8 JIYÈ 2024
LARISI
“Mwen kapab wè benediksyon yo nan lavi m”
Tribinal ki nan distri Vyselkovskiy ki nan tèritwa Krasnoda a gen pou l anonse talè konsa santans yo bay konsènan dosye frè Viktor Spirichev la. Pwokirè a deja di ki santans li vle yo bay.
Enfòmasyon pèsonèl
Nou gen rekonesans lè n konnen nou ka konte sou favè san parèy Jewova a toutpandan n ap kontinye “abiye nou ak imilite”. — 1 Pyè 5:5.
Dat ak evènman ki te pase
13 fevriye 2022
Otorite yo te fouye omwen 25 kay Temwen Jewova nan Vyselki ak nan Berezanskaya, kay Viktor ak Larisa pami yo
23 me 2023
Yo ouvri yon ankèt sou li kòm kriminèl. Yo akize l kòmkwa l ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon ki estremis. Yo bloke kont li labank
11 jiyè 2023
Otorite yo pase l entèwogatwa
22 jiyè 2023
Yo pase l yon dezyèm entèwogatwa. Yo entèdi l vwayaje
30 janvye 2024
Jijman l kòm kriminèl kòmanse

