Kongrè nou fè chak ane
Enfòmasyon sou kongrè nou fè chak ane. Chèche konn yon kote yo fè kongrè ki toupre lakay ou.
‘Pawòl Bondye a se laverite!’
Nou kontan envite w vin asiste kongrè Temwen Jewova yo ap fè ane sa a, l ap dire twa jou.
KÈK PATI ENTERESAN:
Bèl diskou ki gen tit “Sa k laverite a?” pral montre poukisa nou ka kwè nan Labib, Pawòl Bondye a.
Y ap jwe de dram k ap fè istwa biblik yo vin pi enteresan e k ap ede n tire leson ladan yo.
KI MOUN KI KA ASISTE L:
Tout moun. Ou pap peye pou w antre, e yo pap fè lakòlèt.

