo bato ki ka vwayaje al lwen. Salomon ak Jozafa te konn itilize bato sa yo pou yo fè komès. — 1Wa 9:26; 10:22; 22:48.

  •  Beyèlzeboub.

    Yon non yo bay Satan ki se prens oswa chèf demon yo. Li posib pou Beyèlzeboub se yon lòt fason yo te pwononse non Baalzeboub la, anpalan de Baal Filisten yo te konn adore nan Ekwon. — 2Wa 1:3; Mt 12:24.

  • Bidon ki fèt ak po bèt.

    Yon bidon yo te konn met diven. Li te fèt ak po bèt nèt, tankou po kabrit oswa po mouton. Yo te konn mete diven ki fèk fèt yo nan bidon ki tounèf, paske lè diven an ap fèmante, li pwodui gaz kabonik ki gen gwo efè sou bidon an po yo. Po ki tounèf yo detire, men po ki la lontan e ki rèd yo eklate akoz gaz kabonik la. — Joz 9:4; Mt 9:17.

  • Bon nouvèl.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, ekspresyon sa a fè referans ak bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a e konsènan delivrans Bondye pral bay moun grasa lafwa yo gen nan Jezi Kris. — Lk 4:18, 43; Tr 5:42; Re 14:6.

  • Boul.

    Se non uityèm mwa nan kalandriye Juif yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye, e se te dezyèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan oktòb pou l fini nan mitan novanm, e li soti nan yo mo ki vle di: “rekòt; pwodui” (1Wa 6:38). — Gade Apendis B15.

  • Bras.

    Se yon mezi yo itilize pou mezire pwofondè dlo ki egal 1,8 m oswa 6 pye (Tr 27:28). — Gade Apendis B14.

  • Bwason yo vide kòm ofrann.

    Se diven yo te konn vide kòm ofrann sou lotèl la e ki te konn akonpaye pifò lòt ofrann yo. Pòl te sèvi ak ekspresyon sa a nan yon sans senbolik pou l montre ki jan li te anvi bay tout li menm pou kretyen menm jan avèk li yo. — Nb 15:5, 7; Fp 2:17.

CH

  • Chante pou moun k ap monte yo.

    Yo ekri “yon chante pou moun k ap monte yo” anlè tèt Sòm 120-134. Byenke yo bay plizyè esplikasyon pou fraz sa a, gen anpil moun ki kwè Izrayelit ki t ap adore Bondye yo te konn chante 15 sòm sa yo ak kè kontan lè yo t ap “monte” Jerizalèm, yon vil ki te byen wo sou tèt mòn Jida yo, pou yo te ka al patisipe nan twa gwo fèt yo te konn fè chak ane yo.

  • Charyo.

    Yon cha cheval te konn rale ki gen de wou yo te sitou konn itilize l nan lagè. — Eg 14:23; Jj 4:13; Tr 8:28.

  • Cheba.

    Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Cheba ki te non 11yèm mwa nan kalandriye yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a e se 5yèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a te kòmanse nan mitan janvye pou rive mitan fevriye (Za 1:7). — Gade Apendis B15.

  • Chekèl.

    Se mezi Ebre yo te plis itilize pou pwa e se li ki te prensipal lajan yo tou. Pwa a te peze 11,4 g. Petèt, yo te konn itilize ekspresyon “chekèl ki nan kote ki sakre a” pou yo montre pwa y ap itilize a ta dwe yon pwa ki egzak oubyen ki ann amoni ak pwa ki nan tabènak la. Petèt te gen yon chekèl wa yo te konn itilize (ki diferan ak chekèl nòmal yo), oswa yon chekèl yo te konsève nan palè wa a. — Eg 30:13.

  •  Chemen.

    Yon ekspresyon yo itilize nan Bib la yon fason senbolik pou yo pale de konduit oswa aksyon Jewova aksepte oswa li pa aksepte. Yo te konn pale de moun ki te vin disip Jezi Kris yo kòm moun ki fè pati “Chemen an”, sa vle di yo te viv ann amoni ak lafwa yo te genyen nan Jezi Kris la, yo te suiv egzanp li. — Tr 19:9.

  • Cheminit.

    Yon mo yo itilize nan mizik. Yon fason literal, li vle di: “uityèm nan” e petèt li fè referans ak son ki grav. Lè yo itilize mo sa a pou enstriman mizik, petèt li atire atansyon sou enstriman ki jwe nòt ki grav yo. Lè yo itilize l pou chante, li kapab fè referans ak yon mizik y ap jwe sou yon ton ki grav pou akonpaye moun k ap chante sou menm ton an. — 1Kw 15:21, nòt; Sm 6:tèt; Sm 12:tèt.

  • Cheriben.

    Yon kalite zanj ki gen gwo pozisyon e ki gen responsablite espesyal. Yo pa menm ak serafen yo. — Jen 3:24; Eg 25:20; Iz 37:16; Eb 9:5.

  • Cheyòl.

    Se yon mo ebre ki gen menm sans ak mo grèk “Adès” la. Lè yo tradui l, yo mete “Tonm” ak yon “t” majiskil, sa montre y ap pale de tonm ki la pou moun ki mouri ale a, se pa de tonm yon sèl moun y ap pale. — Jen 37:35; Sm 16:10; Tr 2:31 (nòt yo).

D

  • Dagon.

    Se yon dye peyi Filisti. Yo pa fin sèten ki rasin mo sa a, men gen kèk biblis ki panse li gen rapò ak mo ebre dag la (pwason). — Jj 16:23; 1Sa 5:4.

  • Darik.

    Se te yon pyès monnen annò yo te konn itilize nan peyi Pès ki peze 8,4 g (1Kw 29:7). — Gade Apendis B14.

  • Dekapòl.

    Se yon gwoup vil grèk okòmansman ki te gen dis vil antou (mo sa a soti nan mo grèk deka ki vle di: “dis”, ak mo grèk polis ki vle di: “vil”). Mete sou sa, se te non zòn ki te sou bò lès Lanmè Galile ak Rivyè Jouden kote pifò nan vil sa yo te ye. Nan zòn sa a, kilti grèk la te gen gwo enfliyans e moun yo te konn fè komès. Jezi te pase nan zòn sa a, men pa gen okenn bagay ki ekri ki montre li te vizite menm youn nan vil sa yo (Mt 4:25; Mk 5:20). — Gade Apendis A7 ak Apendis B10.

  • Delege.

    Se yon fonksyonè nan gouvènman Babilòn nan ki te pi ba pase yon satrap. Nan Bib la, delege yo te nan yon pozisyon ki te fè yo gen otorite sou moun ki gen sajès nan palè Babilòn nan. Yo te pale de delege yo tou pandan rèy wa Dariyis, moun peyi Medi a. — Dn 6:7.

  • Demon.

    Se yon seri kreyati moun pa ka wè, yon seri espri mechan ki gen pouvwa moun pa genyen. Nan Jenèz 6:2, yo rele yo “pitit vrè Dye a”, e nan Jid 6, yo rele yo “zanj”, sa ki montre Bondye pa t kreye yo tou mechan. Okontrè, zanj sa yo te chwazi vin ènmi Bondye lè yo te dezobeyi l nan epòk Noye a e lè yo te vin patizan Satan ki te leve kont Jewova. — Dt 32:17; Lk 8:30; Tr 16:16; Jk 2:19.

  • Dènye jou.

    Nan pwofesi ki nan Bib la, ekspresyon sa a gen rapò ak epòk kote gwo evènman Bib la te anonse yo rive nan dènye bout yo (Eze 38:16; Dn 10:14; Tr 2:17). Selon pwofesi yo anonse a, se gendwa  yon epòk ki dire kèk ane oswa anpil ane. Bib la itilize ekspresyon “dènye jou” a sitou pou l pale de dènye jou sistèm sa a, pandan prezans envizib Jezi a. — 2Ti 3:1; Jk 5:3; 2P 3:3.

  • Denye.

    Yon pyès monnen ann ajan women yo te konn itilize ki te peze anviwon 3,85 g e ki te gen yon imaj Seza sou youn nan fas li yo. Se kòb yo te peye yon travayè pou yon jounen travay e se te “enpo Seza egzije pou chak” Juif pou yo peye (Mt 22:17; Lk 20:24). — Gade Apendis B14.

  • Digèt.

    Yon bwa ki long ki gen yon metal pwenti nan tèt li kiltivatè yo te konn itilize pou dige yon bèt. Yo konn konpare digèt la ak pawòl yon moun ki saj di ki ankouraje moun k ap koute l yo pou yo suiv konsèy li yo ki saj. Ekspresyon “voye pye sou digèt” la soti nan aksyon yon towo bèf ki pa vle mache e k ap voye pye lè y ap dige l, sa ki konn lakòz li blese. — Tr 26:14; Jj 3:31.

  • Divinò.

    Yon moun ki pretann li gen kapasite pou l anonse sa k pral pase alavni. Nan Bib la, yon divinò se te yon prèt k ap fè maji, yon astwològ oswa lòt moun ankò. — Le 19:31.

  • Dizyèm (ladim).

    Yon dizyèm, oswa 10 pousan, nan sa Izrayelit yo te konn peye kòm enpo, espesyalman nan domèn relijye (Ml 3:10; Dt 26:12; Mt 23:23). Nan epòk Lwa Moyiz la, chak ane, moun yo te konn bay Levit yo yon dizyèm nan sa yo te rekòlte ak yon dizyèm nan kantite mouton ak lòt bèt yo te vin genyen pou yo ede yo nan travay yo. Levit yo yo menm tou te bay mesye ki te prèt yo, ki soti nan fanmi Arawon, yon dizyèm nan dizyèm yo te resevwa yo pou ede yo fè travay yo. Mete sou sa, moun yo te konn bay dizyèm nan lòt bagay. Kretyen yo pa bezwen peye dizyèm, oswa ladim.

  • Drak.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, mo sa a fè referans ak yon pyès monnen grèk ann ajan moun te konn itilize nan epòk sa a ki te peze 3,4 g. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, li te egal yon pyès monnen annò yo te konn itilize nan epòk Pès yo (Ne 7:70; Mt 17:24, nòt). — Gade Apendis B14.

  • Dwat.

    — Gade JIS; DWAT.

  • Dyab.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se yon non yo bay Satan pou fè konnen kiyès li ye, e non sa a vle di: “Medizan”. Yo rele Satan Dyab paske se li menm ki prensipal moun k ap bay manti sou Jewova, k ap lage vèni sou li, sou bon pawòl li a, e sou non Jewova ki sen. — Mt 4:1; Jn 8:44; Re 12:9.

E

  • Ebre.

    Yon mo yo te itilize pou premye fwa pou Abram (Abraram), yon fason pou yo te distenge l ak Amorit ki t ap viv ozalantou l yo. Annapre, yo te sèvi ak mo ebre a pou yo pale de desandan Abraram te vin genyen pa mwayen Jakòb, pitit pitit gason l, e se konsa tou yo te rele lang yo te pale a. Nan epòk Jezi a, lang ebre a te vin gen anpil ekspresyon arameyen ladan l e se lang sa a Kris ak disip li yo te pale. — Jen 14:13; Eg 5:3; Tr 26:14.

  • Edòm.

    Yon lòt non yo te bay Ezaou, pitit gason Izarak. Desandan Ezaou (Edòm) yo te abite nan zòn Seyi, yon zòn ki gen mòn ki ant Lanmè Mòt ak  Gòlf Akaba. Yo te vin rele zòn sa a Edòm (Jen 25:30; 36:8). — Gade Apendis B3 ak Apendis B4.

  • Efa.

    Yon mezi pou bagay ki pa likid ki egal 22 lit, e se konsa tou yo te rele veso yo te itilize pou mezire yon efa a. Yon efa egal ak mezi yo rele bat la ki se yon mezi yo te konn itilize pou bagay ki likid (Eg 16:36; Eze 45:10). — Gade Apendis B14.

  • Efòd.

    Yon rad ki sanble ak yon tabliye prèt yo te konn met sou yo. Gran prèt la te konn met yon efòd espesyal, e devan efòd sa a yo te mete yon pòch ki te gen 12 pyè ki gen anpil valè (Eg 28:4, 6). — Gade Apendis B5.

  • Efrayim.

    Se te non dezyèm pitit Jozèf la e se te non youn nan tribi Izrayèl yo tou. Apre nasyon Izrayèl la te fin divize, piske Efrayim te tribi ki te gen plis enfliyans lan, li te vin reprezante tout wayòm dis tribi a. — Jen 41:52; Jr 7:15.

  • Egzil.

    Se lè yo met yon moun deyò nan peyi l, e byen souvan se moun ki pran peyi a ki fè sa. Mo ebre a vle di: “pati kite”. Pandan de fwa, Izrayelit yo t al ann egzil an foul. Moun Asiri yo te mennen moun ki te nan wayòm dis tribi ki nan nò a ann egzil, e annapre, moun Babilòn yo te mennen moun ki te nan wayòm de tribi ki nan sid la ann egzil. Gen yon rès nan moun yo te mennen ann egzil yo ki te retounen nan peyi yo sou rèy Siris, yon dirijan peyi Pès. — 2Wa 17:6; 24:16; Esd 6:21.

  • Ekipman konba.

    Se te ekipman sòlda yo te konn met sou yo pou pwoteje tèt yo. E ladan l te gen kas, jile ki gen yon seri ti plak an metal, sentiwon, bagay pou sòlda yo met nan pye yo ak boukliye. — 1Sa 31:9; Ef 6:13-17.

  • Ekriti yo.

    Se tout sa ki ekri nan Pawòl Bondye a. Ekspresyon sa a parèt sèlman nan Liv ki te ekri an grèk yo. — Lk 24:27; 2Ti 3:16.

  • Eloul.

    Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Eloul ki te non 6yèm mwa nan kalandriye yo te konn itilize nan adorasyon yo bay Bondye, e se te 12yèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan out pou l fini nan mitan septanm (Ne 6:15). — Gade Apendis B15.

  • Èmès.

    Yon dye grèk ki se pitit gason yon dye ki rele Zes. Moun nan vil Lis yo te pran apot Pòl pou Èmès, yon dye yo te panse ki se yon mesaje pou lòt dye yo e yo te panse li se yon dye k ap ede moun pale byen. — Tr 14:12.

  • Emowoyid.

    Se yon maladi kote venn ki nan twou dèyè yon moun anfle, e souvan yo konn bay san. Maladi sa a konn fè moun soufri anpil, paske gen boul ki pouse swa pa anndan twou dèyè moun ki malad la, swa pa deyò, swa ni anndan ni deyò. — Dt 28:27; 1Sa 5:6.

  • Entèmedyè.

    — Gade MEDYATÈ; ENTÈMEDYÈ.

  • Espè nan Lalwa.

    Se yon moun ki te konn rekopye Liv ki te ekri ann ebre yo. Lè Jezi te sou tè a, yo te konn itilize ekspresyon sa a pou yo pale de yon gwoup mesye ki te konn Lalwa byen. Yo te opoze ak Jezi. — Esd 7:6, nòt; Mk 12:38, 39; 14:1.

  •  Espri; Lespri.

    Souvan, pou yo tradui mo ebre rouwa a ak mo grèk nema a, yo met “lespri” pou yo, yon mo ki gen plizyè sans. Mo sa yo gen rapò ak yon bagay lèzòm pa ka wè e yo bay prèv gen yon fòs ki an mouvman. Yo konn itilize mo ebre a ak mo grèk la pou yo pale de 1) van, 2) fòs lavi k ap aji nan kreyati ki sou tè yo, 3) fòs k ap aji nan kè senbolik yon moun e ki pouse moun sa a pale epi aji tèl ou tèl fason, 4) pawòl ki soti nan yon sous envizib, 5) kreyati espirityèl e 6) fòs aktif Bondye oswa lespri sen. — 2Wa 2:16, nòt; Lk 8:55, nòt; Za 6:5; Lk 11:13.

  • Etanim.

    Se te non setyèm mwa nan kalandriye Juif yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon y ap bay Bondye a, e se premye mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan septanm pou l fini nan mitan oktòb. Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, yo te vin rele mwa sa a Tichri (1Wa 8:2). — Gade Apendis B15.

  • Etyopi.

    Se yon ansyen nasyon ki nan sid peyi Ejip. Li te gen ladan l pifò pati ki nan sid peyi Ejip ki la kounye a ak mwatye peyi Soudan ki la kounye a, mwatye ki nan nò a. Pafwa, yo sèvi ak mo sa a pou mo ebre “Kouch” la. — Esd 1:1.

  • Ewòd.

    Se non yon fanmi Women yo te chwazi pou dirije Juif yo. Yo te konnen Ewòd Legran kòm moun ki te rebati tanp Jerizalèm nan e kòm moun ki te bay lòd pou yo masakre yon pakèt timoun pou l te ka touye Jezi (Mt 2:16; Lk 1:5). Yo te nome Ewòd Akelayis ak Ewòd Antipas, de pitit Ewòd Legran, pou yo dirije kèk pati nan tèritwa papa yo t ap dirije a (Mt 2:22). Menmsi pifò moun te rele Antipas “wa”, li te yon chèf distri ki t ap gouvène pandan twazan edmi Kris te fè ap preche a rive jis nan epòk Travay chapit 12 pale de li a (Mk 6:14-17; Lk 3:1, 19, 20; 13:31, 32; 23:6-15; Tr 4:27; 13:1). Annapre, Ewòd Agripa Iye, pitit pitit Ewòd Legran, te fè yon ti tan tou kout ap dirije, paske gen yon zanj Bondye ki te touye l (Tr 12:1-6, 18-23). Ewòd Agripa II, pitit Ewòd Agripa Iye, te vin ap dirije e li kontinye dirije jis nan epòk Juif yo te leve kont Wòm nan. — Tr 23:35; 25:13, 22-27; 26:1, 2, 19-32.

F

  • Farawon.

    Yon tit yo te bay wa peyi Ejip yo. Yo site non senk farawon nan Bib la (Chichak, So, Tiraka, Neko ak Ofra), men, gen lòt yo pa site non yo, tankou Farawon ki te gen kontak ak Abraram, Moyiz ak Jozèf. — Eg 15:4; Wm 9:17.

  • Farizyen.

    Se yon ti gwoup ki te gen anpil enfliyans nan relijyon Jidayis la nan premye syèk e. n. Yo pa t soti nan fanmi prèt yo, men, yo te strik nan fason y ap suiv Lalwa nan tout ti detay, e yo te met tradisyon oral yo nan menm nivo ak Lalwa (Mt 23:23). Yo t ap lite kont kilti grèk, e antanke moun ki te konn anseye Lalwa ak tradisyon yo, yo te gen gwo pouvwa sou pèp la (Mt 23:2-6). Gen kèk nan yo ki te manm Sanedren an tou. Souvan, yo te konn opoze ak Jezi nan kesyon obsève Saba, tradisyon, ak kesyon  pran kontak ni ak moun k ap pratike peche ni ak pèseptè yo. Gen kèk nan yo ki te vin kretyen tankou Sòl ki te moun Tas. — Mt 9:11; 12:14; Mk 7:5; Lk 6:2; Tr 26:5.

  • Favè san parèy.

    Se yon ekspresyon grèk ki vle di toudabò sa ki agreyab e ki bèl. Byen souvan, yo sèvi ak ekspresyon sa a pou yo fè referans ak yon bèl kado oswa bèl fason yon moun bay yon bagay. Lè l fè referans ak favè san parèy Bondye a, ekspresyon an dekri yon kado Bondye pran plezi bay gratis, san l pa atann anyen anretou. Donk, se fason Bondye montre jan l renmen bay e se fason li demontre anpil lanmou ak bonte li gen pou lèzòm. Lè y ap tradui mo grèk la tou, yo konn met kèk ekspresyon tankou “favè” ak ‘don ki fèt ak tout kè’. Se bay yo bay li, se pa merite moun yo bay li a merite l, men, se tou senpleman paske moun k ap bay li a renmen bay. — 2Ko 6:1; Ef 1:7.

  • Fè jèn.

    Se lè yon moun ret san manje pandan yon tan. Izrayelit yo te konn fè jèn nan jou Pirifikasyon an, lè yo te gen gwo pwoblèm, e lè yo te bezwen direksyon nan men Bondye. Juif yo te vin fè kat jèn pa ane pou yo te ka sonje move moman yo te pase nan istwa yo. Kretyen yo pa oblije fè jèn. — Esd 8:21; Eza 58:6; Lk 18:12.

  • Fen sistèm nan.

    Se peryòd ki mennen nan dènye jou sistèm Satan ap domine a. Se menm peryòd ak prezans Kris la. Anba direksyon Jezi, zanj yo pral “retire mechan yo nan mitan moun ki jis yo” e yo pral detwi yo (Mt 13:40-42, 49). Disip Jezi yo te anvi konnen ki lè “fen” sistèm nan t ap rive (Mt 24:3). Anvan Jezi te retounen nan syèl la, li te pwomèt disip li yo li t ap avèk yo jis nan fen sistèm nan. — Mt 28:20.

  • Fè sa ki mal; Fot.

    Pase sou yon lwa yo bay; se lè yon moun vyole yon lwa. Yo gen menm sans ak “peche” nan Bib la. — Sm 51:3; Wm 5:15.

  • Fèt Dedikas.

    Apre Antyòch Epifàn te fin sal tanp lan, Izrayelit yo te kòmanse fete fèt sa a pou fè yo sonje yo te netwaye tanp lan. Yo te kòmanse fete fèt sa a 25 Kislèv e li te dire uit jou. — Jan 10:22.

  • Fè tiraj osò.

    Yo te konn itilize yon seri ti wòch won, oswa moso bwa, oswa moso wòch pou yo pran desizyon. Yo te konn mete yo nan ke rad yon moun oswa nan yon veso epi yo souke yo. Sa yo pran an oswa sa k tonbe a se li yo te konn chwazi. Nan lang orijinal la, mo lè yo tradui l yo mete “tiraj osò” pou li a kapab vle di tou: “pòsyon” oswa: “eritaj”. — Joz 14:2; Sm 16:5; Pw 16:33; Mt 27:35.

  • Fèt Pak.

    Yon fèt yo te konn fete chak ane nan 14yèm jou mwa Abib la (yo te vin rele l Nizan annapre) pou komemore delivrans Izrayelit yo nan peyi Ejip. Pou yo fete fèt sa a, yo te konn touye yon ti mouton (oswa yon ti kabrit), yo boukannen l, epi yo manje l ak fèy anmè ak pen san ledven. — Eg 12:27; Jan 6:4; 1Ko 5:7.

  • Fèt Pen san ledven.

    Se te premye nan twa gwo fèt Izrayelit yo te konn fè chak ane. Li te kòmanse 15 Nizan, jou ki vin apre fèt Pak la, e li te dire sèt jou. Se sèlman pen san ledven yo te dwe manje, yon fason pou yo  te ka sonje lè yo t ap kite peyi Ejip. — Eg 23:15; Mk 14:1.

  • Fèt Rekòt pou premye danre; Fèt Semèn yo.

    — Gade PANNKÒT.

  • Fèt Tonèl.

    Yo rele l tou fèt Tabènak yo oswa fèt Rekòt nan fen ane a. Yo te konn fete l soti 15 pou rive 21 Etanim. Se yon fèt yo te fè pou rekòt yo te fè nan fen ane agrikòl Izrayelit yo, se te yon moman kote te gen gwo kè kontan e kote yo te konn di Jewova mèsi paske li fè jaden yo donnen. Pandan fèt la, moun yo te konn abite anba tonèl pou fè yo sonje lè yo t ap kite peyi Ejip. Se te youn nan twa fèt kote yo te egzije gason yo pou y al Jerizalèm pou yo fete l. — Le 23:34; Esd 3:4.

  • Filisti; Moun Filisti.

    Se yon peyi ki sou kòt sid peyi Izrayèl yo te vin rele Filisti. Yo te rele moun ki te kite Krèt e ki te vin abite nan zòn sa a moun Filisti. David te vin ap domine sou yo, men, yo te endepandan e yo te ret ènmi pèp Izrayèl la (Eg 13:17; 1Sa 17:4; Am 9:7). — Gade Apendis B4.

  • Fil ki fè lajè twal.

    Nan kesyon tise, se tout fil ki lonje tou long sou lajè twal la. Yo te tise yo ansanm ni anlè ni anba fil ki fè longè twal la. — Le 13:51.

  • Fil ki fè longè twal.

    Nan kesyon tise, se tout fil ki lonje tou long sou longè twal la. Yo te pase fil sa yo ni anlè ni anba fil ki fè lajè twal la. — Le 13:48.

  • Filozòf k ap suiv ansèyman Epiki yo.

    Epiki se te yon filozòf grèk ki te viv ant ane 341 ak ane 270 anv. e. n. Moun ki t ap suiv li yo te kwè sèl objektif yon moun ta dwe gen nan lavi a se pran plezi l. — Tr 17:18.

  • Filozòf k ap suiv ansèyman Zenon yo.

    Se yon gwoup filozòf grèk ki te kwè kè kontan vle di viv ann amoni ak larezon ak lanati. Pou yo menm, moun ki saj toutbon an pa t santi ni chagren, ni lajwa. — Tr 17:18, nòt.

  • Flonn.

    Se yon ti kòd ki fèt an kui oswa yon ti kòd yo trese ki fèt ak kèk materyèl tankou tandon bèt, jon, oswa cheve. Yo met sa y ap tire a, ki byen souvan se yon wòch, nan pati ki nan mitan an, ki laj anpil. Moun k ap itilize flonn nan mare youn nan pwent li yo nan men l oswa nan ponyèt li toutpandan l kenbe lòt pwent lan ak men l, epi l tire wòch la apre l fin vire flonn nan anlè tèt li. Nasyon nan tan lontan yo te gen sòlda ki te konn sèvi ak flonn nan lame yo. — 1Sa 17:50.

  • Fònikasyon.

    — Gade IMORALITE SEKSYÈL.

  • Fot.

    — Gade FÈ SA KI MAL; FOT.

  • Founèz.

    Yon fou yo te konn itilize pou yo fonn metal. Yo te konn itilize l tou pou kuit tout kalite bagay ki fèt ann ajil. Nan epòk yo pale de yo nan Bib la, yo te konn fè founèz yo ak brik oswa ak wòch. Yo rele founèz yo kuit tout kalite veso ann ajil yo ak founèz yo te fè lacho yo fou tou. — Dn 3:17; Re 9:2.

G

  • Gad Anperè.

    Se yon gwoup sòlda women ki te la pou pwoteje lavi anperè women an. Gwoup sa a te vin tounen yon gwo fòs politik ki te kapab swa soutni anperè a swa ba l koudeta. — Fp 1:13.

  • Gad k ap veye; Moun k ap veye.

    Yon moun k ap siveye pou l wè si pa gen okenn danje ki menase yon gwoup  moun oswa byen moun yo posede. An jeneral, se pandan lannuit li fè travay sa a, e li kapab chèche avèti moun yo si li wè yon danje. Byen souvan, moun k ap veye yo konn rete sou tèt mi vil yo oswa nan fò yo pou yo ka wè moun k ap vini yo anvan yo gentan rive toupre. Nan zafè militè, an jeneral, yo rele moun k ap veye yo gad oswa santinèl. Nan yon sans senbolik, pwofèt yo te sèvi kòm moun k ap veye pou nasyon Izrayèl la lè yo te avèti yo konsènan destriksyon ki t apral rive sou yo. — 2Wa 9:17; Eze 3:17.

  • Galaad.

    Se zòn ki bay anpil manje ki nan lès Rivyè Jouden an, ki soti depi nan nò pou rive nan sid Vale Jabòk. Pafwa, yo te konn sèvi ak non sa a pou yo pale de tout tèritwa Izrayèl ki nan lès Rivyè Jouden, kote tribi Ribenn, tribi Gad ak mwatye tribi Manase t ap viv la (Nb 32:1; Joz 12:2; 2Wa 10:33). — Gade Apendis B4.

  • Gera.

    Se yon pwa ki te egal 0,57 g. Yon chekèl te egal 20 gera (Le 27:25). — Gade Apendis B14.

  • Gid prensipal.

    Premye sans mo grèk la se “Lidè an chèf”. Se yon tit yo bay Jezi Kris ki montre wòl enpòtan li genyen pou l libere moun ki fidèl yo anba lanmò peche pote a e pou l pèmèt yo jwenn lavi ki pap janm fini an. — Tr 3:15; 5:31; Eb 2:10; 12:2.

  • Gitit.

    Se yon mo yo te itilize nan mizik yo pa fin konn sans li, men ki sanble soti nan mo ebre gat la. Gen kèk moun ki panse se kapab yon melodi ki gen rapò ak chante ki pale sou fè diven, etandone gat gen rapò ak près diven. — Sòm 81:tèt.

  • Glasi.

    — Gade BAT MANJE ANGREN; GLASI.

  • Gouvènè.

    Se te pi gwo chèf nan yon pwovens ki te anba kontwòl sena women an. Li te gen otorite pou l jije, li te gen sòlda anba otorite l, e byenke sena a te sipèvize travay li, li te gen tout otorite sou pwovens li t ap dirije a. — Tr 13:7; 18:12.

  • Gran prèt.

    Sou Lwa Moyiz la, se te prensipal moun ki te reprezante pèp la devan Bondye. Li te gen responsablite tou pou l dirije tout lòt prèt yo. Yo te rele l tou “prèt an chèf la”. (2Kw 26:20; Esd 7:5.) Se sèl li menm ki te gen dwa antre nan Kote ki pi sen an, pyès ki pi anndan ki te nan tabènak la e pi devan, pyès ki pi anndan ki te nan tanp lan. Li te konn fè sa chak ane nan jou Pirifikasyon an. Yo sèvi ak ekspresyon “gran prèt” la tou pou Jezi Kris. — Le 16:2, 17; 21:10; Mt 26:3; Eb 4:14.

  • Grèk.

    Se lang moun pale nan peyi Lagrès, oswa yon moun ki fèt nan peyi Lagrès oubyen fanmi l se moun Lagrès. Nan Liv ki te ekri ann grèk yo, yo konn itilize mo sa a tou nan yon sans ki pi laj pou yo pale de tout moun ki pa Juif oswa moun ki konn lang grèk la ak moun kilti grèk la enfliyanse yo. — Jl 3:6; Jan 12:20.

  • Grenad.

    Yon fwi ki gen fòm yon pòm e ki gen yon kouwòn sou li. Grenad la gen yon po ki di, anndan l gen yon seri ti boul ki chaje ji, e chak ti boul konn gen yon ti grenn ki woz oswa ki wouj ladan l. Yo te dekore woulèt rad long ble san manch gran prèt la ak grenad e yo te dekore tèt poto espesyal yo ak grenad tou. Poto sa yo te rele Jakin ak Bowaz e yo te devan  tanp lan. — Eg 28:34; Nb 13:23; 1Wa 7:18.

  • Gwo mouchwa.

    Yon twal moun yo te konn itilize pou yo mare tèt yo oubyen pou yo met sou tèt yo. Gran prèt la te konn gen yon gwo mouchwa nan tèt li ki te fèt ak yon twal len bon kalite, epi yo te mete yon plak annò ki te mare ak yon kòd ble sou devan mouchwa ki te vlope tèt li a. Wa a te konn mete yon gwo mouchwa anba kouwòn ki te nan tèt li a. Jòb te sèvi ak ekspresyon sa a nan sans figire lè l t ap konpare jistis li ak yon gwo mouchwa. — Eg 28:36, 37; Jb 29:14; Eze 21:26.

  • Gwo tribilasyon.

    Mo grèk lè yo tradui l yo met “tribilasyon” pou li a gen rapò ak tètchaje oswa soufrans moun jwenn lè gen sitiyasyon ki difisil anpil. Jezi te pale de yon “gwo tribilasyon” ki potko janm rive ki t apral tonbe sou Jerizalèm e li te sitou pale de youn ki t ap gen pou tonbe sou tout limanite lè l ‘vini avèk glwa’. (Mt 24:21, 29-31.) Anpalan de tribilasyon sa a, apot Pòl fè konnen li jis pou Bondye aji kont ‘moun ki pa konnen l yo e kont moun ki pa obeyi bon nouvèl’ konsènan Jezi Kris la. Revelasyon chapit 19 pale de Jezi kòm moun ki alatèt lame nan syèl la ki pral goumen kont “bèt sovaj la ansanm ak wa latè yo ak lame yo genyen yo”. (2Te 1:6-8; Re 19:11-21.) Gen “yon gwo foul moun” k ap chape vivan anba tribilasyon sa a (Re 7:9, 14). — Gade AMAGEDON.

H

  • Hap.

    Se non premye enstriman mizik ki parèt nan Bib la (Jen 4:21). Se yon enstriman ki gen yon bwat ki pa twò gwo ki fè son an soti. Nan kèk ansyen desen ki te sou moniman ki te egziste ann Ejip, ansyen hap yo te konn gen plizyè fòm ak divès kantite kòd. — Sm 81:2; Re 5:8.

  • Hin.

    Yon mezi pou bagay ki likid ki egal 3,67 lit, e se konsa tou yo te rele veso yo te itilize pou mezire yon hin (Eg 29:40). — Gade Apendis B14.

  • Homè.

    Se yon mezi pou bagay ki pa likid ki egal ak mezi ki rele kò a. Selon kalkil yo fè sou kantite lit ki gen nan mezi ki rele bat la, ki se yon mezi yo te konn itilize pou bagay ki likid, yon homè egal 220 lit (Le 27:16). — Gade Apendis B14.

I

  • Idolatri; Zidòl.

    Yon zidòl se imaj nenpòt bagay moun adore, se kapab imaj yon bagay ki egziste toutbon oubyen imaj yon bagay moun imajine. Idolatri gen ladan l gwo respè ak lanmou yon moun genyen pou yon zidòl, oswa adorasyon yon moun bay yon zidòl. — Sm 115:4; Tr 17:16; 1Ko 10:14.

  • Igayon.

    Yon mo teknik yo te konn itilize nan mizik pou montre sa mizisyen yo dwe fè. Jan yo itilize l nan Sòm 9:16 la, mo sa a ka vle di moun ki sou hap ki gen ton grav yo dwe jwe oubyen se yon poz ki ka fè moun medite.

  • Iliri.

    Se yon pwovens women ki nan nòdwès peyi Lagrès. Pòl te pase nan pwovens sa a nan vwayaj misyonè l, men pa gen okenn kote nan Bib la ki montre si wi ou non li te preche nan lliri oswa si se pase l te pase sèlman (Wm 15:19). — Gade Apendis B13.

  •  Imoralite seksyèl.

    Li soti nan mo grèk pòneya e li se yon mo yo itilize pou tout konduit seksyèl ki pa pwòp. Li gen ladan l adiltè, pwostitisyon, relasyon seksyèl ant de moun ki pa marye, gason k ap kouche ak gason, fi k ap kouche ak fi, moun k ap fè sèks ak bèt. Yo itilize ekspresyon sa a yon fason senbolik nan liv Revelasyon an pou yo pale de yon pwostitye nan domèn relijyon ki rele “Gwo Babilòn” pou yo fè konnen jan l gen relasyon ak dirijan nan monn sa a pou l ka gen pouvwa ak richès (Re 14:8; 17:2; 18:3; Mt 5:32; Tr 15:29; Ga 5:19). — Gade PWOSTITYE.

  • Izòp.

    Se yon plant ki gen ti branch ak ti fèy fen yo te konn itilize pou yo voye san oswa dlo nan seremoni pirifikasyon yo. Li posib pou se li ki plant yo rele majolèn nan (Origanum maru; Origanum syriacum). Jan yo itilize l nan Jan 19:29 la, petèt izòp y ap pale de li a se te majolèn yo te mare nan yon branch oswa sou yon doura, youn nan kalite plant anpil moun konnen ki rele pitimi (Sorghum vulgare), piske branch plant sa a t ap long ase pou yo met yon eponj ki gen vinèg sou li pou yo lonje l nan bouch Jezi. — Eg 12:22; Sm 51:7, nòt.

  • Izrayèl.

    Se non Bondye te bay Jakòb. Yo te vin sèvi ak non sa a pou pale de tout desandan Jakòb yo antanke gwoup, nan kèlkeswa epòk la. Souvan, yo te konn rele desandan 12 pitit gason Jakòb yo pitit Izrayèl yo, nasyon Izrayèl la, pèp Izrayèl la oswa Izrayelit yo. Anplis de sa, yo te rele 10 tribi ki te nan wayòm nò a e ki te separe ak wayòm sid la Izrayèl tou, e annapre, yo te vin rele kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo “Izrayèl Bondye a”. — Ga 6:16; Jen 32:28; 2Sa 7:23; Wm 9:6.

J

  • Jakòb.

    Yon pitit gason Izarak ak Rebeka. Annapre, Bondye te ba l non Izrayèl e li te vin zansèt moun Izrayèl yo (yo te rele yo Izrayelit tou, e pi devan, yo te vin rele yo Juif). Li te fè 12 pitit gason, e pitit sa yo ansanm ak desandan yo te vin tounen 12 tribi nasyon Izrayèl la. Yo te kontinye sèvi ak non Jakòb pou yo pale de nasyon oswa pèp Izrayèl la. — Jen 32:28; Mt 22:32.

  • Jedoutoun.

    Yo pa konn sa l vle di egzakteman lè l anlè tèt Sòm 39, Sòm 62 ak Sòm 77. Sanble pawòl ki parèt anlè tèt sòm sa yo se enstriksyon sou fason yo dwe jwe sòm sa yo, petèt pou yo montre nan ki stil yo dwe jwe sòm sa yo oswa ki enstriman yo dwe itilize. Te gen yon Levit ki te konn jwe mizik ki te rele Jedoutoun e petèt stil mizik sa a oswa enstriman an te gen rapò avè l oswa ak pitit gason l yo.

  • Jewova.

    An jeneral, se konsa yo tradui Tetragram nan (kat lèt ebre ki reprezante non Bondye a) an kreyòl, e non sa a parèt plis pase 7 000 fwa nan tradiksyon sa a. — Gade Apendis A4 ak A5.

  • Jeyèn.

    Nan lang grèk, se non Vale pitit gason Inon an ki te nan sidwès ansyen vil Jerizalèm nan (Jr 7:31). Selon yon pwofesi, yo te konn pale de zòn sa a kòm yon kote yo jete kadav (Jr 7:32; 19:6). Pa gen okenn prèv ki montre yo te lage bèt  oswa moun nan Jeyèn nan pou yo boule yo tou vivan oswa pou yo toumante yo. Donk, kote sa a pa ka yon kote envizib pou nanm moun al toumante pou toutan nan dife. Olye de sa, Jezi ak disip li yo te sèvi ak mo Jeyèn nan kòm yon senbòl pou pale de “dezyèm lanmò a”, sa vle di destriksyon oswa eliminasyon total. — Re 20:14; Mt 5:22; 10:28.

  • Jida.

    Se te katriyèm pitit gason Jakòb, e se ak Leya Jakòb te fè l. Nan pwofesi Jakòb te bay anvan l te mouri a, Jakòb te fè konnen t ap gen yon gran dirijan ki t ap sot nan fanmi Jida e ki t ap gen pou l dirije pandan lontan. Lè Jezi te sou tè a, li te soti nan fanmi Jida. Non Jida a fè referans tou ak tribi Jida a, e pi devan ak wayòm ki te vin rele wayòm Jida a, wayòm ki te nan sid la. Li te gen ladan l tribi Jida a, tribi Benjamen an ansanm ak prèt yo ak Levit yo. Wayòm Jida a t ap dirije sid peyi a, kote vil Jerizalèm ak tanp lan te ye a. — Jen 29:35; 49:10; 1Wa 4:20; Eb 7:14.

  • Jij.

    Se yon seri gason Jewova te itilize pou l sove pèp li a anvan epòk kote te gen wa ann Izrayèl. — Jj 2:16.

  • Jis; Dwat.

    Nan Ekriti yo, mo sa yo vle di dwat selon prensip Bondye bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal. — Jen 15:6; Dt 6:25; Pw 11:4; Sf 2:3; Mt 6:33.

  • Jou Jijman.

    Se yon jou espesyal oubyen yon epòk espesyal kote yon seri gwoup moun, nasyon, oswa lèzòm an jeneral gen pou yo rann Bondye kont. Se kapab yon lè kote moun yo jije ki merite lanmò yo ap resevwa santans yo, oubyen se kapab yon lè kote grasa jijman Bondye, kèk moun pral gen posiblite pou yo sove e pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Jezi Kris ak apot li yo te pale sou yon “Jou Jijman” ki gen pou vini nonsèlman pou moun ki vivan yo, men tou, pou yon seri moun ki mouri nan tan lontan. — Mt 12:36.

  • Jouk.

    Yon bout bwa moun te konn pote sou zepòl yo ki te konn gen chay nan chak pwent yo oswa yon bout bwa oubyen yon kad an bwa yo te konn met sou kou de bèt (an jeneral bèf) k ap rale yon enstriman yo travay tè oswa yon chari. Etandone esklav yo te sèvi ak jouk byen souvan pou yo pote bagay ki lou anpil, yo te vin sèvi ak mo jouk la yon fason senbolik pou yo pale de esklavaj oswa pou yon moun ki koube devan yon lòt moun, epi pou yo pale de pwoblèm ak soufrans. Retire oswa kraze jouk vle di libere anba esklavaj, anba pwoblèm oswa anba yon moun k ap eksplwate moun. — Le 26:13; Mt 11:29, 30.

  • Jou Pirifikasyon.

    Se jou sakre ki pi enpòtan pou Izrayelit yo. Yo rele jou sa a tou Yòm Kipou (li soti nan mo ebre yòmakipourim nan, ki vle di “jou yo kouvri”) ki te tonbe nan jou ki te 10 Etanim. Se te sèl jou nan ane a gran prèt la te antre nan Kote ki pi sen nan tabènak la. Se la li te ofri san sakrifis pou peche l, pou peche lòt Levit yo e pou peche pèp la. Se te yon jou rasanbleman ki sakre, yon jou yo te konn fè jèn, yon jou saba, e yon jou kote moun pa fè okenn travay. — Le 23:27, 28.

  • Jou Preparasyon.

    Se yon non yo te bay jou ki vin anvan saba a, e se  jou Juif yo te konn fè preparasyon ki nesesè yo. Jou sa a, nou rele vandredi jodi a, te fini lè solèy la kouche, e se lè sa a saba a te kòmanse. Jou Juif yo te kòmanse lè solèy la kouche e l te fini lè solèy kouche. — Mk 15:42; Lk 23:54.

  • Juif.

    Yon non yo te konn itilize pou pale de yon moun ki soti nan tribi Jida apre dis tribi wayòm Izrayèl la te fin kraze (2Wa 16:6). Apre Izrayelit yo te fin al ann egzil nan peyi Babilòn, yo te konn sèvi ak non sa a pou yo pale de Izrayelit ki te soti nan plizyè tribi e ki te retounen ann Izrayèl (Esd 4:12). Annapre, yo te sèvi ak non sa a tout kote sou tè a pou yo te ka distenge Izrayelit yo ak moun ki soti nan lòt nasyon yo (Esd 3:6). Apot Pòl te sèvi ak non sa a tou nan yon sans senbolik lè l t ap fè konnen nasyonalite yon moun pa gen enpòtans nan kongregasyon kretyen an — Wm 2:28, 29; Ga 3:28.

K

  • Kab.

    Yon mezi pou bagay ki pa likid ki egal 1,22 lit. Yo fè kalkil sa a sou baz mezi ki rele bat la (2Wa 6:25). — Gade Apendis B14.

  • Kado ki montre mizèrikòd.

    Kado moun bay pou ede moun ki nan bezwen. Se vre yo pa itilize ekspresyon sa a nan Liv ki te ekri ann ebre yo, men Lalwa te bay Izrayelit yo bonjan enstriksyon konsènan obligasyon yo genyen pou yo ede moun ki pòv yo. — Mt 6:2.

  • Kalde; Kaldeyen yo.

    Okòmansman, Kalde se te tèritwa ki te nan zòn kote Rivyè Tig la ak Rivyè Efrat la al tonbe nan lanmè, e moun ki te abite nan zòn sa a te rele Kaldeyen. Pi devan, mo Kalde a te vin reprezante tout tèritwa Babilòn nan e yo te rele moun ki te abite nan tout tèritwa sa a Kaldeyen. Mete sou sa, yo te itilize ekspresyon “Kaldeyen yo” pou yo pale de yon gwoup moun ki te gen anpil konesans sou lasyans, sou listwa, sou lang ak astwonomi, men ki te konn fè maji ak astwoloji tou. — Esd 5:12; Dn 4:7; Tr 7:4.

  • Kanaran.

    Se te pitit pitit Noye e se te katriyèm pitit gason Kam. Sanble 11 tribi ki te desandan Kanaran yo te vin abite nan zòn ki nan lès Lanmè Meditèrane a, ant peyi Ejip ak peyi Siri. Yo te rele zòn sa a “peyi Kanaran”. (Le 18:3; Jen 9:18; Tr 13:19.) — Gade Apendis B4.

  • Kas.

    Yon pwodui ki soti nan pyebwa ki rele kas la (Cinnamomum cassia), yon pyebwa ki nan menm fanmi ak pye kanèl. Yo te sèvi ak pwodui sa a kòm pafen e se youn nan pwodui yo te itilize pou fè luil onksyon ki sakre a. — Eg 30:24; Sm 45:8; Eze 27:19.

  • Kemòch.

    Dye prensipal moun Mowab yo. — 1Wa 11:33.

  • Kislèv.

    Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Kislèv ki te non nevyèm mwa nan kalandriye yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a, e se te twazyèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan novanm pou l fini nan mitan desanm (Ne 1:1; Za 7:1). — Gade Apendis B15.

  • Kolonad Salomon.

    Nan tanp ki te la nan epòk Jezi a, se yon kote moun  konn pase ki kouvri nèt ki te alès lakou ki deyò a, e selon sa anpil moun kwè, se yon rès nan tanp Salomon te bati a. Jezi te mache nan Kolonad Salomon an yon lè, “nan sezon fredi”, e premye kretyen yo te konn reyini la pou yo adore Bondye (Jan 10:22, 23; Tr 5:12). — Gade Apendis B11.

  • Konduit derespektan.

    Ekspresyon sa a soti nan mo grèk aseljeya ki vle di peche grav moun fè kont lwa Bondye yo ki montre yo pa gen respè pou lwa sa yo, yo awogan, e yo pa bay kesyon otorite, lwa ak prensip regle anyen pou yo. Yo pa itilize ekspresyon sa a lè yon moun fè yon peche ki pa grav. — Ga 5:19; 2P 2:7.

  • Kongregasyon.

    Se yon gwoup moun ki reyini ansanm pou menm objektif la oswa pou yo fè yon aktivite ansanm. An jeneral, nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yo itilize mo sa a pou yo pale de nasyon Izrayèl la. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize l pou yo pale de yon kongregasyon ki te gen kretyen ladan l, men pi souvan, yo itilize l pou yo pale de tout kongregasyon yo ansanm. — 1Wa 8:22; Tr 9:31; Wm 16:5.

  • Kòn.

    Li fè referans ak kòn bèt yo te konn itilize pou bwè, pou met luil, pou met lank ak pwodui bote, e yo te konn sèvi avè l kòm enstriman mizik ak enstriman pou bay siyal (1Sa 16:1, 13; 1Wa 1:39). Byen souvan, yo itilize “kòn” nan yon sans senbolik e li gen sans fòs, viktwa ak pran yo pran yon peyi. — Dt 33:17; Mi 4:13; Za 1:19.

  • Kòn lotèl la.

    Se yon pati nan yon lotèl ki gen fòm kòn ki konn nan kat kwen kèk lotèl (Le 8:15; 1Wa 2:28). — Gade Apendis B5 ak B8.

  • Koray.

    Se yon bagay ki di, ki sanble ak wòch e se eskelèt ti bèt ki nan lanmè ki bay li. Yo jwenn li nan lanmè e li konn diferan koulè tankou wouj, blan oswa nwa. Te gen koray an kantite nan Lanmè Wouj. Nan tan biblik yo, yo te konn fè ti grenn ki gen twou ladan yo ak koray wouj yo pou yo fè bijou e yo te konn itilize yo tou pou lòt kalite dekorasyon. — Pw 8:11.

  • Kote ki pi sen an.

    Se pyès ki pi fon nan tabènak la ak nan tanp lan, e se la yo te mete lach alyans lan. Selon Lwa Moyiz la, se sèl gran prèt la ki te gen dwa antre Kote ki pi sen an, e se sèlman nan jou Pirifikasyon an li te ka antre kote sa a pandan ane a. — Eg 26:33; Le 16:2, 17; 1Wa 6:16; Eb 9:3.

  • Kote ki sen an.

    Se te premye e pi gwo pyès nan tabènak la oswa nan tanp lan, men se pa li ki pyès ki pi anndan an, pyès ki rele Kote ki pi sen an. Nan tabènak la, Kote ki sen an te gen ladan l pòtlanp annò a, lotèl annò pou boule lansan an, tab yo te konn met pen yo prezante devan Bondye yo ak veso annò yo. Nan tanp lan, Kote ki sen an te gen ladan l lotèl annò a, dis pòtlanp annò yo ak dis tab yo te konn met pen yo prezante devan Bondye yo (Eg 26:33; Eb 9:2). — Gade Apendis B5 ak B8.

  • Kote ki wo.

    An jeneral, se yon kote ki te sou tèt yon mòn oswa sou yon estrad yo fè kote moun te konn al adore. Se vre pafwa yo te konn al kote ki wo yo pou yo adore Bondye, men ekspresyon sa a te plis gen rapò  ak adorasyon fo dye. — Nb 33:52, nòt; 1Wa 3:2; Jr 19:5.

  • Koude.

    Se plizoumwen distans ant koud bra yon moun ak pwent dwèt ki pi long nan senk dwèt li yo. An jeneral, koude Izrayelit yo te plis itilize a te mezire anviwon 44,5 sm (17,5 pous). Men, yo te konn itilize tou yon koude ki long ki te mezire anviwon 51,8 sm (20,4 pous), e koude sa a te gen lajè kat dwèt anplis koude yo te plis itilize a (Jen 6:15). — Gade Apendis B14.

  • Kouvèti pou padon.

    Se kouvèti lach alyans lan, e se devan l gran prèt la te konn vide san sakrifis yo te konn ofri nan jou Pirifikasyon an. Mo ebre a soti nan yon vèb ki vle di: “kouvri (peche)” oswa petèt: “efase (peche)”. Li te fèt ak lò e te gen de cheriben sou li, youn nan chak pwent li. Pafwa, yo konn annik rele l: “kouvèti a”. (Eg 25:17-22; 1Kw 28:11; Eb 9:5, nòt.) — Gade Apendis B5.

  • Kò.

    Yon mezi pou bagay ki likid ak bagay ki pa likid. Li egal 220 lit (58,1 gal). Yo fè kalkil sa a sou baz mezi ki rele bat la (1Wa 5:11). — Gade Apendis B14.

  • Kretyen.

    Se non Bondye te fè yo bay moun k ap suiv Jezi Kris yo. — Tr 11:26; 26:28.

  • Krikèt.

    Lwa Moyiz la te konsidere krikèt ki konn deplase an gwoup yo kòm bèt ki pwòp pou moun manje. Gwoup krikèt sa yo manje tout sa yo jwenn sou wout yo, sa ki konn lakòz gwo destriksyon ki tankou flewo. — Eg 10:14; Mt 3:4.

  • Kris.

    Se yon tit Jezi genyen ki soti nan mo grèk Kristòs ki koresponn ak mo ebre yo mete “Mesi” oubyen “Moun Bondye chwazi a” lè y ap tradui l. — Mt 1:16; Jn 1:41.

L

  • Lach alyans lan.

    Se yon kòf ki te fèt ak bwa akasya e ki te kouvri ak lò ki te nan Kote ki pi sen an nan tabènak la e annapre ki te nan Kote ki pi sen an nan tanp Salomon te konstwi a. Li te gen yon kouvèti annò ki te solid e ki te gen de cheriben sou li, youn anfas lòt. Bagay ki te pi enpòtan ki te konn ladan l se de wòch plat yo te ekri Dis Kòmandman yo sou yo a (Dt 31:26; 1Wa 6:19; Eb 9:4). — Gade Apendis B5 ak B8.

  • Lach Temwayaj.

    Mo “Temwayaj” la nan ekspresyon sa a, ki parèt nan kèk nòt anba paj, gen rapò ak Dis Kòmandman Bondye te bay Moyiz e ki te ekri sou de wòch plat yo. — Eg 31:7, nòt.

  • Lajè yon men.

    Se yon mezi ki plizoumwen egal ak distans ki ant pwent dwèt pous la ak pwent ti dwèt ki rele orikilè a lè senk dwèt nan pla men an ouvè nèt. Lajè yon men egal ak 22,2 sm (8,75 pous) lè yo baze kalkil yo sou yon koude ki mezire 44,5 sm (17,5 pous). (Eg 28:16; 1Sa 17:4.) — Gade Apendis B14.

  • Lakou.

    Espas ki te toutotou tabènak la, ki te gen yon kloti ki bare l e annapre se te youn nan lakou ki te toutotou bilding prensipal tanp lan ki te gen yon mi ki bare l. Lotèl pou ofri sakrifis y ap boule yo te nan lakou tabènak la e li te nan lakou ki pi anndan nan tanp lan. (Gade Apendis B5, B8, B11.) Anplis de sa, Bib la pale de lakou lè y ap pale de kay  ak palè. — Eg 8:13; 27:9; 1Wa 7:12; Est 4:11; Mt 26:3.

  • Lamàn.

    Se te prensipal manje Izrayelit yo te manje pandan 40 an yo te fè nan dezè a, e se Jewova ki te ba yo l. Li te konn parèt atè chak maten, sof jou saba a, e lawouze te kouvri l. Premye fwa Izrayelit yo te wè l, yo te di: “Ki sa sa a ye?” oubyen ann ebre: “man hou”? (Eg 16:13-15, 35.) Nan kèk lòt kontèks, yo pale de li tankou “manje angren ki te sot nan syèl la” (Sm 78:24), “pen ki te sot nan syèl la” (Sm 105:40), oubyen “pen kreyati ki pisan yo”. (Sm 78:25.) Jezi te pale de lamàn nan yon sans senbolik tou. — Jn 6:49, 50.

  • Lami.

    Se yon pwodui ki santi bon yo te konn jwenn nan plizyè ti pyebwa ki gen pikan oswa nan ti pyebwa ki soti nan menm fanmi ak pyebwa yo rele Commiphora a. Lami se te youn nan engredyan yo te met nan luil onksyon ki sakre a. Yo te konn itilize l pou bay kèk bagay tankou rad oswa kabann bon sant, e yo te konn mete l nan luil yo te konn itilize pou bay moun masaj oswa nan pwodui pou kò moun. Yo te konn itilize lami tou pou prepare kò moun pou antèman. — Eg 30:23; Pw 7:17; Jan 19:39.

  • Lang arameyen.

    Se yon lang ki pwòch ak lang ebre a, e yo gen menm alfabè. Okòmansman, se Arameyen yo ki te konn pale lang sa a, men annapre, li te vin yon lang entènasyonal moun te itilize pou yo fè komès e pou yo kominike youn ak lòt nan Anpi asiryen an ak nan Anpi babilónyen an. Mete sou sa, se te lang ofisyèl Anpi pès la (Esd 4:7). Gen kèk pati nan liv Esdras la, liv Jeremi an ak liv Dànyèl la ki te ekri nan lang arameyen. — Esd 4:8–6:18; 7:12-26; Jr 10:11; Dn 2:4b–7:28.

  • Lanmou [ki] fidèl.

    Pifò fwa, se mo ebre kesèd la yo tradui konsa, e se angajman, entegrite, fidelite ak gwo atachman ki fè yon moun montre lanmou sa a. Byen souvan, yo sèvi ak ekspresyon sa a pou pale de lanmou Bondye gen pou lèzòm, men, yo itilize l tou pou pale de lanmou moun gen pou moun. — Eg 34:6; Rit 3:10.

  • Lansan.

    Yon melanj ki fèt ak gonm ak luil ki santi bon ki pa boule vit e ki bay yon bon sant lè l ap boule. Lansan espesyal yo te konn itilize nan tabènak la ak nan tanp lan te fèt ak kat engredyan. Yo te konn boule l lajounen kou lannuit sou lotèl lansan an anndan Kote ki sen an e nan jou Pirifikasyon an, yo te konn boule l nan Kote ki pi sen an. Li senbolize priyè Bondye aksepte nan men sèvitè fidèl li yo. Kretyen yo pa oblije itilize lansan. — Eg 30:34, 35; Le 16:13; Re 5:8.

  • Lansan blan.

    Yon gonm yo seche ki soti nan kèk pyebwa ki nan kategori plant yo rele Boswellia a. Lè yo boule l, li bay yon bon sant. Se te youn nan engredyan yo te itilize pou fè lansan sakre yo te konn itilize nan tabènak la ak nan tanp lan. Mete sou sa, yo te konn mete l ansanm ak ofrann manje angren yo e sou chak pil pen yo te konn ofri Bondye yo, ki te anndan Kote ki pi sen an. — Eg 30:34-36; Le 2:1; 24:7; Mt 2:11.

  • Lapenn.

    Se santiman tristès moun genyen akoz moun pa yo ki mouri, oswa akoz lòt malè ki rive. Nan tan  biblik yo, moun yo te konn nan lapenn pou moun pa yo ki mouri pandan yon tan. Yo pa t konn kriye byen fò sèlman, men yo te konn met rad espesyal sou yo, yo te konn met sann sou tèt yo, yo te konn dechire rad yo e yo te konn bat lestomak yo. Pafwa, yo te konn peye moun pou vin rele nan antèman an. — Jen 23:2; Est 4:3; Re 21:4.

  • Lasit.

    De gwo ban sab ki pa tèlman antre fon nan lanmè ki twouve yo sou kòt peyi Libi, ann Afrik Dinò. Maren nan tan lontan yo te pè ban sab sa yo anpil paske yo pa t janm sispann vin pi gwo akoz mare yo (Tr 27:17). — Gade Apendis B13.

  • Ledven.

    Yon engredyan yo te konn met nan pat farin pou fè pat la leve oswa yo te konn mete l nan likid. Ledven an se sitou yon rès pat yo te sere ki te deja gen ledven ladan l. Nan Bib la, souvan mo sa a reprezante peche ak koripsyon, e yo sèvi avè l tou pou yo pale de yon bagay ki grandi e ki gaye san moun pa wè. — Eg 12:20; Mt 13:33; Ga 5:9.

  • Lèp.

    — Gade MALADI LÈP; MOUN KI GEN LÈP.

  • Lepton.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se pyès monnen an kuiv oswa an bwonz Juif yo te genyen ki te pi piti (Mk 12:42, nòt; Lk 21:2, nòt). — Gade Apendis B14.

  • Lespri.

    — Gade ESPRI; LESPRI.

  • Lespri sen.

    Se fòs envizib Bondye itilize pou l akonpli volonte l. Lespri sa a sen paske se nan Jewova li soti, li menm ki sen e ki jis nan nivo ki pi wo a, e paske se avè l Bondye sèvi pou l akonpli sa ki sen. — Lk 1:35; Tr 1:8.

  • Letan dife.

    Se yon zòn senbolik kote “gen dife ak souf”. Yo pale de li kòm “dezyèm lanmò a” tou. Y ap jete moun ki pa repanti yo, Dyab la, e menm lanmò ak Tonm nan (oswa Adès) kote sa a. Etandone dife pa ka detwi yon kreyati espirityèl, lanmò oswa Adès, sa montre letan sa a pa reprezante yon kote moun pral soufri pou toutan, men li reprezante destriksyon pou toutan. — Re 19:20; 20:14, 15; 21:8.

  • Levi; Levit.

    Levi se twazyèm pitit gason Jakòb te fè ak Leya, madanm li, e te gen yon tribi ki te pote non Levi. Twa prensipal gwoup Levit yo se nan twa pitit gason Levi yo yo soti. Pafwa, mo “Levit” la fè referans ak tout tribi a, men an jeneral, fanmi prèt Arawon pa ladan l. Tribi Levi a pa t resevwa yon moso tè nan Latè Bondye te pwomèt la, men yo te ba yo 48 vil ki te nan tèritwa lòt tribi yo. — Dt 10:8; 1Kw 6:1; Eb 7:11.

  • Levyatan.

    An jeneral, yo pale de bèt sa a anrapò ak dlo, e sanble se yon bèt ki viv nan dlo. Sanble Levyatan y ap pale nan Jòb 3:8 ak Jòb 41:1 an se kayiman oswa yon lòt gwo bèt ki gen anpil fòs ki viv nan dlo. Nan Sòm 104:26 la, sanble se yon kalite balèn. Gen lòt kote yo sèvi avè l nan yon sans senbolik e li pa fè referans ak okenn bèt. — Sm 74:14; Eza 27:1.

  • Lib.

    — Gade MOUN LIB; MOUN KI VIN LIB.

  • Lòg.

    Nan Bib la, se pi piti mezi pou bagay ki likid. Nan Talmid Juif la, yo fè konnen li egal 1/12 hin e sou baz kalkil sa a, yon lòg egal 0,31 lit (Le 14:10). — Gade Apendis B14.

  •  Lotèl.

    Se yon bagay yo te konstwi oswa yon platfòm ki te yon ti jan wo ki te fèt an tè, ak wòch, oswa ak bwa yo te kouvri ak yon metal, oubyen se te yon gwo mas wòch. Yo te konn ofri sakrifis sou yo, oswa yo te konn boule lansan sou yo lè y ap adore vrè Dye a oubyen lòt dye. Nan premye chanm ki te nan tabènak la oswa tanp lan, te gen yon ti “lotèl annò” ki te la pou yo ofri lansan. Li te fèt ak bwa yo te kouvri ak lò. Te gen yon ‘lotèl an kuiv’ ki te pi gwo deyò nan lakou a pou yo boule sakrifis (Eg 27:1; 39:38, 39; Jen 8:20; 1Wa 6:20; 2Kw 4:1; Lk 1:11). — Gade Apendis B5 ak B8.

  • Lwa; Lalwa.

    Lè nou ekri l “Lwa” oswa “Lalwa” avèk “l” majiskil, mo sa a gen rapò ak Lwa Moyiz la oubyen ak senk premye liv ki nan Bib la. Lè nou ekri l “lwa” oswa “lalwa” avèk “l” miniskil, mo sa a gen rapò ak yon lwa ki nan Lwa Moyiz la oswa ak yon prensip. — Nb 15:16; Dt 4:8; Mt 7:12; Ga 3:24.

  • Lwa Moyiz; Lalwa Moyiz.

    Se Lwa Jewova te bay Izrayelit yo pa mwayen Moyiz nan dezè Sinayi a nan ane 1513 anv. e. n. Souvan, yo sèvi ak mo Lalwa a pou fè referans ak senk premye liv ki nan Bib la. — Joz 23:6; Lk 24:44.

M

  • Madanm sou kote.

    Lòt madanm yon gason te genyen, souvan se te yon sèvant. — Eg 21:8; 2Sa 5:13; 1Wa 11:3.

  • Mahalat.

    Se yon mo yo itilize nan mizik nou jwenn nan pawòl ki anlè tèt Sòm 53 ak Sòm 88. Li ka gen rapò ak yon vèb ebre ki vle di: “vin fèb; tonbe malad”. Sa ki te montre yo dwe jwe sòm sa yo sou yon ton ki tris, sa ki t ap ann amoni ak pawòl tris ki nan de sòm sa yo.

  • Majistra.

    Anba dominasyon Babilòn, majistra yo se te yon seri fonksyonè piblik ki te nan diferan tèritwa Babilòn yo, ki te konn lalwa byen e ki te gen dwa pou yo aji antanke jij, byenke dwa sa a te limite. Nan tèritwa ki te anba pouvwa Women yo, majistra yo se te fonksyonè ki t ap travay nan gouvènman an. Pami travay yo te gen pou yo fè, yo te dwe fè gen lòd, kontwole ekonomi tèritwa yo, jije moun ki vyole lalwa yo, epi bay lòd pou yo pini moun. — Dn 3:2; Tr 16:20.

  • Maladi lèp; Moun ki gen lèp.

    Se yon maladi po ki grav. Maladi lèp yo pale nan Bib la pa fin menm ak sa nou konnen jodi a, paske ni moun, ni rad, ni kay te ka genyen l. — Le 14:54; Lk 5:12.

  • Maladi sou plant.

    Nenpòt nan maladi ki tonbe sou plant yo akoz chanpiyon. Gen moun ki panse maladi Bib la pale de li a se lè ti branch yon plant vin nwa tèlman sèch (Puccinia graminis). — 1Wa 8:37.

  • Malediksyon; Modi.

    Se lè yo menase yon moun oswa lè yo mande pou bagay mal rive yon moun oswa yon bagay. Byen souvan, yon malediksyon konn yon deklarasyon yon moun fè oswa li mande pou yon malè rive, e lè se Bondye ki bay malediksyon oswa li mande yon moun pou l bay malediksyon, pawòl sa a gen menm pwa ak yon pwofesi. — Jen 12:3; Nb 22:12; Ga 3:10.

  •  Malkam.

    Li posib pou se li yo te rele Molèk, dye prensipal desandan Amon yo (Sf 1:5). — Gade MOLÈK.

  • Maryaj kote yon gason marye ak madanm frè l.

    Selon yon koutim ki te vin antre nan Lwa Moyiz la, yon gason ki gen frè l ki mouri e frè a pa t gen pitit te dwe marye ak madanm frè l la ki vèv pou l te ka fè pitit ki t apral pèmèt frè l la gen yon desandans. Yo te rele koutim sa a maryaj leviratik tou. — Jen 38:8; Dt 25:5.

  • Masedwàn.

    Se yon zòn nan nò peyi Lagrès ki te vin gen anpil enpòtans sou Aleksann Legran e ki te endepandan jiskaske l te vin anba dominasyon Women yo. Premye fwa apot Pòl t al ann Ewòp, Masedwàn te anba dominasyon Women yo. Apot Pòl t al vizite zòn sa a twa fwa (Tr 16:9). — Gade Apendis B13.

  • Maskil.

    Yon mo ebre yo pa fin konn sa l vle di ki parèt nan pawòl ki anlè tèt 13 nan sòm yo. Li posib pou l vle di: “powèm ki fè moun reflechi”. Gen moun ki panse gen yon lòt mo, ki sanble ak mo maskil la, lè yo tradui l yo mete “byen fè sèvis” pou li ki ta ka gen menm sans avè l. — 2Kw 30:22; Sòm 32:tèt.

  • Mechan an.

    Yon tit yo itilize pou pale de Dyab la, Satan, ki opoze ak Bondye e ki kont prensip Bondye yo ki jis. — Mt 6:13; 1J 5:19.

  • Medi.

    Moun peyi Medi yo se desandan Madayi yo, pitit gason Jafèt, e yo te vin abite nan mòn ki nan peyi Iran yo, zòn ki te vin rele peyi Medi. Moun peyi Medi yo te met ansanm ak moun Babilòn yo pou yo te pot laviktwa sou peyi Asiri. Nan moman sa a, peyi Pès te yon pwovens ki te anba kontwòl peyi Medi. Men, Siris te vin revòlte e peyi Medi te vin fè yon sèl ak peyi Pès, se konsa yo te vin tounen Anpi Medi ak Pès ki te pot laviktwa sou Babilòn nan ane 539 anv. e. n. Te gen moun peyi Medi ki te nan Jerizalèm pandan Pannkòt ane 33 e. n. (Dn 5:28, 31; Tr 2:9). — Gade Apendis B9.

  • Medyatè; Entèmedyè.

    Yon moun k ap ede de pati rekonsilye youn ak lòt. Bib la fè konnen Moyiz te medyatè alyans Lalwa a, e Jezi se medyatè nouvo alyans lan. — Ga 3:19; 1Ti 2:5.

  • Mesi.

    Se yon mo ki soti nan yon mo ebre ki vle di: “moun Bondye chwazi a”. Mo “Kris” la vle di menm bagay la, e li se yon mo ki soti nan lang grèk. — Dn 9:25; Jn 1:41.

  • Mete men sou.

    — Gade POZE MEN SOU; METE MEN SOU.

  • Mewodak.

    Dye prensipal vil Babilòn. Apre wa Babilòn nan ak Amourabi, yon moun ki konn fè lwa, te fin fè vil Babilòn tounen kapital tout tèritwa Babilòn nan, dye ki rele Mewodak (oswa Madouk) la te vin yon dye ki gen plis enpòtans, li te pran plas lòt dye ki te la anvan l yo e li te vin tounen dye prensipal la. Annapre, yo te vin ranplase non Mewodak la (oswa Madouk) ak tit “Belou” (Mèt) e souvan, lè y ap pale de Mewodak, yo te konn di Bèl. — Jr 50:2.

  • Miktam.

    Se yon mo ebre ki parèt nan pawòl ki anlè tèt sis sòm (Sm 16, 56-60). Se yon mo teknik yo pa fin konn sa l vle di, byenke li ka gen rapò ak ekspresyon “sa ki ekri” a.

  • Milkòm.

    Se yon dye desandan Amon yo te konn adore, e petèt se li yo  te rele Molèk la tou (1Wa 11:5, 7). Prèske nan fen rèy wa Salomon, Salomon te konstwi kote ki wo pou yo adore fo dye sa a. — Gade MOLÈK.

  • Milo.

    Yon konstriksyon ki te nan vil David la. Petèt se te yon seri mi ki te sèvi kòm sipò oswa yon lòt kalite sipò. — 2Sa 5:9; 1Wa 11:27.

  • Min.

    Yo rele l mane nan liv Ezekyèl la tou. Yo te sèvi avè l kòm lajan e kòm mezi pou pran pwa. Selon prèv akeyològ yo bay, yon min egal 50 chekèl, e yon chekèl peze 11,4 g, se sa k fè min yo pale de li nan Liv ki te ekri ann ebre yo te peze 570 g. Sanble te gen yon min yo te konn itilize nan palè wa a, menm jan te gen yon koude yon te konn itilize nan palè wa a. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yon min te egal 100 drak e li te peze 340 g. 60 min egal yon talan (Esd 2:69; Lk 19:13, nòt). — Gade Apendis B14.

  • Mirak.

    Aksyon oswa fenomèn ki depase tout pouvwa moun ka genyen, e ki fèt grasa yon fòs ki pa soti nan lòm. Pafwa, nan Bib la, yo itilize ekspresyon tankou “siy” oubyen “mèvèy” pou yo di menm bagay la. — Eg 4:21; Tr 4:22; Eb 2:4.

  • Modi.

    — Gade MALEDIKSYON; MODI.

  • Molèk.

    Se dye desandan Amon yo, e li posib pou se li yo te rele Malkam, Milkòm oubyen Molòk tou. Petèt se yon tit, se pa non yon dye. Selon Lalwa Moyiz la, yo te dwe touye kèlkeswa moun ki sakrifye pitit li bay Molèk. — Le 20:2; Jr 32:35; Tr 7:43.

  • Molòk.

    — Gade MOLÈK.

  • Mòn Liban yo.

    Youn nan de ranje mòn ki fòme chèn montay ki nan peyi Liban an. mòn Liban yo nan lwès, e mòn Antiliban yo nan lès. Gen yon vale ki long e ki bay anpil manje ki separe de ranje mòn sa yo. Ranje Mòn Liban yo monte soti depi zòn ki bò lanmè Meditèrane a, e yo rive jiska 1 800 ak 2 100 m (6 000 ak 7 000 pye) wotè. Nan tan lontan, peyi Liban te chaje ak gwo pyebwa sèd, yon pyebwa nasyon ozalantou peyi Liban yo te bay anpil valè (Dt 1:7; Sm 29:6; 92:12). — Gade Apendis B7.

  • Moun k ap chèche pale ak mò.

    Yon moun ki fè konnen li konn pale ak mò. — Lev. 20:27; Det. 18:10-12; 2 Wa 21:6.

  • Moun k ap dirije mizisyen yo.

    Jan yo itilize ekspresyon sa a nan liv Sòm nan, mo ebre a sanble fè referans ak moun ki te konn fè aranjman mizik yo, ki te konn dirije moun ki t ap chante mizik sa yo, ki te konn fè repetisyon ak Levit ki te konn chante yo e ki te montre yo jan pou yo chante. Li te menm konn pran latèt lè y ap chante nan okazyon espesyal yo. Gen lòt tradiksyon Labib ki mete “mizisyen an chèf” pou ekspresyon sa a. — Sm 4:tèt; Sm 5:tèt.

  • Moun k ap veye.

    — Gade GAD K AP VEYE; MOUN K AP VEYE.

  • Moun ki konn fè vizyon.

    Yon moun Bondye bay pèmisyon pou l rive konprann volonte Bondye, yon moun ki ka wè oswa ki ka konprann yon seri bagay pifò moun pa ka wè oswa konprann. Mo ebre a soti nan yon mo ki vle di: “wè”, kit se nan sans literal, kit se nan sans senbolik. Lòt moun te konn al kot moun ki konn  fè vizyon pou yo jwenn konsèy ki saj sou kèk pwoblèm yo rankontre. — 1Sa 9:9.

  • Moun lib; Moun ki vin lib.

    Pandan dominasyon women an, yon “moun lib” se te yon moun ki te fèt tou lib e l te gen tout dwa yon sitwayen women te genyen. Alòske, yon “moun ki vin lib” se te yon moun ki pa t esklav ankò. Yon moun ki te vin lib yon fason legal te vin sitwayen women, men l pa t ka gen okenn pòs nan gouvènman an. Yon moun ki te vin lib yon fason ki pa legal pa t esklav ankò men l pa t gen menm dwa ak sitwayen yo. — 1Ko 7:22.

  • Moun Nazarèt.

    Yon non yo te bay Jezi paske l te soti nan vil Nazarèt. Li posib pou non sa a gen rapò ak mo ebre yo mete “boujon” pou li a nan Ezayi 11:1. Pi devan, yo te vin itilize non sa a pou yo pale de disip Jezi yo. — Mt 2:23; Tr 24:5.

  • Moutlabenn.

    Yon mo ki parèt nan pawòl ki anlè tèt Sòm 9 la. Selon tradisyon moun yo, mo sa a te vle di: “konsènan lanmò pitit gason an”. Gen kèk moun ki fè konnen se te yon non oswa yon mo pou kòmanse yon melodi tout moun konnen e yo te dwe itilize l lè y ap chante sòm sa a.

N

  • Na.

    Se yon luil koulè wouj pal ki santi bon, ki koute chè, ki soti nan yon plant (Nardostachys jatamansi) ki bay bon sant. Lefètke luil sa a te chè anpil, souvan yo te konn melanje l ak lòt luil ki koute mwen chè, e pafwa yo te konn vann lòt luil pou vrè na a. Disip Mak ak apot Jan te fè konnen se “yon bon na” yon dam te vide sou tèt Jezi. — Mk 14:3; Jan 12:3.

  • Nanm.

    Se konsa yo abitye tradui mo ebre nèfèch la ak mo grèk sikè a. Lè n egzamine fason yo itilize de mo sa yo nan Bib la, an jeneral, yo gen rapò ak: 1) moun; 2) bèt; 3) lavi yon moun oswa lavi yon bèt (Jen 1:20; 2:7; Nb 31:28; 1P 3:20; nòt yo tou). Kontrèman ak fason yo itilize mo nanm nan nan anpil relijyon, Bib la montre lè mo nèfèch la ak mo sikè a gen rapò ak kreyati ki sou tè a, yo fè referans ak kreyati fizik moun ka touche, moun ka wè e ki ka mouri. Nan tradiksyon sa a, souvan yo tradui mo sa yo ki soti nan lang orijinal la selon sans yo genyen nan chak kontèks, e yo itilize kèk ekspresyon tankou “lavi”, “kreyati”, “moun”, “tout moun nan nèt” oswa yo sèlman itilize yon pwonon (pa egzanp “mwen” pou “nanm mwen”). Nan pifò ka, gen nòt ki bay lòt fason yo ka tradui “nanm”. Lè mo “nanm” nan parèt nan tèks prensipal la oswa nan nòt yo, yon moun ki byen konprann esplikasyon nou sot bay pi wo a pap gen pwoblèm pou l konprann sans mo sa a. Lè yo itilize mo sa a pou yo pale de yon moun ki fè yon bagay ak tout nanm li, sa vle di moun nan fè bagay sa a ak tout li menm, ak tout kè l oswa ak tout lavi l (Dt 6:5; Mt 22:37). Nan kèk kontèks, yo kapab itilize mo sa yo ki soti nan lang orijinal la pou pale de anvi oswa apeti yon kreyati vivan genyen. Mo sa yo ka gen rapò tou ak yon moun ki mouri oswa ak yon kadav. — Nb 6:6; Pw 23:2; Eza 56:11; Aj 2:13.

  •  Nazireyen.

    Yon mo ki soti nan lang ebre ki vle di: “Yon moun yo mete apa” oswa: “Yon moun ki vwe tèt li.” Te gen de kategori Nazireyen: sila yo ki te deside vin Nazireyen ak sila yo Bondye te chwazi pou vin Nazireyen. Yon gason oswa yon fi te ka fè Jewova yon ve espesyal pou yo viv antanke Nazireyen pandan yon tan. Gen twa bagay moun ki te fè ve sa a te dwe respekte: yo pa t dwe bwè ni alkòl ni manje okenn pwodui ki soti nan pye rezen, yo pa t dwe koupe cheve yo e yo pa t dwe manyen yon kadav. Moun Bondye te chwazi pou vin Nazireyen yo te Nazireyen pandan tout vi yo, e Jewova te fè konnen aklè ki sa l te mande pou yo fè. — Nb 6:2-7; Jj 13:5.

  • Nefilim.

    Yon seri pitit gason ki vyolan zanj ki te pran fòm kò moun yo te fè ak pitit fi lèzòm yo anvan delij la. — Jen 6:4.

  • Netinim.

    Yon seri moun ki pa t Izrayelit ki t ap travay nan tanp lan. Yon fason literal, ekspresyon ebre a vle di: “Moun yo bay yo.” Sa ki montre yo te bay moun sa yo pou yo travay nan tanp lan. Sanble pifò Netinim yo se te desandan moun Gabawon yo, yon seri moun Jozye te met “ranmase bwa e li [te] mete yo bwote dlo pou pèp la ak lotèl Jewova a”. — Joz 9:23, 27; 1Kw 9:2, nòt; Esd 8:17, nòt.

  • Neyilòt.

    Yon mo moun pa fin konn sa l vle di ki parèt nan pawòl ki anlè tèt Sòm 5 lan. Gen kèk moun ki panse se non yon enstriman moun soufle ladan l e yo fè yon lyen ant mo sa a ak rasin mo ebre a ki gen rapò ak chalil (flit). Sepandan, mo sa a gendwa se non yo bay yon melodi.

  • Nizan.

    Se non premye mwa nan kalandriye Juif yo te konn itilize nan adorasyon yo bay Bondye a, e se non setyèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan mas pou l fini nan mitan avril. Anvan Juif yo t al ann egzil nan peyi Babilòn, mwa sa a te rele Abib (Ne 2:1). — Gade Apendis B15.

  • Nouvèl lin.

    Se premye jou nan chak mwa kalandriye Juif la. Se yon jou moun yo te konn reyini ansanm, yo te konn fè fèt e yo te konn ofri kèk sakrifis espesyal. Pi devan, jou sa a te vin tounen yon fèt nasyonal ki enpòtan anpil, e pèp la pa t konn fè travay nan jou sa a. — Nb 10:10; 2Kw 8:13; Kl 2:16.

O

  • Ofrann ki balanse.

    Yon ofrann yo te konn fè kote prèt la te konn mete men l anba men moun k ap ofri sakrifis la toutpandan moun nan kenbe sakrifis la nan men l, epi prèt la balanse men moun nan ak tout ofrann nan, oubyen prèt la konn balanse ofrann nan poukont li. Lè yo te fè sa se prezante yo te prezante ofrann nan bay Jewova. — Le 7:30.

  • Ofrann pou di Bondye mèsi.

    Se yon ofrann oswa yon sakrifis yo te konn fè pou yo fè louwanj pou Bondye pou sa l fè pou yo ak lanmou fidèl li genyen. Yo te manje vyann bèt la ak pen ki te gen ledven e ak pen ki te san ledven. Yo te dwe manje vyann bèt la menm jou a. — 2Kw 29:31.

  • Ofrann pou yon ve.

    Yon ofrann kè yon moun pouse l fè pou l montre li fè yon ve. — Le 23:38; 1Sa 1:21.

  •  Omè.

    Yon mezi pou bagay ki pa likid ki egal 2,2 lit. Li dis fwa pi piti pase yon efa (Eg 16:16). — Gade Apendis B14.

  • Oniks.

    Se yon pyè ki pa gen twòp valè, yon kalite agat ki di anpil oswa yon fòm kalsedwàn. Oniks la gen kèk kouch blanch ki melanje ak kouch nwa, mawon, wouj, gri oswa vèt. Yo te mete l nan rad espesyal yo te fè pou gran prèt la. — Eg 28:9, 12; 1Kw 29:2; Jb 28:16.

  • Onksyon.

    Premye sans mo ebre a genyen se “pase luil sou” oswa “vide luil sou”. Yo te konn pase luil sou yon moun oubyen sou yon bagay pou montre yo chwazi bagay sa a oswa moun sa a pou yon sèvis espesyal. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo sèvi ak mo sa a tou pou yo pale de vide Bondye vide lespri sen l sou moun li chwazi pou al viv nan syèl la. — Eg 25:6; 28:41; 1Sa 16:13; 2Ko 1:21; 1J 2:20.

  • Orèb; Mòn Orèb.

    Se zòn ki gen mòn ki toutotou mòn Sinayi a. Se yon lòt non Mòn Sinayi genyen (Eg 3:1; Dt 5:2). — Gade Apendis B3.

  • Osò.

    — Gade FÈ TIRAJ OSÒ.

  • Ourim ak Toumim.

    Kèk bagay gran prèt la te konn itilize menm jan yo konn sèvi ak bagay yo te konn fè tiraj osò yo yon fason pou l konnen volonte Jewova lè yo bezwen konn sa l panse konsènan kèk kesyon ki gen enpòtans pou tout pèp la. Gran prèt la te konn met Ourim nan ak Toumim nan pòch rad li lè l ap antre nan tabènak la. Sanble yo te sispann sèvi avè yo lè moun peyi Babilòn yo te detwi Jerizalèm. — Eg 28:30; Ne 7:65.

P

  • Pachemen.

    Se po yon mouton, yon kabrit oswa yon bèf yo te prepare pou yo ekri sou yo. Li te dire pi lontan pase papiris e yo te konn itilize l pou yo fè woulo pou Bib la. Li posib pou pachemen Pòl te mande Timote pote pou li yo se te kèk pòsyon nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Gen kèk nan woulo yo te jwenn nan Lanmè Mòt la ki te ekri sou pachemen. — 2Ti 4:13.

  • Padon pou peche.

    Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, ekspresyon sa a gen rapò ak sakrifis moun te konn ofri Bondye pou yo ka pwoche bò kote l e pou yo adore l. Sou Lwa Moyiz la, se sitou nan jou Pirifikasyon an moun yo te konn ofri sakrifis sa yo pou yo te rekonsilye ak Bondye malgre peche yo chak te fè e malgre peche tout nasyon an te fè. Sakrifis sa yo te anonse sakrifis Jezi a ki t apral pèmèt limanite jwenn padon pou peche yo yon fwa pou tout, sa ki t apral bay tout moun posiblite pou yo rekonsilye ak Jewova. — Le 5:10; 23:28; Kl 1:20; Eb 9:12.

  • Pannkòt.

    Dezyèm nan twa pi gwo fèt tout gason Juif yo te dwe al fete nan Jerizalèm. Pannkòt, ki vle di: “Senkantyèm (Jou)”, se non yo te itilize nan Liv ki te ekri an grèk yo pou yo pale de fèt yo rele fèt Rekòt pou premye danre a oswa fèt Semèn yo nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Yo te konn fete l sou 50yèm jou yo te konte apati 16 Nizan an. — Eg 23:16; 34:22; Tr 2:1.

  • Papiris.

    Yon plant ki tankou wozo ki pouse nan dlo yo te konn itilize pou  fè kèk bagay tankou pànye, resipyan ak bato. Yo te konn sèvi avè l tou pou fè yon materyèl pou ekri ki sanble ak papye, e yo te itilize l pou yo fè anpil woulo. — Eza 18:2.

  • Pa pwòp.

    Ekspresyon sa a kapab fè referans ak salte nan domèn fizik oswa ak pase lwa moral yo anba pye. Sepandan, nan Bib la, byen souvan, ekspresyon sa a fè referans ak sa k pa bon oswa ki pa pwòp selon Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la (Le 5:2; 13:45; Tr 10:14; Tt 1:15). — Gade PWÒP.

  • Paradi.

    Yon bèl kote oswa yon kote ki sanble ak yon bèl jaden. Edenn se te premye kote ki te konsa e se Jewova ki te fè l pou de premye moun yo. Lè Jezi t ap pale ak youn nan kriminèl ki te bò kote l sou poto soufrans lan, li te fè konnen tè a t ap gen pou l tounen yon paradi. Sanble, nan 2 Korentyen 12:4, paradi y ap pale de li a se yon paradi ki gen pou vini, e nan Revelasyon 2:7, se yon paradi ki nan syèl la. — Ch 4:13; Lk 23:43.

  • Patizan Ewòd yo.

    Yo rele yo Ewodyen tou. Se te yon gwoup moun nasyonalis ki t ap soutni objektif Ewòd yo e ki t ap dirije anba direksyon Women yo. Petèt, gen kèk nan Sadiseyen yo ki te nan gwoup sa a. Ewodyen yo te met ansanm ak Farizyen yo pou yo opoze ak Jezi. — Mk 3:6.

  • Pawòl ki anlè tèt chapit la.

    Se pati ki nan anlè yon sòm ki fè konnen kiyès ki te ekri l, ki bay enfòmasyon sou sa k pase nan lavi moun sa a, ki bay enstriksyon sou mizik la oswa ki endike jan yo te dwe itilize sòm nan oubyen objektif li. — Gade pawòl ki anlè tèt Sòm 3, 4, 5, 6, 7, 30, 38, 60, 92, 102.

  • Pay.

    Po fen ki soti sou grenn yo lè yo bat grenn yo ak lè yo vannen yo. Yo konn itilize mo pay la kòm senbòl pou pale de bagay ki pa vo anyen, bagay moun pa bezwen. — Sm 1:4; Mt 3:12.

  • Pensèt.

    Yon seri zouti ki fèt annò e ki petèt sanble ak pens yo te konn itilize nan tabènak la ak nan tanp lan pou etenn lanp yo. — Eg 37:23.

  • Pen yo konn prezante devan Bondye yo.

    Se 12 pen plat ki te won yo te fè fè de pil yo te konn mete sou tab ki te nan pati ki sen nan tabènak la ak nan tanp lan, e chak pil te gen sis pen ladan l. Yo te rele yo “pen yo te konn met youn sou lòt yo” tou. Chak saba, yo te konn met lòt pen fre nan plas pen yo te prezante devan Bondye yo. Nòmalman, se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen yo retire yo (2Kw 2:4; Mt 12:4; Eg 25:30; Le 24:5-9; Eb 9:2). — Gade Apendis B5.

  • Peyi Pès; Moun peyi Pès.

    Lè y ap pale de moun peyi Pès yo ak peyi Pès la, souvan yo pale de moun peyi Medi yo tou e moun peyi Pès yo te pwòch ak moun peyi Medi yo. Nan kòmansman istwa yo, moun peyi Pès yo te sèlman posede pati ki nan sidwès plato ki nan peyi Iran an. Lè Siris Legran t ap gouvène (selon kèk istoryen nan tan lontan, papa l te moun peyi Pès e manman l te moun peyi Medi), moun peyi Pès yo te vin gen plis pouvwa pase moun peyi Medi yo, byenke yo te kontinye fòme yon doub pisans. Siris te pot laviktwa sou Babilòn nan ane 539 anv. e. n.,  epi l te pèmèt Juif ki te ann egzil yo retounen nan peyi yo. Anpi Pès la te etann li soti nan Rivyè Endi ki nan lès pou rive nan Lanmè Eje ki nan lwès. Juif yo te anba dominasyon peyi Pès jiskaske Aleksann Legran te pot laviktwa sou moun peyi Pès yo nan ane 331 anv. e. n. Dànyèl te wè Anpi Pès la nan yon vizyon l te fè, epi liv Esdras, Neyemi ak Estè a pale de Anpi sa a tou (Esd 1:1; Dn 5:28). — Gade Apendis B9.

  • Pim.

    Se te yon pwa oswa yon pri moun Filisti yo te konn mande pou yo file divès bagay ki fèt an metal. Gen plizyè pwa an wòch akeyològ yo te jwenn pandan yo t ap fè fouy nan peyi Izrayèl ki gen ansyen konsòn ebre pou “pim” yo ekri sou yo, e chak pwa sa yo te peze an mwayèn 7,8 g, sa ki egal anviwon de tyè yon chekèl. — 1Sa 13:20, 21.

  • Pitit David.

    Yon ekspresyon yo itilize souvan pou yo pale de Jezi pou montre se li menm ki eritye alyans Wayòm nan, yon alyans ki te dwe pou yon moun ki sot nan fanmi David. — Mt 12:23; 21:9.

  • Pitit gason Arawon yo.

    Se desandan yon pitit pitit gason Levi, anpalan de Arawon, moun Bondye te chwazi kòm premye gran prèt anba Lalwa Moyiz la. Pitit gason Arawon yo te konn fè travay yo antanke prèt nan tabènak la ak nan tanp lan. — 1Kw 23:28.

  • Pitit lòm.

    Yon ekspresyon ki parèt anviwon 80 fwa nan Evanjil yo. Ekspresyon sa a gen rapò ak Jezi Kris e li montre lefètke Jezi te fèt nan lachè, li te vin tounen yon moun, men l pa t yon kreyati espirityèl ki te pran fòm kò yon moun. Anplis de sa, ekspresyon sa a montre pwofesi ki nan Dànyèl 7:13, 14 la te gen pou l reyalize sou Jezi. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yo te sèvi ak ekspresyon sa a pou Ezekyèl ak Dànyèl, de mesye ki te sèvi kòm pòtpawòl e ki ka mouri, ak Sila a ki te voye yo bay mesaj yo a. — Eze 3:17; Dn 8:17; Mt 19:28; 20:28.

  • Plak sakre.

    Se te yon plak byen klere ki te fèt ak bon lò e yo te grave pawòl ki vin apre yo sou li ann ebre: “Jewova sen.” Yo te mete plak sa a sou gwo mouchwa espesyal ki te vlope tèt gran prèt la, sou pati ki sou fwon l lan (Eg 39:30). — Gade Apendis B5.

  • Pòch.

    Pòch y ap pale la a se yon pòch gran prèt ann Izrayèl yo te konn mete sou kè yo nenpòt lè yo t ap antre nan Kote ki sen an e li te gen pyè ki gen anpil valè sou li. Yo te rele pòch sa a ‘pòch ki gen bagay y ap itilize pou yo konnen desizyon Bondye pran yo’ paske li te gen Ourim nan ak Toumim nan ladan l, de bagay yo te konn itilize pou konnen ki desizyon Jewova pran (Eg 28:15-30). — Gade Apendis B5.

  • Pòneya.

    — Gade IMORALITE SEKSYÈL.

  • Poto.

    Se yon sipò oswa yon kolòn ki byen dwat ki la pou soutni yon konstriksyon oswa se yon bagay ki sanble ak yon kolòn. Gen kèk poto yo te fè pou fè moun sonje yon gwo aksyon oswa yon gwo evènman ki te fèt. Yo te sèvi ak poto pou fè tanp lan ak konstriksyon wa Salomon te fè yo. Moun ki te konn adore fo dye yo te fè poto sakre ki gen rapò ak fo  relijyon, e rive yon lè, Izrayelit yo te vin ap fè menm jan an (Jj 16:29; 1Wa 7:21; 14:23). — Gade TÈT POTO ESPESYAL.

  • Poto sakre ki fèt an bwa.

    Mo ebre a (achera) gen rapò ak 1) yon poto sakre ki fèt an bwa ki reprezante Achera, ki se yon deyès kananeyen moun panse ki ka fè fi fè pitit, oswa ak 2) yon estati deyès Achera. Sanble poto sa yo te kanpe byen dwat, e gen omwen yon pati ladan yo ki te an bwa. Yo pa t toujou travay poto sa yo e pafwa se pyebwa menm yo te ye. — Dt 16:21; Jj 6:26; 1Wa 15:13.

  • Poto sakre ki fèt an wòch.

    Yon poto byen dwat ki te reprezante pati seksyèl Baal oswa lòt fo dye ankò. — Eg 23:24.

  • Poto soufrans.

    Yon bwa ki dwat moun kèk nasyon te konn itilize pou yo egzekite yon moun oswa pou yo pann kò yon moun ki mouri. Sa te sèvi kòm avètisman pou lòt moun oswa pou imilye yon moun an piblik. Selon lwa Juif yo, toudabò, yo te dwe touye yon moun ki koupab paske l fè kèk vye krim tankou blasfèm oswa idolatri lè yo kalonnen l ak wòch oswa lè yo touye l yon lòt fason, epi, apre sa, yo t ap pann kò l sou yon poto oswa yon pyebwa pou sèlman yon jou (Dt 21:22, 23). Pafwa, women yo konn annik mare yon viktim sou yon poto, e lè sa a moun nan te gendwa kontinye viv pandan plizyè jou anvan l mouri akoz doulè, swaf, grangou e akoz solèy la k ap bat li. Nan kèk lòt ka, tankou fason yo te egzekite Jezi a, Women yo te konn kloure ni men ni pye moun ki akize a sou yon poto (Mk 15:24; Jan 19:14-16; 20:25; Tr 2:23, 36). Pa gen okenn prèv ki montre mo grèk yo met poto soufrans pou li a vle di kwa, tankou sa payen yo te konn itilize kòm senbòl nan relijyon yo pandan plizyè syèk anvan Kris. Ekspresyon “poto soufrans” lan montre pèsekisyon, soufrans ak lawont disip Jezi yo t apral jwenn. — Mt 16:24; Eb 12:2.

  • Pourim.

    Se yon fèt yo te konn fete 14 ak 15 Ada. Li te fè Juif yo sonje fason yo te delivre anba destriksyon nan epòk rèn Estè a. Mo pourim nan pa soti nan lang ebre a e li vle di: “osò”. Yo te rele fèt Pourim nan, oswa fèt Osò a, konsa akoz aksyon Aman te fè lè l te fè tiraj Pou (Osò) pou l te chwazi jou l t apral reyalize konplo l te fè pou l detwi Juif yo. — Est 3:7; 9:26.

  • Poze men sou; Mete men sou.

    Yo te konn poze men sou yon moun pou yo nome l pou l fè yon travay espesyal oswa pou beni l, pou geri l oswa pou ba l lespri sen kòm kado. Pafwa, yo te konn poze men sou bèt yo anvan yo ofri yo kòm sakrifis. — Eg 29:15; Nb 27:18; Tr 19:6; 1Ti 5:22.

  • Pratik ki gen rapò ak movèzespri.

    Gen moun ki kwè lespri moun ki mouri yo soti nan kò fizik la, epi lespri sa yo ka antre an kontak ak moun ki vivan yo, espesyalman pa mwayen yon moun (yon divinò) yo kapab enfliyanse byen fasil. Mo grèk yo mete “pratik ki gen rapò ak movèzespri” pou li a se famakya. Yon fason literal, li vle di: “itilizasyon dwòg”. Mo sa a ka gen rapò ak pratik ki gen rapò ak movèzespri, paske nan tan lontan, moun te konn itilize dwòg lè  yo t ap envoke demon yo lè y ap pratike maji. — Ga 5:20; Re 21:8.

  • Premye danre; Premye fwi.

    Se premye pwodui yo rekòlte lè y ap fè rekòt oswa premye sa yo jwenn nan kèlkeswa sa yo te plante a. Jewova te mande nasyon Izrayèl la pou yo ofri l premye fwi yo, kit se te yon moun, yon bèt oswa sa ki sot nan tè a. Antanke nasyon, Izrayelit yo te konn ofri Bondye premye danre yo nan fèt Pen san ledven an ak nan fèt Pannkòt la. Nan yon sans senbolik, yo te konn sèvi ak ekspresyon “premye fwi” a pou pale de Kris ansanm ak disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl. — 1Ko 16:15; Le 2:12; Pw 3:9; Re 14:4.

  • Premye pitit.

    Se te premye pitit gason yon papa te genyen (olye de premye pitit yon manman). Nan Bib la, premye pitit gason an te gen yon gwo pozisyon nan fanmi an e se li ki te vin chèf fanmi an lè papa l mouri. Ekspresyon sa a gen rapò tou ak premye pitit mal yon bèt fè, pafwa yo rele yo tou “premye mal ki sot nan vant bèt”. — Eg 11:5; 13:12; Jen 25:33; Kl 1:18.

  • Près diven.

    An jeneral, se de gwo twou (basen) yo fouye nan wòch kalkè, e youn nan basen yo te nan yon nivo ki pi wo pase lòt la, men, te gen yon ti kanal ki relye yo youn ak lòt. Lè yo fin kraze rezen yo nan basen ki nan nivo ki pi wo a, ji rezen an koule al nan lòt la. Yo itilize près diven yon fason senbolik pou yo pale de jijman Bondye yo. — Eza 63:2; Re 19:15.

  • Prèt.

    Se yon gason Bondye chwazi ki reprezante l devan pèp la, li anseye lwa Bondye yo e li aprann moun konnen Bondye. Prèt yo te reprezante pèp la devan Bondye tou, yo te konn ofri sakrifis, yo te kanpe pou pèp la e yo te konn mande favè pou pèp la. Anvan Bondye te bay Lalwa pa mwayen Moyiz, se chèf fanmi yo ki te prèt pou fanmi yo. Sou Lalwa, nan tribi Levi a, tout gason ki te prèt yo te sot nan fanmi Arawon. Lòt gason ki te Levit yo te konn ede yo nan sèvis la. Lè te vin gen nouvo alyans lan, Izrayèl espirityèl la te vin tounen yon nasyon prèt, e se Jezi Kris ki Gran Prèt la. — Eg 28:41; Eb 9:24; Re 5:10.

  • Prèt an chèf.

    Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, se yon lòt fason yo te rele “gran prèt” la. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize ekspresyon “prèt an chèf yo” pou pale de mesye ki te okipe gwo pozisyon pami prèt yo, petèt sa te gen ladan l kèlkeswa ansyen gran prèt ak prèt ki te alatèt youn nan 24 gwoup prèt yo. — 2Kw 26:20; Ezr 7:5; Mt 2:4; Mk 8:31.

  • Prezans.

    Nan kèk kontèks, nan Liv ki te ekri an grèk yo, mo sa a gen rapò ak epòk kote Jezi Kris, Mesi a, t ap prezan antanke wa, soti nan moman li te vin yon wa envizib la rive jis nan dènye jou sistèm sa a. Prezans Kris la se pa yon moman kote li annik vini epi l ale byen vit, men se yon epòk ki dire yon kantite tan. — Mt 24:3.

  • Pwofesi.

    Yon mesaj ki soti nan Bondye, kit se konnen Bondye fè konnen volonte l, kit se anonse li fè anonse volonte sa a. Yon pwofesi kapab yon ansèyman moral ki sot nan Bondye,  yon kòmandman oswa yon jijman ki sot nan Bondye oswa yon deklarasyon ki anonse yon bagay ki gen pou vini. — Dn 9:24; Mt 13:14; 2P 1:20, 21.

  • Pwofèt.

    Moun Bondye itilize pou fè konnen objektif li. Pwofèt yo te aji kòm pòtpawòl Bondye, nonsèlman yo te konn anonse sa k pral rive, men tou, yo te fè moun konn ansèyman Jewova yo, kòmandman l yo ak jijman l yo. — Am 3:7; 2P 1:21.

  • Pwòp.

    Nan Bib la, yo itilize mo sa a nonsèlman pou yo pale de pwòpte nan domèn fizik, men tou, pou yo pale de rete san repwòch, san okenn tach, e san salte nan domèn moral ak nan domèn espirityèl. Mete sou sa, mo sa a fè referans tou ak retounen vin nan kondisyon nou pale de yo pi wo a. Sou Lwa Moyiz la, mo sa a te gen rapò ap pwòpte anrapò ak adorasyon y ap bay Bondye. — Le 10:10; Sm 51:7; Lk 11:41; 1Ko 6:11.

  • Pwostitye.

    Yon moun ki antre nan relasyon seksyèl san li pa marye e ki fè sa sitou pou lajan. (Mo grèk yo met “pwostitye” pou li a se pòne, li soti nan yon mo ki vle di: “vann”.) Mo a plis gen rapò ak fi, byenke yo pale de pwostitye gason nan Bib la tou. Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te kondane pwostitisyon, e kontrèman ak koutim moun lòt nasyon yo kote yo te konn sèvi ak pwostitye nan yon tanp kòm mwayen pou fè lajan, yo pa t aksepte lajan pwostitye kòm ofrann nan tanp Jewova a (Dt 23:17, 18). Anplis de sa, Bib la itilize mo sa a nan sans senbolik pou l pale de moun oswa nasyon ki lage kò yo nan idolatri toutpandan y ap di se adoratè Bondye yo ye. Pa egzanp, nan liv Revelasyon an, yo pale de “Gwo Babilòn” nan, ki reprezante fo relijyon yo, kòm yon pwostitye paske l antre nan relasyon ak dirijan monn sa a pou l ka jwenn pouvwa ak richès materyèl. — Re 17:1-5; 18:3; 1Kw 5:25.

  • Pwovèb.

    Se yon pawòl sajès oswa yon istwa tou kout ki gen yon leson oswa yon gwo verite ladan l. Yon pwovèb biblik kapab yon pawòl ki difisil pou moun konprann oswa yon devinèt. Verite ki nan yon pwovèb kapab nan yon langaj ki vivan, e byen souvan se yon metafò. Gen kèk pwovèb ki vin tounen pawòl moun abitye di pou pase moun nan jwèt oswa pou rabese kèk moun. — Ekl 12:9; 2P 2:22.

  • Pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal.

    Yon pyebwa ki nan jaden Edenn nan Bondye te itilize kòm senbòl pou reprezante dwa li genyen pou l etabli prensip sou “sa ki byen” ak “sa ki mal” pou lèzòm. — Jen 2:9, 17.

  • Pyebwa lavi a.

    Se yon pyebwa ki te nan jaden Edenn nan. Bib la pa di fwi l yo te gen kapasite pou yo bay moun lavi, okontrè, li te reprezante garanti Bondye bay moun li kite manje fwi pyebwa sa a y ap ka gen lavi ki pap janm fini an. — Jen 2:9; 3:22.

R

  • Rahab.

    Yon ekspresyon yo itilize yon fason senbolik nan liv Jòb, Sòm ak Ezayi (yo pa dwe konfonn li ak fi ki rele Rahab yo pale de li nan liv Jozye a). Nan liv Jòb la, kontèks la  ede n idantifye Rahab kòm yon gwo bèt nan lanmè. Nan kèk lòt kontèks, yo itilize gwo bèt nan lanmè sa a pou pale de Ejip. — Jb 9:13; Sm 87:4; Eza 30:7; 51:9, 10.

  • Ranson.

    Yon pri yo peye pou libere yon moun nan prizon, pou libere yon moun anba yon pinisyon, yon soufrans, yon peche oswa menm yon obligasyon. Pri sa a se pa t toujou lajan (Eza 43:3). Yo te konn egzije yon ranson nan diferan sitiyasyon. Pa egzanp, ann Izrayèl, tout premye pitit gason ak tout premye pitit yon bèt te fè ki te yon mal te pou Jewova, donk li te nesesè pou yo peye yon ranson oswa yon pri pou libere yo anba obligasyon pou yo itilize yo sèlman nan sèvis Jewova (Nb 3:45, 46; 18:15, 16). Si yon towo bèf ki mechan te touye yon moun paske yo pa t siveye l, mèt bèf la te dwe peye yon ranson yon fason pou l ka libere anba santans lanmò ki te pandye sou tèt li a (Eg 21:29, 30). Sepandan, yo pa t dwe aksepte okenn ranson pou yon moun ki fè espre li touye yon moun (Nb 35:31). Sa k pi enpòtan an, Bib la met aksan sou ranson Kris te peye grasa sakrifis lanmò l la pou l libere moun ki obeyisan yo anba peche ak lanmò. — Sm 49:7, 8; Mt 20:28; Ef 1:7.

  • Rèn syèl la.

    Se non yon deyès Izrayelit aposta yo te konn adore nan epòk Jeremi an. Gen kèk moun ki fè konnen se deyès Babilónyen ki rele Ichta a (Astate). Nan kilti simeryen an, deyès ki te la anvan l e ki te menm jan avè l la, li te rele Inana, non ki vle di: “Rèn syèl la”. Nonsèlman yo makònen l ak syèl la, yo di l se yon deyès ki ka fè fi fè pitit tou. Nan yon enskripsyon ki soti nan peyi Ejip, yo rele Astate “Dam syèl la” tou. — Jr 44:19.

  • Repanti.

    Selon jan yo itilize mo sa a nan Bib la, li vle di yon chanjman nan fason yon moun panse kote li regrèt anpil pou ansyen fason l t ap viv, move aksyon l te fè, oswa bagay li pa t rive fè. Yon moun ki repanti ak tout kè l fè aksyon ki montre li repanti toutbon. — Mt 3:8; Tr 3:19; 2P 3:9.

  • Rezirèksyon.

    Se lè yon moun leve sot nan lanmò. Yon fason literal, mo grèk anastazis la vle di: “leve; kanpe”. Nan Bib la, yo pale de nèf rezirèksyon, san wete resisite Jewova Dye te resisite Jezi a. Se vre se Eli, Elize, Jezi, Pyè ak Pòl ki te fè lòt rezirèksyon yo, men Bib la montre aklè, se grasa pisans Bondye yo te rive fè yo. Rezirèksyon ki pral fèt sou tè a “ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis” yo gen anpil enpòtans nan objektif Bondye (Tr 24:15). Bib la pale tou de yon rezirèksyon pou lavi nan syèl la, anpalan de rezirèksyon “k ap fèt pi bonè a” oswa “premye” rezirèksyon an, e se frè Jezi yo, yon seri moun Bondye chwazi grasa lespri sen l, ki pral benefisye rezirèksyon sa a. — Fp 3:11; Re 20:5, 6; Jan 5:28, 29; 11:25.

  • Rido.

    Se yon bèl twal yo te bwode desen cheriben sou li ki te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an nan tabènak la ak nan tanp lan (Eg 26:31; 2Kw 3:14; Mt 27:51; Eb 9:3). — Gade Apendis B5.

  • Rivyè Efrat.

    Se rivyè ki pi long e ki pi enpòtan ki nan sidwès Azi, e li se  youn nan de pi gwo rivyè nan Mezopotami. Yo pale de li pou premye fwa nan Jenèz 2:14 kòm youn nan kat rivyè ki te nan jaden Edenn nan. Byen souvan yo rele l “Rivyè a” (Jen 31:21, nòt). Se li ki te limit nò tèritwa Izrayèl la (Jen 15:18; Re 16:12). — Gade Apendis B2.

S

  • Saba.

    Li soti nan yon mo ebre ki vle di: “repoze; sispann”. Se te setyèm jou nan semèn Juif yo (soti lè solèy la kouche vandredi pou rive lè solèy la kouche samdi). Gen kèk lòt jou fèt nan ane a yo te konn rele saba tou, e se konsa yo te rele 7yèm ane a ak 50yèm ane a. Nan jou saba a, yo pa t dwe fè okenn travay apa sèvis prèt yo te konn fè nan tanp lan. Nan ane saba yo, yo pa t dwe kiltive okenn tè nan peyi a, e Izrayelit yo pa t dwe fè presyon sou okenn Izrayelit parèy yo pou fè yo peye dèt yo. Selon Lalwa, restriksyon Bondye te bay konsènan saba a te rezonab, men, tikras pa tikras, chèf relijye yo te vin ajoute lòt restriksyon sou yo, sa ki te fè l vin difisil anpil pou pèp la respekte restriksyon sa yo nan epòk Jezi a. — Eg 20:8; Le 25:4; Lk 13:14-16; Kl 2:16.

  • Sadiseyen.

    Yon ti gwoup nan relijyon Jidayis la ki te gen anpil pouvwa ki te gen ladan l yon seri moun rich, ki soti nan gran fanmi, ansanm ak yon seri prèt ki te gen gwo pouvwa sou aktivite ki te konn fèt nan tanp lan. Yo pa t dakò ak anpil tradisyon oral Farizyen yo te konn suiv ansanm ak lòt kwayans Farizyen yo te genyen. Yo pa t kwè nan rezirèksyon e yo pa t kwè gen zanj. Yo te opoze ak Jezi. — Mt 16:1; Tr 23:8.

  • Sakrifis.

    Se yon ofrann yon moun ofri Bondye pou l di mèsi, pou l montre li rekonèt li koupab e pou l retounen vin gen bon relasyon ak Bondye. Se depi sou Abèl lèzòm te kòmanse ofri Bondye tout kalite bagay, san wete bèt, jiskaske alyans Lalwa a te fè sa tounen yon obligasyon. Sakrifis bèt yo te vin pa nesesè ankò apre Jezi te fin bay lavi l kòm yon sakrifis ki pafè, byenke kretyen yo kontinye fè lòt kalite sakrifis pou Bondye. — Jen 4:4; Eb 13:15, 16; 1J 4:10.

  • Sakrifis ki montre yon moun koupab.

    Se yon sakrifis yon moun te konn fè pou peche l. Li yon ti jan diferan ak lòt sakrifis yo te konn fè pou peche, paske se yon sakrifis ki pèmèt yon moun ki te peche e ki repanti rejwenn kèk dwa li te pèdi akoz peche li te fè kont Lalwa, e ki te libere l anba pinisyon li merite. — Le 7:37; 19:22; Eza 53:10.

  • Sakrifis kominyon.

    Se yon sakrifis yon moun te ofri Jewova pou l ka vin anpè avè l. Moun ki te ofri sakrifis sa a, moun lakay li, prèt k ap fè sakrifis la ansanm ak lòt prèt ki te la yo, yo tout te manje yon pòsyon nan sakrifis la. Se kòmsi Jewova, li menm, te resevwa bon sant lafimen grès ki t ap boule a. Mete sou sa, yo te bay Jewova san an, ki reprezante lavi. Se kòmsi prèt yo ak moun ki t ap ofri sakrifis yo t ap pran yon repa ansanm ak Jewova, sa ki te montre yo te anpè avè l. — Le 7:29, 32; Dt 27:7.

  • Sakrifis pou peche.

    Yon sakrifis yo te konn ofri pou yon peche moun  fè san l pa fè espre, akoz yon feblès moun nan genyen paske li pa pafè. Yo te konn ofri divès kalite bèt, soti nan towo bèf pou rive nan pijon, selon pozisyon ak sitiyasyon moun ki vle jwenn padon pou peche l la. — Le 4:27, 29; Eb 10:8.

  • Sakrifis yo boule nèt.

    Se yon bèt yo te konn boule nèt sou lotèl kòm ofrann pou Bondye, e moun ki te bay sakrifis sa a pa t dwe pran okenn pati nan bèt la (kit se te yon towo bèf, yon mal mouton, yon bouk kabrit, yon toutrèl oswa yon jenn pijon). — Eg 29:18; Le 6:9.

  • Samari.

    Se te kapital wayòm dis tribi Izrayèl ki te nan nò a pandan anviwon 200 an, e se te non tout tèritwa wayòm sa a. Yo te bati vil la sou tèt yon mòn ki gen menm non an. Nan epòk Jezi a, Samari se te non yon tèritwa women ki te ant Galile nan direksyon nò ak Jide nan direksyon sid. An jeneral, Jezi pa t vle preche nan zòn sa a lè l ap vwayaje, men, pafwa, li te konn pase nan zòn nan epi l te konn pale ak moun yo. Pyè te itilize dezyèm kle Wayòm nan lè Samariten yo te resevwa lespri sen (1Wa 16:24; Jan 4:7; Tr 8:14). — Gade Apendis B10.

  • Samariten.

    Okòmansman, yo te konn itilize non sa a pou yo pale de Izrayelit ki te nan wayòm dis tribi ki te nan nò a, men apre Asiryen yo te fin pran Samari nan ane 740 anv. e. n., gen moun lòt nasyon Asiryen yo te fè vin abite pami yo. Nan epòk Jezi a, olye yo te itilize non sa a pou yo pale de yon ras oswa de zafè politik, an jeneral, yo te itilize l pou yo pale de moun ki t ap suiv ti gwoup relijye ki te ozalantou ansyen vil Sichèm ak vil Samari a. Gwoup sa a t ap suiv yon seri kwayans ki te diferan nèt ak kwayans relijyon Jidayis la. — Jan 8:48.

  • Sanedren.

    Pi gwo tribinal Juif yo nan Jerizalèm. Nan epòk Jezi a, li te gen 71 manm, san wete gran prèt la ak lòt moun ki t ap sèvi kòm gran prèt anvan sa. Te gen moun ladan l ki te soti nan fanmi gran prèt yo e te gen ansyen, chèf fanmi, chèf tribi ak espè nan lalwa ladan l tou. — Mk 15:1; Tr 5:34; 23:1, 6.

  • Satan.

    Se yon mo ebre ki vle di: “Opozan”. Nan lang orijinal yo, lè yo met yon atik defini devan l, se de Satan Ledyab, prensipal Advèsè Bondye a, y ap pale. — Jb 1:6; Mt 4:10; Re 12:9.

  • Satrap.

    Se dirijan oswa gouvènè yon pwovens nan Anpi Babilòn ak nan Anpi Pès. Se wa a ki te konn nome yon satrap kòm dirijan. — Esd 8:36; Dn 6:1.

  • Sekrè sakre.

    Se yon aspè nan objektif Bondye, ki soti nan Bondye e ki ret kache pou jiskaske Bondye fè konnen l. Epi, se moun Bondye vle ki pou konnen l k ap konnen l. — Mk 4:11; Kl 1:26.

  • Sèk.

    Yon gwoup moun k ap suiv yon doktrin oswa yon moun, oswa k ap suiv pwòp kwayans pa yo. Yo te sèvi ak mo sa a pou yo pale de de gwo gwoup nan relijyon Jidayis la, anpalan de Farizyen yo ak Sadiseyen yo. Epitou, moun ki pa t kretyen te konn rele relijyon moun ki kretyen yo “sèk” oswa “sèk moun Nazarèt yo”, petèt paske yo te konsidere yo kòm yon  gwoup ki soti nan relijyon Jidayis la. Rive yon lè, gen sèk ki te vin fòme anndan kongregasyon kretyen an, tankou “sèk Nikola a”, yo pale de li nan liv Revelasyon an. — Tr 24:5; 28:22; Re 2:6.

  • Sela.

    Yon mo teknik yo itilize nan mizik oswa pou pawòl moun ap resite. Nou jwenn li nan liv Sòm ak nan liv Abakouk. Li kapab vle di se pou yo fè yon poz nan chante a, nan mizik la, oswa nan toule de, nan objektif pou moun ka medite an silans oubyen pou santiman yo fèk sot eksprime a ka parèt pi byen. Tradiksyon grèk ki rele Septant lan met diyapsalma pou mo sa a e yo defini l kòm “yon poz mizikal”. — Sm 3:4; Ab 3:3.

  • Sèman.

    Yon sèman se yon deklarasyon ki bay asirans yon bagay se laverite, oswa se yon pwomès ki montre yon moun ap fè yon bagay oswa l pap fè l. Byen souvan, se yon ve yon moun fè yon moun ki nan yon gwo pozisyon, espesyalman Bondye. Jewova te fè yon sèman pou l te bay alyans ak Abraram nan plis jarèt. — Jen 14:22; Eb 6:16, 17.

  • Sen; Sakre.

    Yon kalite Jewova genyen, yon bagay ki pwòp nèt nan domèn moral e ki apa pou Bondye (Eg 28:36; 1Sa 2:2; Pw 9:10; Eza 6:3). Lè y ap pale de moun (Eg 19:6; 2Wa 4:9), bèt (Nb 18:17), bagay (Eg 28:38; 30:25; Le 27:14), kote (Eg 3:5; Eza 27:13), epòk (Eg 16:23; Le 25:12) ak aktivite moun mennen (Eg 36:4), mo ebre orijinal la gen sans yon bagay ki apa pou sèvis Bondye, ki pou Bondye sèlman oswa yon bagay yo fè vin sen pou Jewova ki se yon Bondye ki sen. Menm jan an tou, nan Liv ki te ekri an grèk yo, mo lè yo tradui l yo met “sen” pou li a gen sans yon bagay yo met apa pou Bondye. Yo sèvi ak mo sa a tou pou yo pale de yon moun ki gen yon konduit ki pwòp. — Mk 6:20; 2Ko 7:1; 1P 1:15, 16.

  • Sèp.

    Yon enstriman yo konn itilize pou pini yon moun epi pou anpeche l bouje. Gen kèk nan yo ki te konn kenbe pye moun nan sèlman alòske gen lòt ki te konn kenbe tout kò a nan yon pozisyon ki fè l koube, petèt lè yo kenbe pye yo, men yo ak kou a. — Jr 20:2; Tr 16:24.

  • Serafen.

    Se yon seri zanj ki toutotou twòn Jewova a nan syèl la. Yon fason literal, mo ebre serafim nan vle di: “sila k ap boule yo”. — Eza 6:2, 6.

  • Sèvis sakre.

    Se yon travay oswa yon sèvis ki sakre e ki gen yon rapò dirèk ak adorasyon moun ap bay Bondye. — Wm 12:1; Re 7:15.

  • Sèvitè ministeryèl.

    Lè yo tradui mo grèk dyakonòs la, souvan yo mete “sèvitè” pou li. Ekspresyon “sèvitè ministeryèl” la gen rapò ak yon frè k ap ede gwoup ansyen an nan kongregasyon an. Yon moun dwe ranpli kondisyon Bib la bay pou l gen privilèj sa a. — 1Ti 3:8-10, 12.

  • Seya.

    Yon mezi pou bagay ki pa likid ki egal 7,33 lit. Yo fè kalkil sa a sou baz mezi ki rele bat la, yon mezi pou bagay ki likid (2Wa 7:1). — Gade Apendis B14.

  • Seza.

    Se non yon fanmi women yo te vin itilize kòm tit pou anperè women yo. Ogis, Tibè ak Klod se kèk Seza non yo nan Bib la, e menmsi non Newon an pa nan Bib la, yo te rele l  Seza tou. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize mo “Seza” a tou pou yo pale de Leta, oswa gouvènman yo. — Mk 12:17; Tr 25:12.

  • Sikonsizyon.

    Se lè yo retire pwent po pijon gason an. Se yon bagay Bondye te egzije pou Abraram ak desandan l yo fè, men, kretyen yo pa oblije fè sa. Yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik tou, nan plizyè lòt kontèks. — Jen 17:10; 1Ko 7:19; Fp 3:3.

  • Sinagòg.

    Yon mo ki vle di: “yon rasanbleman; yon asanble”. Sepandan, nan pifò vèsè, li gen rapò ak kay oswa kote Juif yo te konn reyini pou yo li Ekriti yo, pou yo jwenn enstriksyon, pou yo preche epi pou yo priye. Nan epòk Jezi a, chak vil enpòtan ann Izrayèl te gen yon sinagòg epi te gen plizyè nan pi gwo vil yo. — Lk 4:16; Tr 13:14, 15.

  • Siri; Moun Siri; Siryen.

    — Gade ARAM; ARAMEYEN; MOUN ARAM.

  • Sistèm.

    Se konsa yo tradui mo grèk ayon an lè l fè referans ak kèk sitiyasyon ki distenge yon peryòd tan, yon epòk oswa yon laj. Bib la pale konsènan “sistèm ki la kounye a” pou l fè referans ak kalite bagay k ap mennen nan monn nan an jeneral ansanm ak fason moun nan monn viv (2Ti 4:10). Pa mwayen alyans Lalwa a, Bondye te vin ak yon sistèm kèk moun gendwa rele epòk Izrayelit la oswa epòk Juif yo. Grasa sakrifis ranson an, Bondye te sèvi ak Jezi Kris pou l vin ak yon lòt sistèm, yon sistèm toudabò ki gen rapò ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la. Sistèm sa a se kòmansman yon epòk tounèf ki chita sou reyalite bagay Bondye te pwomèt nan alyans Lalwa a. Lè mo sa a o pliryèl, li fè referans ak tout sistèm oswa epòk ki te egziste oswa ki pral egziste. — Mt 24:3; Mk 4:19; Wm 12:2; 1Ko 10:11.

  • Sivan.

    Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Sivan ki te non twazyèm mwa nan kalandriye yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a, e se te nevyèm mwa nan kalandriye nòmal yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan mwa me pou l rive nan mitan mwa jen (Est 8:9). — Gade Apendis B15.

  • Siveyan.

    Yon gason ki gen kòm prensipal responsablite pou l veye sou kongregasyon an epi pran swen l. Premye sans ekspresyon grèk episkopòs la genyen se siveye nan objektif pou pwoteje. Mo “siveyan” an ak mo “ansyen” an (presbiteròs) gen rapò ak menm responsablite a nan kongregasyon kretyen an. Mo “ansyen” an montre bèl kalite ak matirite moun yo nome a genyen tandiske mo “siveyan” an montre travay moun ki gen responsablite sa a gen pou l fè. — Tr 20:28; 1Ti 3:2-7; 1P 5:2.

  • Siyon; Mòn Siyon.

    Se te non yon fòtrès ki te pou moun Jebis yo ki te nan sidès mòn Jerizalèm nan. Apre David te fin pran fòtrès sa a, li te bati palè l nan zòn sa a. Yo te vin rele kote sa a “Vil David”. (2Sa 5:7, 9.) Siyon te vin tounen yon mòn ki sakre, espesyalman pou Jewova, apre David te fin transfere Lach la nan zòn sa a. Annapre, non sa a te vin gen ladan l zòn kote tanp lan te ye sou Mòn Moriya a, e pafwa, li vle di tout vil Jerizalèm nan. Byen souvan, yo sèvi avè l yon fason  senbolik nan Liv ki te ekri an grèk yo. — Sm 2:6; 1P 2:6; Re 14:1.

  • Siy.

    Yon bagay, yon aksyon, yon sitiyasyon oswa yon evènman moun pa abitye wè ki atire atansyon sou yon lòt bagay ki la oubyen ki gen pou vini. — Jen 9:12, 13; 2Wa 20:9; Mt 24:3; Re 12:1.

  • So.

    Yon zouti yo te konn itilize pou fè yon mak sou yon bagay (an jeneral sou ajil oswa lasi) pou montre ki moun ki mèt bagay la, pou montre bagay la bon, oubyen pou montre moun ki met so a dakò. Yo te konn fè ansyen so yo ak yon materyèl ki di (wòch, ivwa oswa bwa) ki te gen lèt oswa desen grave sou li alanvè. Nan yon sans senbolik, yo te konn sèvi ak yon so pou montre yon bagay bon, pou montre pou kiyès yon bagay ye oswa pou montre gen yon bagay ki kache oswa gen yon sekrè. — Eg 28:11; Ne 9:38; Re 9:4.

  • Sòm.

    Se yon chante pou moun fè louwanj pou Bondye. Yo te fè mizik pou chante sòm yo e adoratè Jewova yo te konn chante yo lè y ap adore l an piblik nan tanp li an, nan Jerizalèm. — Lk 20:42; Tr 13:33; Kl 3:16.

  • Soupe Seyè a.

    Se yon soupe kote moun ki patisipe yo manje pen san ledven, yo bwè diven, de senbòl ki reprezante kò ak san Kris. Se yon soupe ki fè moun sonje lanmò Jezi. Piske se yon soupe kretyen yo resevwa lòd pou yo toujou selebre, li nòmal pou yo rele soupe sa a “Memoryal” tou. — 1Ko 11:20, 23-26.

T

  • Tabènak.

    Yon tant pòtatif Izrayelit yo te konn itilize pou adorasyon apre yo te fin kite peyi Ejip. Se ladan l yo te met lach alyans Jewova a ki te reprezante prezans Bondye, epi l te sèvi kòm yon kote pou Izrayelit yo te fè sakrifis epi adore Bondye. Pafwa, yo te konn rele l “tant reyinyon an” tou. Li fèt nan fòm yon ankadreman an bwa yo te kouvri ak yon seri twal ki fèt ak len ki te gen cheriben bwode sou yo. Li te divize an de chanm, yo te rele premye a Kote ki sen an e yo te rele dezyèm nan Kote ki pi sen an (Joz 18:1; Eg 25:9). — Gade Apendis B5.

  • Taks.

    Se sa yon peyi oswa yon dirijan te konn peye kòm yon siy ki montre li soumèt anba dominasyon yon lòt peyi oswa yon lòt dirijan, yon fason pou l ka kontinye gen lapè oubyen pou l ka jwenn pwoteksyon (2Wa 3:4; 18:14-16; 2Kw 17:11). Yo konn itilize mo sa a tou pou yo pale de taks yo konn pran sou yon moun. — Ne 5:4; Wm 13:7.

  • Talan.

    Pi gwo mezi pwa ak pyès lajan monnen Ebre yo te konn itilize. Li te peze 34,2 kg (75,5 liv). Yon talan grèk te pi piti, li te peze anviwon 20,4 kg (44,8 liv). (1Kw 22:14; Mt 18:24.) — Gade Apendis B14.

  • Tamouz.

    1) Se te non yon dye. Fi ebre ki te aposta yo te konn kriye pou li nan Jerizalèm. Gen moun ki panse li te yon wa moun te vin adore kòm dye apre l te mouri. Nan tèks simeryen yo, Doumouzi se te non Tamouz, e yo di li te swa mari Inana, deyès fètilite a, swa li te renmen ak Inana (Ichta pou moun peyi Babilòn yo). (Eze 8:14.) 2) Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Tamouz ki te non katriyèm mwa nan  kalandriye ki baze sou lalin nan yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a, e se te dizyèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan mwa jen pou l fini nan mitan mwa jiyè. — Gade Apendis B15.

  • Tanp.

    Kay nan Jerizalèm ki te egziste pandan lontan ki te ranplase tabènak la ki li menm te pòtatif. Tanp lan se prensipal kote Izrayelit yo te konn adore Bondye. Se Salomon ki te konstwi premye tanp lan, men moun peyi Babilòn yo te kraze l. Zowobabèl te konstwi dezyèm tanp lan apre Izrayelit yo te sot ann egzil nan Babilòn, e annapre, Ewòd Legran te rekonstwi l. Nan Ekriti yo, souvan yo rele tanp lan “kay Jewova a”. (Esd 1:3; 6:14, 15; 1Kw 29:1; 2Kw 2:4; Mt 24:1.) — Gade Apendis B8 ak B11.

  • Tant reyinyon.

    Se yon ekspresyon yo itilize pou yo pale de tant Moyiz la oswa tabènak sakre a yo te monte nan dezè a okòmansman. — Eg 33:7; 39:32.

  • Tata.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se kondisyon rabesan yo te mete zanj ki te dezobeyi Bondye nan epòk Noye a. Yo konsidere kondisyon sa a tankou yon prizon. Nan 2 Pyè 2:4, lefètke yo sèvi ak vèb tatawoho a (“lage nan Tata”), sa pa vle di yo te lage “zanj ki te peche yo” nan yon Tata ki gen rapò ak lejann payen yo (anpalan de yon prizon anba tè, yon kote ki fè nwa pou dye ki gen mwens enpòtans yo). Okontrè, sa montre Bondye retire yo nan pozisyon yo te ye nan syèl la, li retire privilèj yo te genyen yo nan men yo e li mete yo nan yon kondisyon kote yo nan yon gwo fènwa nan lespri yo parapò ak objektif Bondye yo ki byen klè. Fènwa a montre tou ki jan yo pral fini. Labib fè konnen ni yo menm, ni Dyab la, Satan, ki se chèf yo, pral detwi pou toutan. Donk, Tata a reprezante kondisyon ki pi rabesan zanj rebèl sa yo ladan l lan. Li pa menm bagay ak “twou san fon” yo pale de li nan Revelasyon 20:1-3 a.

  • Tebèt.

    Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Tebèt ki te non dizyèm mwa nan kalandriye yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a, e se te katriyèm mwa nan kalandriye nòmal yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan mwa desanm pou l fini nan mitan janvye. An jeneral, yo pale de li kòm “dizyèm mwa a”. (Est 2:16.) — Gade Apendis B15.

  • Terafim.

    Se yon seri dye fanmi oswa zidòl moun te konn konsilte pafwa pou yo ka konnen sa k pral rive (Eze 21:21). Gen kèk ladan yo ki te gwosè yon moun e ki te gen fòm moun, alòske gen lòt ki te piti (Jen 31:34; 1Sa 19:13, 16). Kèk dekouvèt akeyològ yo fè nan Mezopotami montre lè yon moun te gen estati terafim yo, sa te fè wè se li ki pou resevwa eritaj fanmi an. (Petèt, se sa k fè Rachèl te pran terafim papa l yo.) Sanble se pa t konsa sa te ye ann Izrayèl, byenke yo te konn adore estati terafim yo nan epòk jij yo ak nan epòk wa yo. Terafim yo te pami bagay Jozyas, yon wa ki te fidèl, te detwi. — Jj 17:5; 2Wa 23:24; Oz 3:4.

  • Tèt poto espesyal.

    Se dekorasyon ki te nan pati ki anlè yon poto. Poto ki rele Jakin nan ak poto ki rele  Bowaz ki te devan tanp Salomon an te gen tèt espesyal ki te gwo anpil (1Wa 7:16). — Gade Apendis B8.

  • Tichri.

    — Gade ETANIM ak Apendis B15.

  • Tonm.

    Lè nou ekri “tonm” avèk “t” miniskil, n ap pale de tonm yon moun. Men, lè nou ekri “Tonm” avèk “t” majiskil, n ap pale de tonm ki la pou moun ki mouri ale ki rele “Cheyòl” ann ebre e “Adès” an grèk. Nan Bib la, yo pale de li kòm yon kote senbolik oswa yon kondisyon kote moun pa ka fè okenn aktivite e yo pa konn anyen ditou. — Jen 47:30; Ekl 9:10; Tr 2:31.

  • Tonm ki fè sonje moun ki mouri.

    Se kote yo mete kò moun ki mouri. Li gen sans mo grèk mnemeyon an, ki soti nan vèb yo mete “sonje” pou li a, sa ki montre yo pa bliye moun ki mouri a. — Jan 5:28, 29, nòt.

  • Tribinal.

    Nan Bib la, y ap pale de yon kote ki deyò, ki wo, ki gen yon eskalye, e se la jij yo te konn chita pou yo pale ak foul moun yo e pou yo fè konnen desizyon yo pran. Ekspresyon “tribinal Bondye” ak “tribinal Kris” la senbolize dispozisyon Jewova pran pou l jije limanite. — Wm 14:10; 2Ko 5:10; Jan 19:13.

  • Twal sak.

    Yon twal yo te konn itilize pou fè sak tankou sak yo konn met manje angren yo. An jeneral, yo te konn fè l ak plim kabrit ki gen koulè fonse e se te rad ki fèt ak twal sak moun ki nan lapenn yo te konn mete. — Jen 37:34; Lk 10:13.

  • Twonpèt.

    Yon enstriman a van ki te fèt an metal. Yo te konn itilize l pou bay siyal oswa pou jwe mizik. Selon Nonb 10:2, Jewova te bay enstriksyon pou yo te fè de twonpèt ann ajan. Yo te dwe sèvi ak yo pou yo bay siyal pou rasanble pèp la e pou yo fè l deplase oswa pou yo fè konnen gen lagè. Twonpèt sa yo te dwat e yo te diferan ak “kòn” bèt ki te gen fòm koub yo. Gen twonpèt ki te fèt yon lòt fason. Yo te konn sèvi ak yo tou pami lòt enstriman mizik yo nan tanp lan. Souvan, yo te konn sonnen twonpèt lè y ap pwoklame jijman Jewova yo oswa lè y ap fè konnen lòt evènman enpòtan Bondye te fè rive. — 2Kw 29:26; Esd 3:10; 1Ko 15:52; Re 8:7–11:15.

  • Twou san fon.

    Se yon tradiksyon pou mo grèk abisòs ki vle di: “fon anpil”, oswa: “yo pa kapab mezire l, li san limit”. Yo itilize l nan Liv ki te ekri an grèk yo pou pale de yon kote ki tankou prizon. Li gen sans tonm tou, men se pa sa sèlman l ye. — Lk 8:31; Wm 10:7; Re 20:3.

V

  • Veyè.

    — Gade GAD K AP VEYE; MOUN K AP VEYE.

  • Ve.

    Yon pwomès yon moun fè Bondye pou l fè kèk aktivite, kèk ofrann oswa kado, antre nan kèk fòm sèvis oswa pa fè kèk bagay menmsi yo pa kontrè ak Lalwa vre. Pwomès sa a gen menm fòs ak yon sèman. — Nb 6:2; Ekl 5:4; Mt 5:33.

  • Vil David.

    Se non yo te bay vil Jebis la apre David te fin pran vil sa a e apre li te fin bati kay li nan vil la. Yo rele vil sa a Siyon tou. Li te nan sidès Jerizalèm e se te pati ki te pi ansyen nan vil sa a. — 2Sa 5:7; 1Kw 11:4, 5.

  • Vil refij.

    Vil ki te pou Levit yo, kote yon moun ki te touye yon lòt moun  san l pa t fè espre te ka kouri al pran refij pou moun k ap tire revanj pou moun ki mouri a pa t touye l. Se Moyiz, e pi devan Jozye, ki te chwazi vil refij yo, anba direksyon Jewova. Te gen sis vil refij nan peyi Bondye te pwomèt Izrayelit yo. Lè yon moun ki kouri al nan yon vil refij te rive devan pòtay vil la, li te dwe rakonte ansyen ki nan vil sa a sa k te pase a pou yo ka kite l antre nan vil la. Pou anpeche yon moun ki te fè espre l touye yon moun rete san l pa t jwenn pinisyon, yo te dwe jije moun ki te vin pran refij la nan vil kote li te touye moun nan pou l ka pwouve li inosan. Si moun nan te pwouve li inosan, li te dwe retounen al viv nan vil refij la, e li te dwe rete nan vil sa a pandan tout lavi l, oswa jiskaske gran prèt la mouri. — Nb 35:6, 11-15, 22-29; Joz 20:2-8.

  • Vrè Dye a.

    Se yon fason yo tradui ekspresyon ebre ki vle di: “Dye a”. Souvan, yo sèvi ak atik defini nan lang ebre a pou yo pale de Jewova kòm sèl vrè Dye a parapò ak fo dye yo. Ekspresyon “vrè Dye a” bay tout sans ekspresyon ebre a genyen nan kontèks sa yo. — Jen 5:22, 24; 46:3; Dt 4:39.

W

  • Wayòm Bondye.

    Yo itilize ekspresyon sa a sitou pou yo pale de souvrènte Bondye egzèse pa mwayen gouvènman Pitit Gason l lan, Kris Jezi, ap dirije antanke wa a. — Mt 12:28; Lk 4:43; 1Ko 15:50.

  • Wòch ki nan kwen.

    Se te yon wòch yo mete nan yon ang oswa nan yon kwen kote de mi kontre, e ki te jwe yon wòl enpòtan nan kole de mi sa yo ansanm. Wòch ki nan kwen ki pi enpòtan an se sa ki nan fondasyon an, e an jeneral, pou yo konstwi bilding piblik yo ak mi vil yo, se yon wòch ki nan kwen ki byen solid yo te konn itilize. Yo sèvi ak mo sa a nan yon sans senbolik pou yo pale de sa ki kenbe tè a, e yo pale de Jezi kòm “wòch ki nan kwen fondasyon” kongregasyon kretyen an, yon kongregasyon ki tankou yon kay espirityèl. — Ef 2:20; Jb 38:6.

  • Wòch moulen.

    Se yon wòch tou won yo te konn met sou yon lòt wòch menm jan an pou kraze manje angren pou fè farin. Te gen yon moso bwa ki te nan mitan wòch ki anba a ki te sèvi kòm yon pivo pou wòch ki anlè a. Nan tan biblik yo, nan pifò kay, yo te konn sèvi ak moulen medam yo vire ak men yo. Etandone pen yon fanmi te bezwen chak jou te depann de moulen sa yo, Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te entèdi yon moun pran kit se pati ki anba a, kit se pati ki anlè a, kòm garanti. Gen moulen ki te fèt menm jan ak moulen sa yo ki te pi gwo e se bèt ki te konn vire yo. — Dt 24:6; Mk 9:42.

  • Woulo.

    Se yon fèy pachemen oswa yon papiris ki long anpil yo ekri sou li nan yon bò, e an jeneral, yo te woule l sou yon moso bwa. Yo te ekri Ekriti yo e yo te rekopye yo sou woulo, e se sou fòm sa a liv yo te ye nan epòk yo t ap ekri Bib la. — Jr 36:4, 18, 23; Lk 4:17-20; 2Ti 4:13.

  • Wozo pou mezire.

    Se yon wozo ki te egal sis koude longè. Si se  koude nòmal la, li te mezire 2,67 m (8,75 pye), e si se koude ki long nan, li te mezire 3,11 m (10,2 pye) (Eze 40:3, 5; Re 11:1). — Gade Apendis B14.

  • Wozo.

    Se yon mo yo itilize pou yo pale de plizyè plant ki konn grandi kote ki gen dlo. Anpil fwa, plant yo pale de li a se Arundo donax (Jb 8:11; Eza 42:3; Mt 27:29; Re 11:1). — Gade WOZO POU MEZIRE.

Z

  • Zanj.

    Se yon mo ki soti nan mo ebre malak ak mo grèk agelòs. De mo sa yo vle di: “mesaje” oswa: “moun yo voye”. Men, yo mete “zanj” pou yo lè y ap fè referans ak kreyati espirityèl Bondye voye kòm mesaje (Jen 16:7; 32:3; Jk 2:25; Re 22:8). Zanj yo se yon seri kreyati espirityèl ki gen anpil pouvwa Bondye te kreye byen lontan anvan li te kreye lèzòm. Nan Bib la, yo pale de yo tou kòm ‘plizyè dizèn milye zanj ki sen’ oswa “pitit vrè Dye a” oswa “zetwal ki klere maten yo”. (Dt 33:2; Jb 1:6; 38:7.) Bondye te fè yo chak apa, li pa t fè yo ak kapasite pou yo fè pitit. Gen plis pase san milyon zanj (Dn 7:10). Bib la fè konnen chak zanj yo gen yon non e yo chak gen pèsonalite pa yo. Sepandan, zanj yo enb, yo pa vle pou moun adore yo e pifò nan yo pa menm vle fè konn non yo (Jen 32:29; Lk 1:26; Re 22:8, 9). Zanj yo pa gen menm pozisyon e yo chak gen travay pa yo. Genyen k ap sèvi devan twòn Jewova a, genyen k ap transmèt mesaj li yo, gen lòt k ap ede sèvitè Jewova yo sou tè a, genyen k ap egzekite jijman Bondye yo e gen lòt k ap kore travay predikasyon bon nouvèl la (2Wa 19:35; Sm 34:7; Lk 1:30, 31; Re 5:11; 14:6). Zanj yo gen pou yo goumen bò kote Jezi nan batay Amagedon an. — Re 19:14, 15.

  • Zes.

    Se li ki te pi gwo dye pou Grèk yo ki te konn adore anpil dye. Nan vil Lis, moun yo te pran Banabas pou Zes. Toupre vil Lis, men sa yo te jwenn ki ekri sou kèk ansyen bagay: “Prèt Zes yo”; “Zes, dye solèy la”. Bato Pòl te pran lè l te kite zile Malt la te gen yon senbòl “Pitit Zes yo” devan l, anpalan de Kastò ak Poliks, de frè marasa. — Tr 14:12; 28:11.

  • Zetwal dimaten.

    Li vle di menm bagay ak “zetwal ki klere lematen”. Se dènye etwal ki leve alès anvan solèy la parèt, e konsa, li anonse yon nouvo jou. — Re 22:16; 2P 1:19.

  • Zetwal ki klere lematen.

    — Gade ZETWAL DIMATEN.

  • Zidòl.

    — Gade IDOLATRI; ZIDÒL.

  • Ziv.

    Non orijinal dezyèm mwa nan kalandriye Juif yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a e se te uityèm mwa nan kalandriye nòmal yo a. Mwa sa a kòmanse nan mitan mwa avril pou l fini nan mitan me. Yo rele l Iyar nan Talmid Juif yo ansanm ak nan kèk lòt liv ki te ekri apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn (1Wa 6:37). — Gade Apendis B15.

  • Zouti pou etenn mèch.

    Se yon zouti yo te konn itilize nan tabènak la ak nan tanp lan, li te fèt annò oswa an kuiv. Sanble yo te fèt tankou sizo e yo te konn itilize yo pou koupe mèch lanp yo. — 2Wa 25:14.