Nan ane 1950, nou te pibliye Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo ann anglè. Nan ane 1961, nou te pibliye Tradiksyon monn nouvo a ann antye ann anglè. Depi lè sa a, gen plizyè dizèn milyon moun, nan plis pase 120 lang, ki jwenn byenfè lè yo li tradiksyon sa a ki egzak, ki fasil pou moun li e ki fèt apati tèks orijinal yo.

Tradiktè yo konnen jan l enpòtan pou moun k ap tradui Labib yo itilize yon langaj k ap touche kè moun yo. Nan ane 2010, nou te pibliye Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo. Se pa ti kontan moun ki pale kreyòl ayisyen yo te kontan. Kounye a, avèk vèsyon konplè Labib — Tradiksyon monn nouvo a, gen kèk prensip nou te suiv ki te ede nou chwazi mo ak stil n ap itilize nan tradiksyon sa a. Men nan ki objektif nou te fè sa:

  • Pou nou itilize langaj moun pale kounye a e ki fasil pou moun konprann. Nan tradiksyon sa a, nou pa mete mo “fònikasyon” an, men nou mete “imoralite seksyèl”. (Galat 5:19.) Anplis de sa, gen kèk non moun nan Bib la, tankou Yewochafat, Ouziya, Zekarya, nou chanje pou nou ka itilize non moun plis konnen nan lang kreyòl ayisyen (Matye 1:8; Lik 1:5).

  • Pou ekspresyon biblik yo ka pi klè. Nan Tradiksyon monn nouvo a, souvan gen mo nou te konn oblije esplike pou moun te ka byen konprann yo. Nan Bib la, yo sèvi ak mo ebre “Cheyòl” la ansanm ak mo grèk “Adès” la pou fè referans ak tonm ki la pou moun ki mouri ale. Anpil moun pa konn mo sa yo, e mo “Adès” la te gen de sans nan lang grèk la. Donk, pou nou tradui toule de mo sa yo, nou mete “Tonm”, ki bay sans ekriven biblik yo te vle bay lè yo te itilize mo sa yo. E nou mete mo “Cheyòl” la ak mo “Adès” la nan nòt anba paj. — Sòm 16:10; Travay 2:27.

    Mo lè yo tradui l yo mete “kè” pou li an kreyòl la ka gen sans literal oswa sans senbolik, menm jan sa ye nan lang ebre ak nan lang grèk la. Se poutèt sa gen vèsè kote nou kite mo “kè” a. Men, nan kontèks kote sans lan pa klè, nou mete sa l vle di a aklè. Pa egzanp, nan liv Pwovèb la, sans mo “kè” a pa t ap klè si n ta mete “ki manke kè” nan tèks prensipal la. Se sa k fè nou mete “pa gen bonsans” pou ekspresyon sa a, e nou mete tradiksyon literal la  nan nòt anba paj (Pwovèb 7:7). Nou fè menm bagay la tou pou kèk lòt ekspresyon, tankou “gra”, “chè” ak “kòn”. (Jenèz 45:18; Eklezyas 5:6; Sòm 75:10.) Gen kèk nan ekspresyon sa yo yo pale de yo nan “Lis mo yo esplike yo”.

Lòt bagay ki nan tradiksyon sa a:

Tradiksyon sa a gen yon seri nòt anba paj. An jeneral, w ap jwenn kalite nòt anba paj ki vin apre yo:

  • “Oswa” Lòt fason yo te ka tradui tèks ebre a, tèks arameyen an oswa tèks grèk la, ki te ka bay menm ide a. — Jenèz 1:2, nòt sou “fòs Bondye ki t ap aji”; Jozye 1:8, nòt sou “li l tou ba”.

  • “Se kapab tou” Lòt fason yo te ka tradui tèks la ki pa bay menm ide a, men ki ta ka bon tou. — Jenèz 21:6, nòt sou “ri ansanm avè m”; Zakari 14:21, nòt sou “moun Kanaran”.

  • “Lit.” Yon tradiksyon mo pou mo pou ekspresyon ebre, arameyen oswa grèk la, oubyen premye sans yon ekspresyon genyen nan lang orijinal la. — Jenèz 30:22, nòt sou “ansent”; Egzòd 32:9, nòt sou “gen tèt di”.

  • Sa ekspresyon yo vle di ak enfòmasyon sou yo Sa non yo vle di (Jenèz 3:17, nòt sou “Adan”; Egzòd 15:23, nòt sou “Mara”); detay sou pwa ak mezi (Jenèz 6:15, nòt sou “koude”); enfòmasyon ki kapab itil nou jwenn nan Apendis yo ak nan “Lis mo yo esplike yo”. — Jenèz 37:35, nòt sou “Tonm”; Matye 5:22, nòt sou “Jeyèn”.

Nan kòmansman tradiksyon sa a, gen yon seksyon ki rele “Kèk bagay nou ka aprann nan Pawòl Bondye a”. Seksyon sa a gen plizyè ansèyman nou jwenn nan Bib la. Tousuit apre liv Revelasyon an, nou jwenn “Enfòmasyon sou liv ki nan Bib la”, “Endèks mo biblik” ak “Lis mo yo esplike yo”. “Lis mo yo esplike yo” ede moun k ap li tradiksyon sa a konprann sans kèk ekspresyon, ann amoni ak jan yo esplike yo nan Bib la. Men seksyon nou jwenn nan Apendis A a: “Prensip pou yo fè tradiksyon Labib”, “ Sa ki gen nan Tradiksyon monn nouvo a”, Fason nou vin gen Bib la”, “Non Bondye nan Liv ki te ekri ann ebre yo”, “Non Bondye nan Liv ki te ekri an grèk yo”, “Tablo: Pwofèt ak wa Jida yo ak pwofèt ak wa Izrayèl yo”, “Prensipal evènman nan lavi Jezi pandan l te sou tè a”. Nan Apendis B a, nou jwenn kat, tablo ak lòt enfòmasyon k ap ede moun ki renmen pran san yo pou yo byen etidye Bib la.

Nan kòmansman chak liv nan Bib la, gen enfòmasyon sou sa ki nan chak chapit ki nan liv sa a e nou mete vèsè kote w ap jwenn enfòmasyon sa yo. Sa ap ede moun k ap li Bib la wè an gwo sa ki nan liv la. Nan kolòn ki nan mitan chak paj yo, n ap jwenn referans yo bay pou lòt vèsè.