Kreyòl ayisyen
Yon dife forè toupre Syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Nouyòk, Ozetazini.
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/702024267/univ/art/702024267_univ_sqr_xl.jpg

Dife forè k ap boule nan nòdwès Betèl Wowik la nan Jennings Creek.

14 NOVANM 2024
ETAZINI

Yon dife forè toupre Syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Nouyòk, Ozetazini.

Yon dife forè toupre Syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Nouyòk, Ozetazini.

Nan dat ki te 9 novanm 2024 la, yon dife forè te kòmanse nan yon distans anviwon de kilomèt nan direksyon nodwès toupre Syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Wòwik, Nouyòk, Ozetazini. Dife sa a ki t ap avanse tou dousman te gentan boule plis pase 2 000 kawo tè. Otorite lokal yo fè konnen dife a kapab pèsiste jiskaske lapli tonbe nan zòn nan.

Pou kounye a, pa gen yon gwo menas pou bilding Betèl yo nan zòn nan, sa gen ladann Wòwik, chantye konstriksyon Ramapo a ak stidyo ki toupre Tòksido a. Sepandan, frè nou yo kontinye rete vijilan e yo pran bonjan dispozisyon pou pwoteje fanmi Betèl la ak bilding yo (Pwovèb 22:3). Frè Luke Saladino, k ap sèvi antanke manm Komite filyal Etazini an, di: “Apre dife a te kòmanse, san pèdi tan nou te asiyen plizyè frè nan Wòwik pou siveye dife a 24 sou 24. Yo te asiyen yon ekip ijans, ki gen ladan l frè ak sè, pou retire tout fèy sèch ki te tonbe toupre bilding yo, pou yo vide dlo anba plant ki sou tèt bilding yo e pou yo pran lòt dispozisyon pou pwoteje bilding yo. Anplis de sa, nou te ankouraje manm fanmi Betèl Wòwik la pou yo prepare valiz sekou yo e pou yo prepare yo pou yo deplase si sa nesesè. Erezman, jiska prezan, li pa t nesesè pou yo deplase.”

Plizyè frè k ap vide dlo anba pyebwa ki sou pwopriyete Wòwik yo pou anpeche yo pran dife. Yon elikoptè k ap pran dlo nan Blue Lake ki toupre a pou vide sou dife a.

Ponpye yo ak ekip ijans nan zòn ki toupre yo travay san pran san souf pou yo ka rive kontwole dife a. Pou n montre apresyasyon nou pou moun k ap travay pou etenn dife a, plizyè depatman nan Betèl la travay ansanm pou yo rive ba yo manje, dlo pou yo bwè ak lòt bagay ankò. Frè Saladino ajoute: “Nou remèsye tout gason ak fi sa yo pou travay di yo fè an favè nou menm ak vwazen nou yo nan kondisyon danjere sa yo.”

N ap kontinye priye pou Jewova bay tout moun dife forè sa a afekte “sajès” e pou l ede yo “aprann reflechi”. (Pwovèb 3:21.)