Kreyòl ayisyen
Yo pale sou travay tradiksyon Temwen Jewova yo ap fè nan peyi Filipin nan Konferans entènasyonal lang manman pou ane 2021 an
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/702021251/univ/art/702021251_univ_sqr_xl.jpg

Frè Elnathan Lee (anlè) ak frè Israel Aves (anba) ki soti nan filyal Filipin nan te fè prezantasyon pandan Konferans entènasyonal lang manman pou ane 2021 an.

26 AVRIL 2021
FILIPIN

Yo pale sou travay tradiksyon Temwen Jewova yo ap fè nan peyi Filipin nan Konferans entènasyonal lang manman pou ane 2021 an

Yo pale sou travay tradiksyon Temwen Jewova yo ap fè nan peyi Filipin nan Konferans entènasyonal lang manman pou ane 2021 an

Konferans entènasyonal lang manman an se yon konferans ki konsène moun k ap anseye, moun k ap fè lwa, moun k ap fè rechèch ak espesyalis ki sot nan 12 peyi. Yo te fè l pa mwayen videyo konferans soti 21 fevriye rive 20 mas 2021. Se doktè Ricardo Ma. Nolasco, ki nan depatman Lengwistik inivèsite Filipin Diliman, ki te prezide konferans lan. Li te envite moun ki reprezante filyal Filipin pou yo patisipe konferans lan. Nan dat 9 mas 2021, frè Elnathan Lee ak frè Israel Aves, de tradiktè, te fè kèk prezantasyon kote yo te pale de travay tradiksyon Temwen Jewova yo ap fè a. Gen 320 moun ki te asiste evènman sa a pa mwayen videyo konferans.

Selon doktè Ricardo Ma. Nolasco, yo te fè yon ankèt nan peyi Filipin ki te montre liv yo plis li anplis liv lekòl yo se Labib. Donk, gen yon pati nan konferans lan ki te gen tit “Tradiksyon Labib nan lang ki gen Filipin yo”. Se sou sa frè nou yo te pale.

Tit prezantasyon frè Aves te fè a se te: “Egzak, fasil pou moun li oswa toude? Divès lang ki gen nan peyi a ak defi ki gen nan tradui Bib la”. Li te fè yon ti pale sou fason moun ki t ap tradui Labib — Tradiksyon monn nouvo a (NWT) te fè yon fason pou tradiksyon y ap fè a nonsèlman egzak men anmenmtan fasil pou moun li. Frè Aves te di moun ki t ap koute yo: “Prensipal misyon Temwen Jewova yo se ede moun konprann Bib la, se sa k fè yo fè efò pou Tradiksyon monn nouvo a ka disponib menm nan lang anpil moun pa pale. Li disponib gratis sou Entènèt oubyen nan fòma enprime nan kongregasyon Temwen Jewova yo. Konsa, si nou vle, nou ka verifye pèsonèlman si tradiktè yo te fè yon bon travay pou pèmèt Pawòl Bondye a egzak epi fasil pou moun li.”

Frè Lee te fè yon prezantasyon ki gen tit: “N ap rasanble moun ki sot nan tout nasyon ak nan tout lang. Travay tradiksyon san fwontyè Temwen Jewova yo ap fè a.” Nan prezantasyon sa a, li te montre nan ki nivo travay tradiksyon Temwen Jewova yo ap fèt. Li te fè konnen gen plis pase 6 000 tradiktè, ak moun k ap ede yo, k ap fè travay sa a. Li te fè yon ti pale tou sou fason travay tradiksyon nou an te kòmanse toupiti nan fen ane 1800 yo ak fason li te kontinye grandi rive jis jodi a. Li te montre sit Entènèt jw.org la, sit Entènèt yo plis tradui sou tout tè a, te rive nan yon nivo ki estrawòdinè an novanm 2019 lè l te vin disponib nan plis pase 1 000 lang.

Men sa frè Lee te di nan fen prezantasyon l lan: “Moun ki patisipe nan tradui piblikasyon Temwen Jewova yo konsidere travay yo a se yon sèvis piblik ki enpòtan e objektif travay sa a se fè tradiksyon moun ka konprann yon fason pou moun sou tout tè a ka aprann ladan yo epi jwenn rekonfò ladan yo.”

Nou vrèman kontan jwenn posiblite pou n fè lòt moun konnen travay tradiksyon n ap fè a. Jodi a, plis pase nenpòt lòt lè, nou jwenn prèv ki montre bon nouvèl la rive jwenn “moun tout nasyon, tout tribi, [ak] tout lang”. — Revelasyon 14:6.

Yo pale sou travay tradiksyon Temwen Jewova yo ap fè nan peyi Filipin nan Konferans entènasyonal lang manman pou ane 2021 an26 AVRIL 20212021-04-26