Kreyòl ayisyen
Tradiskyon monn nouvo a parèt ann antye nan de lang pandan mwa me 2025 lan
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/702025062/univ/art/702025062_univ_sqr_xl.jpg

2 JEN 2025
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Tradiskyon monn nouvo a parèt ann antye nan de lang pandan mwa me 2025 lan

Tradiskyon monn nouvo a parèt ann antye nan de lang pandan mwa me 2025 lan

Kisi

Nan dat 25 me 2025 lan, frè Winston Bestman, yon manm komite filyal peyi Liberya, te fè konnen Labib —Tradiksyon monn nouvo a parèt ann antye nan lang kisi. Yo te fè anons lan nan yon reyinyon espesyal ki te fèt nan lang gekedou, nan peyi Gine, e te gen 1 029 moun ki te la. Te gen 2 467 moun ki te suiv pwogram nan an dirèk sou Entènèt plizyè kote nan Foya, nan peyi Liberya, ak nan Koyindou, nan peyi Syera Leyòn. Yo te bay moun ki te asiste pwogram nan vèsyon enprime Bib la. Yo te ka telechaje tradiksyon Bib la sou jw.org ak nan aplikasyon JW Library a menm kote a. Apre sa, yo te fè konnen vèsyon odyo Tradiksyon monn nouvo a nan lang kisi t ap disponib pou telechaje ofiramezi.

Gen anviwon yon milyon moun ki pale lang kisi nan yon zòn yo rele Kisilann, ki sou fwontyè peyi Gine, Liberya, ak Syerya Leyòn. Nan tèritwa peyi Liberya, gen plis pase 1 200 frè ak sè ki nan 29 kongregasyon lang kisi ak yon gwoup lang kisi. Temwen ki pale lang kisi yo kontan anpil poutèt yo gen tradiksyon Bib la ann antye, ki egzak e ki sèvi ak Jewova, non pèsonèl Bondye.

Pidjin salomónyen

Nan dat 25 me 2025, frè Jeffrey Winder, yon manm Kolèj santral la, te fè konnen Labib —Tradiksyon monn nouvo a parèt ann antye nan lang pidjin salomónyen. Yo te fè anons lan nan yon reyinyon espesyal ki te fèt nan Onyara, kapital zile Salomon. Te gen 2 317 moun antou ki te la an pèsòn. Gen 1 695 moun ki te nan de zòn sou zile Malayta ki te suiv pwogram nan an dirèk sou Entènèt. Tout moun ki te suiv pwogram nan te resevwa vèsyon enprime tradiksyon Bib la nan lang pidjin salomónyen. Epitou, yo te kapab telechaje tradiksyon Bib sa a sou jw.org ak nan aplikasyon JW Library a.

Temwen Jewova yo te kòmanse preche bon nouvèl la sou zile Salomon an 1953. Jodi a, zile sa a gen anviwon 757 000 moun ki pale plis pase 70 lang peyi a. Menmsi anglè se lang ofisyèl peyi a, pidgin salomónyen se lang moun plis pale sou zile Salomon. Jodi a, gen anviwon 2 100 frè ak sè ki pale lang pidjin salomónyen ki nan 38 kongregasyon ki nan tout peyi a.