Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lik 4​:​1-44

4  Apre sa, Jezi, ki ranpli ak lespri sen, kite rivyè Jouden an, e lespri a mennen l pasipala nan dezè a  pandan karant jou. Pandan l te la, Dyab la te tante l. Anplis de sa, li pa t manje anyen nan jou sa yo. Konsa, alafen, li vin grangou.  Lè sa a, Dyab la di l: “Si w se yon pitit Bondye, di wòch sa a pou l tounen yon pen.”  Men, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri: ‘Lòm pa dwe viv ak pen sèlman.’”  Apre sa, Dyab la fè l monte yon kote ki wo, epi, nan yon ti moman, li montre l tout wayòm ki sou tè a.  Epi li di l: “M ap ba w tout pouvwa sa a ak tout glwa wayòm sa yo genyen, paske pouvwa sa a, yo ban mwen l, e mwen bay moun mwen vle l.  Donk, si ou menm, ou fè yon jès pou w adore m, yo tout ap pou ou.”  Jezi reponn li: “Men sa ki ekri: ‘Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.’”  Apre sa, li mennen l Jerizalèm, li fè l kanpe sou tèt mi tanp lan, epi li di l: “Si w se yon pitit Bondye, ret kote w ye a lage kò w anba. 10  Paske, men sa ki ekri: ‘L ap bay zanj li yo lòd pou yo pwoteje w.’ 11  E men sa ki ekri ankò: ‘Y a pote w nan men yo pou w pa janm frape pye w nan yon wòch.’” 12  Jezi reponn li: “Men sa ki ekri tou: ‘Ou pa dwe pase Jewova, Bondye w la, anba eprèv.’” 13  Apre sa, lè Dyab la fin tante l règ tante l, li kite l annatandan l jwenn yon lòt bon okazyon. 14  Kounye a, anba pouvwa lespri a, Jezi retounen Galile. E bon pawòl yo t ap di sou li yo te gaye nan tout peyi ki ozalantou yo. 15  Li te kòmanse anseye nan sinagòg yo, e tout moun te onore l. 16  Apre sa, li vin Nazarèt, kote li te grandi a. Epi, li antre nan sinagòg la e li kanpe pou l li, jan li te abitye fè sa jou saba yo. 17  Epi, yo lonje woulo pwofèt Izayi a ba li, li ouvri l e li jwenn kote ki ekri: 18  “Lespri Jewova sou mwen, paske li deziyen mwen pou m anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la. Li voye m preche pou m fè konnen moun ki nan prizon yo ap libere, e moun ki avèg yo ap wè ankò. Li voye m pou m libere moun y ap toupizi yo, 19  pou m preche konsènan ane Jewova apwouve a.” 20  Apre sa, li woule woulo a, li lonje l bay sèvitè a, epi l al chita. Je tout moun nan sinagòg la te fikse sou li. 21  Epi li di yo: “Jodi a, pasaj nan Ekriti a NOU sot tande la a akonpli.” 22  E yo tout te kòmanse pale an byen de li, e yo te sezi pou bèl pawòl ki plen cham ki t ap sot nan bouch li, e moun yo t ap di: “Èske se pa pitit Jozèf la?” 23  Lè sa a, li di yo: “Siman, pawòl ki di: ‘Doktè, geri tèt ou’ a, NOU pral di l pou mwen, e konsa, ap di m: ‘Bagay nou tande w fè Kapènawòm yo, fè yo nan pwòp peyi w tou.’” 24  Men, li di yo: “Anverite m ap di NOU sa: Yo pa janm aksepte yon pwofèt nan pwòp peyi l. 25  Pa egzanp, sa m ap di NOU an se laverite: Te gen anpil vèv ann Izrayèl nan epòk Eliya a, lè lapli te fè twazan sis mwa li pa t tonbe a, e sa te lakòz yon gwo grangou tonbe sou tout peyi a. 26  Epoutan, Bondye pa t voye Eliya al jwenn okenn nan medam sa yo. Se kot yon vèv nan vil Safat nan peyi Sidon Bondye te voye l. 27  Mete sou sa, te gen anpil moun ki te gen lèp ann Izrayèl nan epòk pwofèt Elicha a. Epoutan, pa t gen youn ki te geri, men se Naamàn, mesye ki te soti nan peyi Siri a, ki te geri.” 28  Lè tout moun nan sinagòg la tande bagay li di yo, yo vin an kòlè, 29  yo leve, yo kouri avè l al pa deyò vil la, yo mennen l sou tèt mòn kote vil yo a te bati a, yon fason pou yo lage l tèt anba. 30  Men, li pase nan mitan yo l ale. 31  Apre sa, li desann Kapènawòm, yon vil nan Galile. Li t ap anseye moun yo yon jou saba. 32  Yo te ret bouch ouvè devan fason l anseye, paske li t ap pale avèk otorite. 33  Twouve, nan sinagòg la, te gen yon mesye ki te gen yon movèzespri sou li. Mesye a di byen fò: 34  “A! Ki rapò nou gen avè w, Jezi, moun Nazarèt? Èske w vini pou w detwi nou? Mwen konnen trè byen kiyès ou ye, se ou menm ki Sen an, se ou menm Bondye voye a.” 35  Men, Jezi pase l lòd, li di l: “Pe bouch ou. Sot sou mesye a!” Demon an lage mesye a atè nan mitan yo a, epi li sot sou li san l pa fè l anyen. 36  Lè sa a, tout moun yo sezi, e youn kòmanse di lòt: “Gade ki jan misye pale ak pisans ak otorite! Apa li pase movèzespri yo lòd, epi yo soti!” 37  Konsa, nan tout kafou nan peyi ki ozalantou yo, yo t ap pale de li. 38  Apre sa, li leve, li soti nan sinagòg la, l al kay Simon. Twouve, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv. Yo mande Jezi pou l fè yon bagay pou li. 39  Li panche sou li, li pase lafyèv la lòd, e lafyèv la tonbe. Menm kote a, bèlmè a leve, e li resevwa yo. 40  Men, lè solèy la t apral kouche, tout moun ki te gen moun yo k ap soufri anba tout kalite maladi te mennen malad sa yo ba li. Li poze men l sou yo chak, li geri yo. 41  Te gen demon tou ki te soti sou anpil nan yo. Etan yo t ap soti, yo t ap di byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” Men li menm, li te reprimande yo, li pa t kite yo pale, paske yo te konnen li se Kris la. 42  Men, lè l vin jou, li soti, l al yon kote ki izole. Men, foul moun yo kòmanse chèche l, e y al jis kote l te ye a, yo t ap eseye anpeche l al kite yo. 43  Men, li di yo: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” 44  Konsa, li te kontinye preche nan sinagòg ki nan Jide yo.

Nòt anba paj