Biblis yo rekonèt non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan Liv ki te ekri ann ebre yo sou fòm kat lèt ebre yo rele Tetragram nan (יהוה). Men, gen anpil nan yo ki panse li pa t parèt nan tèks orijinal Liv ki te ekri an grèk yo. Se sa k fè, jodi a, pifò tradiksyon Labib pa gen non Jewova ladan l nan pati yo konn rele Nouvo Testaman an. Menm lè tradiktè yo ap tradui pawòl ki soti nan Liv ki te ekri ann ebre yo ki gen Tetragram nan ladan yo, pifò nan yo mete “Seyè” nan plas non Bondye.

Labib — Tradiksyon monn nouvo a pa fè sa. Nan tradiksyon sa a, non Jewova parèt 237 fwa nan Liv ki te ekri an grèk yo. Poukisa tradiktè yo te mete non sa a kote sa yo? Gen de rezon pou sa: 1) Maniskri grèk ki disponib jodi a se pa tèks orijinal yo ye. Pami plizyè milye kopi maniskri ki disponib jodi a, pifò nan yo te vin egziste omwen de syèk apre tèks orijinal yo. 2) Nan epòk sa a, swa moun ki t ap kopye maniskri yo te mete Kiriyòs, yon mo grèk ki vle di “Seyè”, nan plas Tetragram nan, swa yo te kopye maniskri kote yo te deja ranplase Tetragram nan.

Komite tradiksyon monn nouvo a kwè gen bonjan prèv ki montre Tetragram nan te parèt nan maniskri orijinal grèk yo. Men prèv ki fè yo kwè sa:

  • Nan epòk Jezi ak apot li yo, Tetragram nan te parèt nan kopi Liv ki te ekri ann ebre yo. Lontan, kèk moun te gen dout sou kesyon sa a. Men, depi lè yo te vin jwenn kèk kopi Liv ki te ekri ann ebre yo nan zòn Koumran, yon seri kopi yo fè konnen ki la depi nan premye syèk la, pa gen moun ki ka gen dout sou kesyon sa a.

  • Lè yo te tradui Liv ki te ekri ann ebre yo nan lang grèk, Tetragram nan te parèt nan tradiksyon sa a tou. Se li ki te egziste nan epòk Jezi ak apot li yo. Pandan plizyè syèk, biblis yo te panse Tetragram nan pa t parèt nan Septant lan, ki se yon tradiksyon Liv ki te ekri ann ebre yo nan lang grèk. Nan mitan ventyèm syèk la, biblis yo te vin konnen gen kèk ansyen ti moso maniskri Septant lan ki te la depi nan epòk Jezi a ki egziste toujou. Ti moso maniskri sa yo gen non Bondye ladan yo ki ekri nan lang ebre. Donk, kopi Ekriti yo ki te gen nan epòk Jezi a nan lang grèk te gen non Bondye ladan l. Sepandan, nan katriyèm  syèk epòk nou an, nan gwo maniskri Septant an grèk pami maniskri moun plis konnen yo, tankou Kodèks Vatikan an ak Kodèks Sinayitikis la, yo pa t mete non Bondye, soti nan liv Jenèz la pou rive nan liv Malachi a (kote non Bondye te parèt nan lòt maniskri ki te la anvan yo). Kidonk, sa pa fè nou sezi lefètke kopi ki te la depi epòk sa a pa gen non Bondye nan pati moun yo konn rele Nouvo Testaman an oswa Liv ki te ekri an grèk yo.

    Men sa Jezi te di byen klè: “Mwen vini nan non Papa m.” Anplis de sa, li te toujou fè konnen se nan “non Papa” l li te fè sa l t ap fè yo.

  • Liv ki te ekri an grèk yo poukont pa yo fè konnen Jezi te pale souvan de non Bondye e li te fè lòt moun konn non sa a (Jan 17:6, 11, 12, 26). Men sa Jezi te di byen klè: “Mwen vini nan non Papa m.” Anplis de sa, li te toujou fè konnen se nan “non Papa” l li te fè sa l t ap fè yo. — Jan 5:43; 10:25.

  • Piske Liv ki te ekri an grèk yo se Bondye ki te enspire yo e li te ajoute yo sou Liv ki te ekri ann ebre yo, sa pa t ap fè sans pou non Jewova ta disparèt bridsoukou nan liv sa yo. Nan zòn mitan premye syèk la, men sa disip Jak te di ansyen ki Jerizalèm yo: “Simeyon rakonte an detay kòman, pou premye fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo.” (Travay 15:14). Li pa t ap nòmal pou Jak ta fè yon deklarasyon konsa si nan premye syèk la pèsonn pa t konn non Bondye oswa pèsonn pa t konn sèvi avè l.

  • Non Bondye parèt sou fòm kout li nan Liv ki te ekri an grèk yo. Nan Revelasyon 19:1, 3, 4, 6, nou jwenn non Bondye yon fason ki kout nan mo “Alelouya” a. Mo sa a soti nan yon ekspresyon ebre ki vle di “Louwe Ya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout. Gen anpil non ki nan Liv ki te ekri an grèk yo se non yo konpoze apati non Bondye. An reyalite, ouvraj referans yo fè konnen non Jezi vle di: “Jewova se delivrans.”

  • Gen dokiman Juif yo te konn ekri nan kòmansman epòk nou an ki montre Juif ki te vin kretyen yo te konn mete non Bondye nan sa yo te konn ekri. Men sa Tosefta a, yon koleksyon lwa oral yo te mete alekri e yo te fin konplete ozanviwon ane 300 epòk nou an, fè konnen konsènan boule yo te konn boule dokiman kretyen yo nan jou saba a: “Yo boule liv Evanjelizatè yo [anpalan de kretyen ki te ekri konsènan Jezi yo] e yo boule liv minim yo [sanble se fason yo te konn rele Juif ki te vin kretyen yo]. Yo bay otorizasyon pou yo boule liv kretyen yo lè yo  jwenn non Bondye nan liv sa yo.” Nan menm Tosefta a, yon raben yo rele Yosé ki te moun Galile e ki te viv nan kòmansman dezyèm syèk e. n. te fè konnen sa yo te dwe fè nan lòt jou nan semèn nan. Men sa l te di: “Yon moun dwe dekoupe kote non Bondye parèt nan yo [liv kretyen yo te ekri yo] e li te dwe mete yo yon kote, epi boule pati li koupe yo.”

  • Gen kèk biblis ki rekonèt li pwobab pou non Bondye te parèt nan Liv ki te ekri an grèk yo lè se site y ap site sa k ekri nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Men sa nou li nan yon diksyonè biblik (The Anchor Bible Dictionary) anba soutit “Tetragram nan nan  Nouvo Testaman an”: “Gen kèk prèv ki montre Tetragram nan, anpalan de Yawe ki se non Bondye, te parèt nan kèk sitasyon, pou n pa di tout sitasyon, ki soti nan Ansyen Testaman an, nou jwenn nan Nouvo Testaman an lè yo te fèk ekri Nouvo Testaman an.” Men sa George Howard, yon biblis, fè konnen: “Piske Tetragram nan parèt nan kopi Bib yo te tradui nan lang grèk la (Septant), yon tradiksyon Liv ki te ekri ann ebre yo kretyen yo nan premye syèk la te konn itilize, li lojik pou nou kwè moun ki t ap ekri Nouvo Testaman an te sèvi ak Tetragram nan lè yo te konn site pawòl ki soti nan Liv ki te ekri ann ebre yo.”

  •   Tradiktè Labib anpil moun konnen te sèvi ak non Bondye nan tradiksyon Liv ki te ekri an grèk yo. Gen kèk tradiktè Labib anpil moun konnen ki te sèvi ak non Bondye byen lontan anvan Tradiksyon monn nouvo a te parèt. Men kèk nan tradiksyon yo ak non tradiktè yo: A Literal Translation of the New Testament . . . From the Text of the Vatican Manuscript, se Herman Heinfetter ki te fè l (1863); The Emphatic Diaglott, se Benjamin Wilson ki te fè l (1864); Bible de Darby (1940), kote non “Jéhovah” parèt nan nòt anba paj; Bible de Chouraqui (1985) ki mete IHVH; Levanjil yo ak liv Revelasyon an C. Tresmontant te tradui yo (yo te parèt ant 1984 e 1988) ki mete yhwh. Mete sou sa, nan tradiksyon Labib Pablo Besson te fè nan lang espayòl nan kòmansman ventyèm syèk la, li mete “Jehová” nan Lik 2:15 ak nan Jid 14. Nan prèske 100 nòt anba paj li mete nan tradiksyon sa a, li fè konnen se konsa li t ap bon pou yo tradui non Bondye nan pati yo mete nòt pou li a. Byen lontan anvan yo te fè tradiksyon sa yo, apati 16yèm syèk la, yo te sèvi ak Tetragram nan plizyè kote nan tradiksyon nan lang ebre yo te fè pou Liv ki te ekri an grèk yo. Nan lang alman an sèlman, gen omwen 11 tradiksyon ki sèvi ak non “Jewova” (oswa mo alman yo mete  pou mo ebre “Yahweh” a) nan Liv ki te ekri an grèk yo, e gen kat lòt tradiksyon ki mete non an ant parantèz apre tit “Seyè” a. Gen plis pase 70 tradiksyon alman ki itilize non Bondye nan nòt anba paj oswa nan kòmantè yo fè.

    Non Bondye nan Travay 2:34 nan The Emphatic Diaglott, se Benjamen Wilson ki te fè l (1864).

  • Gen tradiksyon Labib ki fèt nan plis pase 100 lang ki gen non Bondye nan Liv ki te ekri an grèk yo. Gen anpil lang afriken, lang endyen ann amerik yo pale, lang yo pale ann Azi, lang yo pale ann Ewòp, lang yo pale nan zile nan Oseyan Pasifik la ki itilize non Bondye san pwoblèm. (Gade lis ki nan paj 1742 ak 1743.) Moun ki te tradui Liv ki te ekri an grèk yo nan lang sa yo te deside sèvi ak non Bondye pou menm rezon nou te pale pi wo yo. Gen nan tradiksyon sa yo ki parèt sa pa gen twò lontan, tankou Labib nan lang wotoumann nan (1999), ki mete “Jihova” 51 fwa nan 48 vèsè, ak Labib nan lang batak toba (1989), yon lang yo pale nan peyi Endonezi, ki mete “Jahowa” 110 fwa.

    Non Bondye nan Mak 12:29, 30 nan tradiksyon Labib nan lang yo pale Awayi, ki te parèt an 1816.

Pa gen dout nan sa, nou gen bonjan rezon pou nou mete non Bondye, Jewova, nan Liv ki te ekri an grèk yo. Se sa menm moun ki te patisipe nan tradui Tradiksyon monn nouvo a te fè. Tradiktè sa yo gen gwo respè pou non Bondye e yo gen bonjan rezon pou yo pè retire kèlkeswa enfòmasyon ki parèt nan tèks orijinal la. — Revelasyon 22:18, 19.