17 AVRIL 2025
LARISI
Vladimir Melnik ak madanm li ak pitit fi l yo (agoch), Vladimir Piskarev (nan mitan), ak Artur Putintsev ansanm ak madanm li (adwat) lè yo te lage frè yo ki te nan prizon.
Yo lage twa frè ki te nan prizon nan peyi Larisi
Nan dat ki te 9 avril 2025, yo te lage frè Vladimir Melnik, frè Vladimir Piskarev ak frè Artur Putintsev ki te nan prizon. Anvan sa, nan dat ki te 13 oktòb 2023 a, yo te jije e yo te kondane yo chak pou yo fè sizan nan prizon. Men, piske yo te deja nan prizon depi desanm 2020, yo gentan pase tan yo te kondane pou yo pase nan prizon an.
Yo te transfere frè Vladimir Melnik nan yon prizon ki nan yon distans prèske 1 400 kilomèt parapò ak kote jijman an te fèt la, sa ki te fè l difisil pou fanmi l al wè l. Epitou, yo te mete l nan yon selil poukont li pandan tan li te fè nan prizon an. Irina, madanm Vladimir, esplike ki sa k te ede l andire, li di: “Lafwa solid Vladimir gen nan pwomès Jewova fè yo te ede l fè fas ak anpil nan difilkilte sa yo. Piske l te priye Bondye regilyèman, sa te ede l ret konsantre sou esperans li genyen an epi rete fidèl malgre eprèv li jwenn yo.
Vladimir Piskarev, lè yo te lage l sot nan prizon, k ap pale ak Tatyana, madanm li, yo kondane pou fè travo fòse.
Yo te separe toule twa frè sa yo ak fanmi yo pandan prèske katran edmi. Pou Vladimir Piskarev, separasyon an poko ap fini. Nan dat ki te 1ye mas 2024, yo te kondane Tatyana, madanm li, pou l fè dezan edmi ap fè travo fòse, epi yo te tou kenbe l nan prizon. Lè yo te mande yo ki jan sitiyasyon sa a te afekte yo, men sa Tatyana di: “Nan moman jijman yo t ap fè yo, lanmou nou gen pou Jewova, lanmou nou youn gen pou lòt, e lanmou nou gen pou lòt moun te vin pi fò. Pa gen anyen k ap chanje sa.
Yon bagay ki te ede Artur Putintsev lè te gen pwoblèm nan prizon an se bon konduit li te genyen. Men sa Lyudmila, madanm li, di: “Lè lòt prizonye yo te gen pwoblèm, Artur te pataje manje l yo avèk yo e li te aji avèk yo ak jantiyès. Li toujou ap ankouraje yo pou yo rete kalm e pou yo amikal.” Artur ak Lyudmila wè jan Jewova soutni yo pa mwayen frè ak sè yo tou. Men sa l te di: “Jewova toujou ede nou nan moman difisil nou yo. Sitiyasyon sa a ede nou wè, kèlkeswa gwo chanjman ki rive nan lavi nou, Jewova asire nou l ap toujou ede nou andire. Sèl sa nou bezwen fè, se gen yon konfyans total nan li.”
Nou di Jewova mèsi pou sipò ak sousi ki plen lanmou li bay frè ak sè n sa yo. Pandan y ap kontinye andire, nou gen konfyans Jewova pral “aji yon fason ki dwat, yon fason ki jis, nan enterè tout moun y ap toupizi yo”. — Sòm 103:6.

