Reyinyon kongregasyon nou yo
Enfòmasyon sou reyinyon nou yo. Chèche yon kote nou fè reyinyon ki toupre lakay ou.
Ki jan reyinyon nou yo dewoule?
Temwen Jewova yo òganize reyinyon de fwa pa semèn pou yo ka adore Jewova (Ebre 10:24, 25). Nan reyinyon sa yo, kote nenpòt moun ka asiste, nou egzamine sa Bib la di ak fason nou ka aplike konsèy Bib la bay yo nan lavi nou.
Moun yo nan asistans lan kapab patisipe nan pifò reyinyon nou yo. Se tankou yon konvèsasyon k ap fèt nan yon klas. Nou kòmanse reyinyon yo e nou fini yo ak yon kantik e yon priyè.
Ou pa bezwen Temwen Jewova pou w asiste reyinyon nou yo. Nou envite tout moun vin asiste avèk nou. Ou pap peye pou plas ou chita a. Nou pa janm fè lakòlèt.
Memoryal lanmò Jezi
Yon fwa chak ane, nan plizyè milye kote sou tè a, nou komemore lanmò Jezi. Nou fè sa paske Jezi te bay disip li yo lòd ki vin apre a: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.
” (Lik 22:19). Ane pwochèn, n ap selebre Memoryal la lendi 14 avril 2014. Nou envite w vin asiste evènman espesyal sa a ansanm avèk nou. Nenpòt moun kapab vin asiste reyinyon sa a, menm jan ak tout lòt reyinyon nou yo. Ou pap peye pou plas ou chita a e nou pa janm fè lakòlèt.

